Español English French Kwéyol

Dwa pou Kominike nan Sosyete Enfòmasyon an

Espoze nan kad chita koze Gwoup Medyaltenatif

Medam, mesye, bonswa.

Mwen pral ban nou yon rezime sou rezolisyon ki sòti nan rankont ki te reyini divès delege peyi Amerik Latin ak Karayib, soti pou rive 12 jen, nan vil Kito, peyi Ekwatè. Se Ronald Colbert, administratè Gwoup Medyaltènatif, ki te reprezante karayib la ak sipò Asanble Pèp Karayib yo.

Te gen yon trantèn fanm ak gason ki te patisipe nan woumble a ki te tabli sou tèm " Poukisa non, nou pa genyen yon Sosyete Kominikasyon ".

Se nan okazyon 25 kyèm anivèsè Ajans Latinoameriken Enfòmasyon, ki gen ti non jwèt ALAI, diskisyon yo te fèt sou banyè Oganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti (ki gen ti non jwèt UNESCO), Asosyasyon Mondyal pou Kominikasyon Kretyen (WACC) avèk Pwogram LatinoamerikenMwayen Kominikasyon ki andedan Fondasyon Friedrich Ebert Stiftung.

Rankont, ki te soti 10 pou rive 12 jen 2002 a, te fèt tou nan kad Kanpay anfavè Dwa pou Kominike nan Sosyete Enfòmasyon an (Campaign for Rights in the Information Society, CRIS, yon ti non jwèt an angle).

Objektif ALAI t ap rapousuiv, se te : mete kanpe yon ajennda travay kòrèk (yon kalandriye fondamantal) pou fè vanse kòz demokratizasyon kominikasyon an, non sèlman nan kad Woumble Mondyal sou Sosyete Enfòmasyon an, men tou nan kad mouvman ak inisyativ sosyal sitwayen yo ap pran anfavè koz demokratizasyon kominikasyon an.

Pou rive nan objektif sa yo, ALAI te vle pou delege yo rive :
- boukante enfòmasyon sou Woumble Mondyal sou Sosyete Enfòmasyon an ak lòt inisyativ k ap fèt kounye a nan menm sans lan, tankou CRIS ak Fowòm Sosyal Mondyal la ;
- antann yo sou yon seri pwen pou prepare Woumble Mondyal sou Sosyete Enfòmasyon an ak premye reyinyon preparasyon Woumble sa a ki te gen pou fèt an jiyè 2002 (reyinyon preparasyon sa a deja fèt) ;
- defini kèk zouti estrateji pou aksyon yo pral tanmen pi devan yo tonbe daplon.

Nan finisman 3 jou brase lide, kote yo te fouye divès kesyon, espesyalman andedan 3 gwoup travay, fanm ak gason delege Amerik Latin ak Karayib yo te di yo dakò ak pwen ki parèt nan dokiman ki te distribye sou Dwa pou Kominike a, Dwa Kominikasyon sitwayen yo genyen nan Sosyete Enfòmasyon an.

Fanm ak gason delege yo te di tou li nesesè pou gen aksyon espesyal ki fèt nan chak peyi sou koze Dwa Kominikasyon an. Yo te dakò tou pou yo kontinye, yon fason regilye, boukante lide andedan espas ki nan zòn Amerik latin ak Karayib yo, toujou sou menm kozman sa a.

Men, yo te poze tèt yo kesyon sou :
- ki yès, ki enstitisyon ki pral anchaje pou mennen aktivite yo epi pou fè pwopozisyon ki soti yo pran jarèt ;
- ki jan yo pral rive nan mete kanpe demach ak estrikti suivi yo ;
- Konsidere ajennda travay yo deja prevwa yo, epi wè ki jan y ap fè ajennda travay sa yo antre nan plan rejyon an ;
- Kouman pou makònen aksyon ant Fowòm Sosyal Mondyal ak kanpay CRIS la.

Pami zouti suivi yo te asepte mete kanpe, delege yo te swete pou chak òganizasyon, enstitisyon oswa rezo ki te patisipe nan woumble a ta tabli kontak ak komisyon nasyonal UNESCO lakay yo chak, epi pou yo konsidere ki kalite bourad yo ka jwenn nan men teknisyen yo epi ki kalite kout men reprezantan sosyete sivil ka ba yo tou. Yo mande pou yo rann piblik inisyativ yo pral chwazi nan Fowòm Sosyal Mondyalmwa daou 2002 a.

Patisipan nan woumble latino ameriken " Poukisa non, nou pa genyen yon Sosyete Kominikasyon " te deklare gen apil travay ki pou fèt, anvan yo rive tabli nan chak peyi yon politik piblik sou Dwa Kominikasyon, Dwa pou moun Kominike youn ak lòt, paske sa mande espas refleksyon ak boukantay esperyans, tankou sa fèt nan Fowòm Sosyal Mondyal la ki se yon pakèt esperyans ki rankontre.

