Español English French Kwéyol

Libète ak demokrasi, se pa okipasyon militè

Kominike KSIL

AlterPresse resevwa kominike sa a 24 janvye 2004

Kolektif Solidarite Idantite ak Libète (KSIL) ap salye byen wo volonte,
kouray ak detèminasyon tout sektè nan popilasyon an kap goumen pou fè
respekte dwa ak libète tout moun nan sosyete a.
Yon fwa ankò pèp ayisyen tanmen ekri yon lot paj listwa: Wi Ayiti se manman
libète tout bon vre.

Premye janvye 2004 foul la kanpe toupatou pou kriye viv libète - fèt la te
bèl sou beton an- malerezman pou sila yo ki tap chache fèt la sou bèl
estann, nan diskou ofisyèl yo tou pa wè l. Malerezman pou sila yo ki kwè yo
ka toufe kri libète ak gaz lakrimojèn. Malerezman pou sila yo ki kwè gwo zam
fann fwa nan men timoun se pi bèl imaj yo ka voye bay Manman Libète a.

Depi 1986, pèp ayisyen ap manifeste aklè volonte l pou li viv lib nan yon
peyi granmoun. Pèp ayisyen di aklè li pa vle yon demokrasi pèpè bout mamit
ki redwi nan bay yon endividi ak yon ti ekip moun manda pou fè sa yo vle
pandan senkan annatandan pwochen eleksyon.

Kominote entenasyonal ki kwè ti peyi zwit egal ti pèp zwit, egal demokrasi
zwit se konplis reskonsab tout fòs fè nwa ki kwè yo ka toufe kri libète ak
toufounen dwa moun.

Ayiti se manman libète , sa vle di se pòt labanyè respè dwa ak diyite moun.
Sila yo kap met zam fann fwa nan men timoun piti pou toufe kri libète kap
soti nan kè etidyan, elèv , komèsan, se konplis lokal rasis entènasyonal.
Sila yo kap met etidyan nan mawon nan blayi laperèz ensekirite ak kaponay
desanzan apre lendepandans se konplis rasis entènasyonal. Alatraka!!
Pandanstan etranje tout plim tout plimay ap sikile lib e libè nan tout
rakwen peyi dayiti.

Jounen jodi a jwèt la demaske aklè. Tout rale mennen kase sa a se te pou
jistifye yon lòt okipasyon militè etranje. FWA SA A NOU PAP PRAN NAN PELEN
TET. Koze kreye yon ti mons lokal pou fè nou kaponnen jis pou nou rele viv
lokipasyon an pap pase. Madigra nou pa pè w, nou pap pè w , nou pap janm pè
w. Nap rafrechi memwa tout moun: gwo vag ensekirite a soti nan koudeta
militè ki donnen FRAP. Li konsolide an 1994 lè meriken derefize dezame FRAP,
ni bay dosye malfektè yo. Madigra mele ak bon mas, FRAP tounen chimè osèvis
pouvwa pèsonèl yon prezidan ak lafanmi li.

Ki fè , lokipasyon militè an 1994 pat vin bay sekirite, okontrè li konsolide
fenomèn ensekirite a nan kite yon bann gang ame kòm kado pou pyeje demokrasi
a.

Revandikasyon popilasyon an klè : se demisyon prezidan an. Li pa mande
okipasyon etranje. Tanpri souple, bay lòd pou fèmen và n ensekirite a,
sispann touye pitit pèp la pou jistifye okipasyon zago loray. KSIL lanse yon
apèl bay pèp ayisyen nan tout sektè pou li depoze tout zam fann fwa, tout
zouti lanmò pou zòt pa jwenn pretèks pou vin toupizi n, derespekte n, pase
diyite n anba pye.

SE LIBETE AK DEMOKRASI NOU MANDE, SE PA OKIPASYON MILITE ETRANJE.

Viv yon pèp lib nan yon peyi granmoun

Jan Wilyam Janti

KSIL