Lèt tou louvri Jacques Pierre* pou prezidan eli Michel Martelly
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 9 me 2011
Prezidan : Joseph Michel Martelly
Nan non tout pèp ayisyen an m ap felisite ou pou gwo viktwa ou ranpòte a dapre rezilta ofisyèl Konsèy Elektoral Pwovizwa a bay nan dat 20 Avril 2011. Prezidan, nan diskou ou te fè nan dat 5 Avril 2011, ou te di ou se prezidan tout ayisyen, konsa m kwè gouvènman ou an pral travay pou amelyore lavi tout moun, epi li pral respekte dwa tout ayisyen ansanm ak tout moun k ap viv nan peyi d Ayiti.
Mwen-menm ki se yon lengwis ak edikatè tou, m ap pwofite okazyon sa a pou m di ou yonn nan dwa fondamantal pèp ayisyen an ki merite respekte tèt kale se dwa lengwistik li. Tout ayisyen ki fèt epi ki grandi nan peyi d Ayiti, nou tout nou pale kreyòl. Se vre gen yon ponyen moun ki pale franse tou ; men, kreyòl se sèl lang tout ayisyen ka itilize pou yonn pale ak lòt san pwoblèm. Atik 5 nan Konstitisyon 1987 la di « Kreyòl se sèl grenn lang ki simante tout pèp ayisyen an », konsa n ap mande ou pou respekte dwa lengwistik pèp ayisyen an pannan senk an ou pral pase sou pouvwa a. Se va ayibobo pou ou si pèp ayisyen an ta wè ; atik 5, 24-3, 40, ak213 ki nan Konstitisyon 1987 la aplike tout bon vre pannan manda ou a.
Prezidan, m ta swete ou mete sou pye yon ekip kominikasyon pou kreye yon sitwèb kote tout ayisyen ka jwenn enfòmasyon an kreyòl ak franse sou sa Prezidans lan ap fè. Se enpòtan tou pou jounal ofisyèl peyi a ki se « Le Moniteur » pibliye tout enfòmasyon yo an kreyòl ak franse. Menm jan an tou, tout papye ofisyèl leta yo dwe soti nan de lang yo, e anplwaye leta yo dwe pale kreyòl ak tout ayisyen ki bezwen sèvis nan biwo leta yo. Pou fini, m swete gouvènman ou an ta kreye yon biwo tradiksyon nan Sekreteri d Eta Alfabetizasyon an pou tradui dokiman nan syèk pase yo ki sèlman egziste an franse. Si gen yon biwo tradiskyon ki egziste deja, m swete ou va kore li e ba li tout mwayen pou l travay paske chaje ak dokiman ki merite tradui an kreyòl. Antan biwo tradiksyon an ap tradui dokiman anvan yo, m swete tout dokiman k ap gen pou parèt depi premye jou ou monte sou pouvwa a ap disponib an kreyòl ak franse. Prezidan, m kwè gen ase resous pou tout sa m di yo la rive reyalize ; konnya kesyon volonte a nan men ou.
Prezidan, nan tout kwen ak rakwen ou te vizite nan peyi a pannan ou t ap fè kanpay, ou te pale lang manman ou tèt kale. Se kon sa pèp la te konprann ou tèt kale : kreyòl pale, kreyòl konprann. M swete ou pa mete pèp la a kote jou 14 me a. M swete ou pa fè yon diskou an franse, ki se yon lang majorite popilasyon an pa konprann. Epi tou pale lang manman ou se pale ak tout pèp ayisyen an, se envite tout ayisyen reflechi sou diskou ou a, fè koumantè, epi bay dizon pa yo. M espere diskou 14 me a pa pral yon diskou ki gen de twa bout fraz an kreyòl epi rès la an franse. Si se sa, sa ap montre tout bon vre depi moun fin chèf nan peyi d Ayiti, yo pa bezwen pèp la ankò. Konsa, yo pa pale pou pèp la konprann paske se vòt pèp la ki konte ; men, vwa li pa konte. M ta kontan wè vòt pèp la ak vwa pèp la fè yonn pou n rive mete Ayiti kanpe sou de pye l ak patisipasyon tout peyizan yo.
Prezidan, gen moun ki panse ou ta dwe fè diskou ou an franse pou diplomat ak moun ki nan Kominote Entènasyonal la ka konprann ou. Men, misyon diplomatik yo gen entèprèt. E si kèk nan yo pa ta va gen entèprèt, gouvènman ou an kapab jwenn moun ki pou entèprete pou yo. Ou pa ta dwe sèvi ak entèprèt pou tradui pou majorite pèp la. Si ou pa te fè sa nan kanpay la, pou ki sa se konnya ou ta vle fè sa ? Donk se enpòtan depi premye jou a pou montre gouvènman ou an pa pral kontinye ak diskriminasyon lengwistik ki egziste nan peyi sa a depi ti kòkonm ap goumen ak berejenn.
Prezidan, m swete ou bon travay. Nou konnen travay la pa fasil. M envite tout moun pou travay tèt kale ak gouvènman ou an paske si ou echwe se tout peyi a ki echwe tou. Li klè tout ayisyen konsekan kit yo te vote pou ou, kit yo pa te vote pou ou pa ta swete peyi a pi mal pase jan l ye a paske pi mal pase sa se lanmò pou nou tout. Konsa, m ap mande tout lòt pwofesyonèl ki gen ekspètiz nan lòt domèn pou mete tèt yo ansanm pou kritike ansanm ak pwopoze solisyon yo panse ki kapab ede gouvènman an lè li fè yon fo pa. Pou sa rive fèt, li enpòtan pou Prezidans lan ansanm ak biwo premye minis la kreye yon sitwèb ki gen yon espas kote tout gwoup pwofesyonèl yo kapab bay opinyon yo ansanm ak fè pwopozisyon nan lòd ak disiplin san pèsonn pa atake pèsonalite moun k ap jere peyi a.
Viv yon Ayiti kote pèsonn pa sèvi ak yon lang kòm baryè pou anpeche n dekouvri bon jan lide chak grenn ayisyen genyen nan tèt li. Konsa, tout moun va patisipe nan rekonstriksyon peyi a tèt kale. Men anpil chay pa lou.
Ak anpil respè,
Kawolin di Nò, Etazini, 8 me 2011
…………………..
* Lengwis/Tradiktè
Pwofesè : Etid Kreyòl, Kilti Ayisyen, Franse
Duke University, Durham, North Carolina