Kominike Jistis ak Lapè
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 26 out 2011
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè ap sonje : jou 28 out, sa ap fè 17 lane depi yo asasinen Pè Jean Marie Vincent. Se te nan aswè dimanch 28 daou 1994, lè yon bann asasen, Lajistis pa janm idantifye, touye Pè a devan kay kote l te rete a ak bal.
Pou nou menm nan Komisyon an, Pè Jean Marie Vincent rete yon moun ki te kanpe tennfas ak tout fòs kouray Bondye te ba li pou defann peyizan, pòv ak malere. Tout moun ki te rankontre ak li, te konnen l pou kouray ak deteminasyon l. Li t ap defann lavi moun pòv ak viktim kont tout fòs lamò. Chapoba pou li.
Sa fè 17 lane asasen yo ap jwi enpinite. Lajistis te arete plizyè moun yo te sispèk epi kabinè enstriksyon te libere yo nan yon òdonans li te mete deyo. Men depi lè a, Lajistis pa janm te chèche epi idantifye vre koupab yo.
Nan menm mwa out sa a toujou, nou t ap sonje Pè Ti Jean Pierre Louis ki li menm tou mouri anba bal asasinen ki te ba l yon bal nan bouch nan Avni Chili, jou ki 3 out 1998, san yo pa janm di kilès ki koupab la ak ki sa k motif zak la. Laverite pa dwe pale.
Enpinite se maladi k ap manje sosyete a ansanm ak koripsyon, laperèz ak tout lòt bagay ki fè Lajistis pa janm rive pran reskonsablite. Enpinite a defigire sosyete nou an.
Enpinite ak vyolans frape tout kalite moun. Moun divès ran sosyal ak lide politik, paske entolerans nan sosyete a anpil. Lis viktim yo long si n ta bezwen nonmen tout moun ki te tonbe epi k ap tann pou jwenn jistis nan peyi a. Onè Respè pou tout viktim sa yo.
Li lè li tan pou enpinite ak voye wòch kache men sispann nan peyi a.
Li lè li tan pou vyolans, touye moun ak asasinay sispann nan peyi a. Asasen ak konplis yo pa dwe kontinye mache lib e libè. Fòk sa sispann.
Li lè li tan pou vyolans sispann kòm metòd ak zouti pou fè politik. Gen lòt fason pou fè jesyon pouvwa nan peyi a.
Nan okazyon anivèsè sa a, Komisyon an wete chapo l byen ba devan tout viktim vyolans ak asasinay, nenpòt pou ki rezon ak motif yo tonbe, paske vyolans ak entolerans pa dwe jwenn plas yo nan sosyete nou an. Lavi se yon dwa. Tout moun lib pou defann opinyon l ak tout mwayen lalwa pèmèt yo.
Peyi a pa kapab ankò. Ayisyen ak Ayisyèn merite viv nan yon lòt sosyete, kote se lalwa k ap dirije, kote sitwayen ak sitwayèn konn rezoud konfli ak diferan yo nan dyalòg selon sa k kòrèk.
Nou pa p bay legen, fòk Lajistis fè jistis epi pran reskonsablite l.
Pou Komite Direktè a, P. Jan Hanssens, Direktè