Deklarasyon Gwoup Medyaltènatif nan dat 11 mas 2011
Gwoup Medyaltènatif (GM) konsidere, ak anpil atansyon, menas kandida pou prezidan Joseph Michel Martelly fè sou Gotson Pierre, jounalis ak editè ajans sou entènèt li a AlterPresse, ak sou tout jounalis nan peyi a, nan okazyon deba mèkredi 9 mas 2011 lan, yo te pase sou radyo ak nan televizyon.
Lè jounalis la te poze l kesyon sou kapasite jesyon l ak kapasite l genyen poul pran responsablite l, nan sa ki konsènen yon dosye enterè piblik ki arevwa ak lajan li dwe labank Ozetazini, Matrelly te reponn an kòlè epi li te di « Kite l vini / Se voye yo voye l / M ap tann li ». Martelly menm pale aklè de posiblite pou lari a ta koresponn ak jounalis k ap poze mòd kesyon konsa.
Eske moun dwe kwè Martelly gen nan men l yon lis jounalis li pa tolere oubyen li kwè ki pa anfavè l?
Avèk rezon, nou kapab konsidere deklarasyon grav kandida Martelly yo tankou menas sou libète Laprès ak libète lapawòl, ki se gany peyi d Ayiti apati 7 fevriye 1986, lè diktati sanginè Divalye yo te tonbe.
Gwoup Medyaltènatif wete chapo l douvan lespri veyatif laprès nasyonal ak entènasyonal, ki pran nòt apre deklarasyon tèt chaje kandida a.
Gwoup Medyaltènatif ap envite tout jounalis ak tout sosyete a tire konsekans nesesè sou pozisyon agresyon, kandida pou fotèy boure a Martelly genyen sou medya ak jounalis an Ayiti.
Gwoup Medyaltènatif rezève l dwa pou l pran dispozisyon ki nesesè douvan menas ki vle reparèt ankò sou ekzèsis lib metye jounalis an Ayiti, konstitisyon 29 mas 1987 la bay garanti pou l layite kòmsadwa.
Pou Konsèy jesyon Gwoup Medyaltènatif,
Ronald Colbert