Ti chèz ba

Ayiti-Ogmantasyon pri gaz : « Dènye kou mòtèl gouvènman Preval-Belriv la »


lundi 28 mars 2011

Kominike MODEP

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 27 mas 2011

MODEP yon fwa ankò ap fikse pozisyon l sou jan Gouvenman Preval Belriv la kontinye ap mennen bak peyi a, malgre moman difisil mas yo ap viv nan dènye tan sa yo. Anpil moun nan popilasyon an pa konprann pouki sa gouvènman an deside ogmante pri gaz la, apre li fin ogmante taks sou tenb paspò ak divès lòt sèvis. Nan dat 23 mas ki sot pase a, gouvènman an monte pri gaz la disèt wotè, sou pretèks leta ta pèdi 2,6 milya goud sou yon lane, nan « sibvansyone » gaz la. Gazolin 91 lan, soti nan 172 goud pou li monte 195 goud, yon ogmantasyon 23 goud anplis, ki vle di 13.37 pou san. Gazolin 95 lan, soti nan 176 goud pou li monte 200 goud, yon ogmantasyon 24 goud anplis, ki vle di 13,63 pou san. Gazòy la soti nan 119 goud pou li monte nan 162 goud, yon ogmantasyon 43 goud anplis, ki vle di 36, 13 pou san. Se kewozèn nan ki pran pi gwo kou a, li soti nan 112 goud pou li monte 161 goud, sa ki bay yon ogmantasyon 49 goud anplis, ki reprezante yon ogmantasyon 43 pou san. Alòske, se ak gaz sa a anpil moun nan peyi a sèvi pou fè manje epi klere kò kay yo. An reyalite, tout gouvènman serye ki gen sansiblite pou pèp la ak anviwonnman an, ta dwe mete plis sibvansyon sou gaz sa a olye yo ogmante pri li.

Nou menm nan MODEP, depi nou te tande Minis Bodin te di gouvenman an depanse pou sibvansyone gaz la, nou te deja konprann gouvenman an pra l rive la. Minis la, gouvenman an prezante sibvansyon gaz la tankou yon gaspiyaj. Se kòmsi leta pa gen responsablite nan yon moman difisil konsa, pou l ede popilasyon an pase kap la. E lè gouvenman an ap bay boujwazi a franchiz pou l achte ak vann aletranje jan l vle, kouman sa rele ? Lè gouvenman an refize ogmante salè minimòm nan, kouman sa rele ? Lè gouvenman ap ouvè vant peyi a bay kapital entènasyonal la vale tèren nan peyi a, kouman sa rele ? Lè Leta ap sibvansyone lekòl, inivèsite ak lopital prive, kouman sa rele ?

Gouvènman an, sou presyon Fon Monetè Entènasyonal, deside koupe sibvansyon sou keksyon gaz la, tankou li pa deside depanse lajan nan lagrikilti, lasante, lakilti, levasyon, lwazi jan sa ta dwe fèt. Desizyon pou koupe « sibvansyon » sou gaz la rive nan moman kote KEP restavèk la fin òganize 2e tou eleksyon depaman yo. MODEP kwè keksyon monte pri gaz la rantre nan kad yon politik global gouvèman Preval/Belriv ak enstitisyon entènasyonal yo pou kontinye mete popilasyon an, anpatikilye mas yo, ajenou pi plis, pou plan lanmò yo a kontinye fè wout li pi byen nan peyi a.

Nan moman kote sa pra l fè yon lane depi enstitisyon entènasyonal yo, peyi swadizan zanmi peyi Dayiti yo, te reyini pou tabli swadizan plan rekonstrisyon peyi a, dezisyon gouvelman an pou fè lavi a vin pi chè sou do popilasyon an, montre aklè rekonstriksyon kap pale a se yon rekonstriksyon k ap fèt sèlman nan enterè enstitisyon entènasyonal yo, peyi enperyalis yo ak gwo chabrak isit ak lòtbòdlo. Paske, rekonstriksyon peyi a pa ka fèt nan lavi chè, nan politik neyoliberal, nan yon leta tchoul, nan salè mizè ak nan okipasyon. Desizyon anti popilè sa a pral lakòz pri pwodui ak sèvis premye nesesite yo monte pirèd. Kidonk, kelkeswa pouvwa ki pran wout sa a, ni sa ki la, ni sa k ap vini, se sou wout echèk la l ap kouri, menm jan ak gouvènman ki pase deja yo.

Pou kisa Leta pa pran mezi pou diminye kantite pwofi boujwazi revandèz la ap fè sou kesyon gaz la nan peyi dAyiti ? Pou kisa leta pa pran mezi pou diminye nan kantite taks li ap ranmase sou gaz la ? Pou kisa Leta pa deside ogmante taks sou pwodwi ki ap sot lotbò dlo pou pwoteje pwodisyon nasyonal la, pou pèmèt yo fè fas ak bezwen yo genyen yo ? Pou kisa Leta pa itilize lajan ki soti nan fon petwokaribe a pou kontinye sibvansyone gaz la, pou ede pèp la rale yon souf ? Lè nou konnen kouman yo itilize lajan ki soti nan solidarite gouvènman ak pèp bolivaryen an, lè n konnen Leta itilize kesyon taks sou gaz la pou peye dèt ak sèvis swadizan dèt enstitisyon entènasyonal yo, nou kwè mezi bout di sa a, se yon mezi pou koupe souf mas yo nan mizè ak grangou. Sitou sila yo ki pa rive mouri anba maladi kolera MINISTA.

Pou tout rezon sa yo, MODEP ap apiye tout inisyativ konsekan, tout leve kanpe djanm pou mande pou gouvènman retounen sou desizyon lanmò sa a.

ABA TOUT GOUVENMAN POPETWEL

ABA TOUT POLITIK TCHOUL

VIV YON AYITI GRANMOUN AK YON POLITIK EKONOMIK GRANMOUN

POU MODEP :

Guy NUMA

Nixon BOUMBA