Español English French Kwéyol

Nouyòk - Konferans deba

Refleksyon kritik sou 200 an Ayiti

Tèks Inisyativ Ayiti 2004 pou anonse aktivite a

AlterPresse resevwa dokiman sa a 5 fevriye 2004

KOTE PWOMES 7 FEVRIYE 1986 YO ?

Se mas yo ki fè listwa. Se mas ansyen esklav yo ki te fè 1804. Men tousuit apre 1804, yon ti ponyen jwisè te fè dap-piyanp sou richès peyi a, e te mete sou pye yon leta piyajè ak kraze-zo pou garanti privilèj klas yo. Avèk lokipasyon an 1915, leta peze-souse sa a vin pran dezyèm mak fabrik yon leta restavèk, ki osèvis dominasyon peyi sousè yo, ak asosye yo nan boujwazi a. Jodi a leta peze-souse, leta restavèk sa a, vin pran yon twazyèm mak fabrik: yon leta degraba, yon leta an dekonpozisyon, ki mete peyi a an likidasyon.

Tout kouch nan sosyete a rele anmwe kont leta degraba sa a. Jodi a, se etidyan yo avèk entelektyèl konsyan nan peyi a ki nan avan-gad lit la. Oganizasyon popilè otonom yo, sa Lavalas ak US-AID pat rive kowonp yo, komanse remanbre tèt yo, pou jwe patisyon pa yo nan transfomasyon leta ak sosyete a, pou demokrasi ak transparans, jistis ak lavi miyò kapab fleri finalman pou tout Ayisyen.

Dyaspora a genyen patisyon pa li pou li jwe nan konjonkti sa a. Lè Ayisyen nan emigrasyon an fè eko a mobilizasyon pèp la ann Ayiti, genyen plis chans pou lopinyon entènasyonal tande vwa yo. Depi 5 desanm, etidyan, mouvman fanm yo, entelektyèl ak eleman pwogresis nan kan pèp la ap voye S.O.S. pou dyaspora a mobilize ansanm avèk yo.

Inisyativ Ayiti 2004 nan NY, pou favorize yon refleksyon kritik sou 200 zan endepandans peyi a, envite kominote a nan yon konferans-deba, dimanch 8 fevriye a 4P p.m. nan oditoryòm lekòl Walt Whitman, ki nan Veronica Place ak Snyder Avenue, nan Brooklyn. Nan konferans sa a, genyen 2 reprezantan Inisyativ Ayiti 2004 ki pral trase yon bilan kritik 200 zan endepandans peyi a, epi 2 reprezantan Kolektif Non ann Ayiti ki pral prezante pozisyon entelektyèl ak atis yo nan konjonkti kriz la ann Ayiti. Patisipan yo ap genyen chans poze kesyon epi fè tande opinyon pa yo.

Conférence-Débat B N.Y.

Dimanche 8 Février 2004 (4 pm - 8 pm.)

Auditorium Ecole Walt Whitman (I.S. 246)

Snyder Ave. & Veronica Place (Brooklyn)

(Tren # 2, desann Church Ave; Otobis 35, desann Rogers; Otobis 41, 44, 49, desann Snyder)

Pou plis enfomasyon:Initiative Haiti 2004, (718) 284-0889;

Email:initiative2004@yahoo.com

Pou otantifikasyon :

Daniel Simidor Karioka9@arczip.com