Men, chak rezo, òganizasyon, enstitisyon te pran angajman pou fè suivi kòmsadwa sou woumble a ALAI te òganize nan okazyon 25 lane li a.

Delege Gwoup medyaltènatif la te pran angajman, sou bò pa l, pou l mete piblik an Ayiti a okouran de lide yo te diskite pandan woumble a, espesyalman atravè ajans elektronik AltèPrès. Lè delege a retounen an Ayiti, Gwoup Medyaltènatif te gen pou defini ki jan li pral pote kole nan kanpay CRIS la.

Yon lòt bò, delege GM lan te remèt yon rapò sou woumble a bay Asanble Pèp karayib la ki gen, limenm, pou idantifye ki kalite suivi li pral fè pou fè pwomosyon Dwa Kominikasyon an nan peyi Karayib yo.

Delege ki te patisipe nan gwoup travay sou Fowòm Sosyal Mondyal la te swete pou rezo,òganizasyon ak enstitisyon yo rive pouse yo tabli yon ajennda mondyal sou kominikasyon, alòske sila ki te nan gwoup travay sou Woumble Mondyal sou Sosyete Enfòmasyon an te di li nesesè pou dwa Kominikasyon an antre andedan Dwa Moun yo.

Kanta patisipan nan gwoup travay sou kanpay CRIS la, yo te gen anpil sousi sou :
- fason pou mete kanpe plan nasyonal ki arevwa ak revandikasyon popilasyon yo sou kesyon Dwa kominikasyon an ;
- ki sa k dwe fèt pou regle kesyon Entènèt lan, fè l koresponn ak lalwa ak regleman ;
- ki jan y ap jere non oswa adrès eletronik .org yo ;
- relasyon ant lalwa ak medya kominotè yo ;
- patisipasyon tout bon nan medya piblik yo ;
- pwoblèm pou moun jwenn posiblite kominikasyon, pou kominike youn ak lòt, ak pwoblèm politik piblik, politik Leta nan Kominikasyon ;
- posiblite pou enstitisyon ak / oswa òganizasyon ki gen paj web, espas Entènèt yo, pou yo mete ak ranfòse dokiman yo genyen ;
- kesyon ki yès k ap gen pou diskite ak Leta, pou pran lapawòl nan mwayen kominikasyon pou tout moun yo ;
- zafè resous yo tou, ki bò, ki kote, nan men ki sous lajan yo ka jwenn bourad pou kanpay CRIS la ak pou enstitisyon, rezo ak òganizasyon al patisipe nan Woumble Mondyal sou Sosyete Enfòmasyon an ;
- ki sa k dwe fèt pou òganizasyon, rezo, enstitisyon jwenn lese pase pou patisipe nan WoumbleMondyal sa a ;
- èske, nan kad kanpay CRIS la, li posib pou chita ak tout sektè (Leta, biznis prive), menm si kesyon sa a gen arevwa ak kondisyon espesyal ki ekziste nan chak peyi.

Nan woumble ki te fèt Quito soti 10 pou rive 12 jen 2002 a, delege yo pa t pran okenn pozisyon " pwenn fè pa, se sa ou se pa sa ". Yo te pito di, se nan chak peyi, òganizasyon, rezo ak enstitisyon yo kapab defini ki kalite relasyon yo pral genyen ak gouvènman yo. Paske, gen anpil esperyans politik depaman ki fètnan chak peyi, ki makònen ak mouvman sosyal andedan peyi sa yo, ki makònen tou ak desizyon òganizasyon,enstitisyon oswa rezo yo chwazi pran.

Woumble Mondyal sou Sosyete Enfòmasyon an dwe fèt an 2 tan : soti 10 pou rive 12 desanm 2003 nan vil Jenèv, nan peyi Lasuis ak an 2005 nan vil Tinis nan peyi Tinizi.

Se nan dat 21desanm 2001 Asanble jeneral Nasyon Zini te pran rezolisyon 56 / 183 pou òganize WoumbleMondyal sou Sosyete Enfòmasyon an. Epi se bay Inyon Entènasyonal telekominikasyon (UIT) yo te remèt òganizasyon woumble sa a.

Nan rankont latinoameriken ki sot fèt Kito a, delege yo te poze anpil kesyon poukisa se UIT, poukisa se pa UNESCO, yo te anchaje òganize woumble sou sosyete mondyal enfòmasyon an, paske UIT plis okipe de zafè teknik, alòske Sosyete Enfòmasyon an se pa sèlamn yon kesyon teknik li ye.