Español English French Kwéyol

Ayiti-Etazini : "28 jiyè, yon dat madichon pèp ayisyen an pap janm bliye"

Moso nan kominike Tèt Kole Oganizasyon Popilè yo, MODEP, BRI KOURI, MOLEGHAF, GREPS, Batay Ouvriye, nan okazyon 96èm anivèsè debakman Meriken an Ayiti

AlterPresse resevwa dokiman sa a 27 jiyè 2011

28 Jiyè 1915-28 Jiyè 2011, sa fè 96 lane depi lame enperyalis Etazini yo te debake nan peyi a pou yo te okipe nou pandan 19 lane, touye anpil pitit peyi a, bwote tout richès peyi a. 96 lane aprè gwo pisans enperyalis yo ak Neyokolonyalis yo kouwè : Etazini, Kanada ak Lafrans sèvi ak yon bann gouvènman sousou nan peyi yo te okipe, tankou : Brezil, Ajantin, Chili elatriye pou fè dappiyanp sou Ayiti. Gwo pisans sa yo sèvi tou ak òganizasyon mondyal ak rejyonal yo tankou : ONU, OEA, Union Europenne, FMI, Banque Mondiale, BID, pou okipe, domine epi eksplwate bout tè papa Dessalines lan.

Depi plis pase 7 lane, gwo peyi enperyalis yo anba chapo Loni, sou etikèt MINUSTAH debake nan peyi a, pou yon twazyèm fwa, pou yo kontinye domine pèp ayisyen an, anpeche l chache wout devlopman ak pwogrè. Depi premye Jen 2004, sòlda MINUSTAH yo domestike enstitisyon repiblikèn, yo touye Ayisyen, yo vyole dwa moun yo ak dwa pèp ayisyen an pou l deside pou peyi l, yo foure bouch yo byen fon nan zafè politik peyi a, pou yo di ki moun y ap mete prezidan, Senatè, depite ak Premye Minis, yo fè masak sou moun nan katye popilè yo, yo vyole jenn fi, dènye pou ki pou touye koukou a, se nan mwa Oktòb 2010 la, yo lage yon epidemi Kolera nan peyi a ki deja touye plis pase 7 mil moun.

Nou menm òganizasyon popilè, pwogresis sa yo nou di sitiyasyon sa a pa ka rete konsa, fòk MINUSTAH kite peyi a, Fòk ONG yo sispann souse san mas pòv yo, Fòk gwo pisans enperyalis yo bay Ayiti yon chans pou l pran wout devlopman ak pwogrè.

Nou menm òganizasyon sa yo nou pwofite okazyon 28 jiyè, yon dat madichon pèp ayisyen an pap janm bliye, nan listwa l pou egzije yon lòt fwa ankò depa fòs okipasyon LONI an nan peyi Dayiti. Sòlda Minustah yo pap regle anyen nan peyi a, se Kolera li pote, se moun nan katye popilè yo y ap teworize. Nou mande jistis ak reparasyon pou tout viktim Kolera yo. (…)

Aba Okipasyon
Aba MINUSTAH/Kolera
Aba Rekonstriksyon Pèpè
Viv Ayiti lib
Viv Lit pèp Ayisyen an

Pou otantifikasyon :
Guy Numa
Yves Pierre-Louis