Kominike nimewo 6
AlterPresse resevwa dokiman sa a 22 janvye 2004
Nou menm òganizasyon ak enstitisyon k ap milite anndan Regwoupman Demokratik Popilè (RDP), yon fwa an plis, n ap leve vwa nou byen wo pou n denonse pourisman kriz peyi Dayiti a, rejim lavalas la vin agrave pi plis. Patikilyèman zak represyon brital, ki fèt sou popilasyon sivil nan tout peyi a. Tankou zak kraze brize bandi ak zam fè gran lajounen lendi 13 janvye 2004 la, nan Boutilye, sou emetè plizyè radyo ak televizyon ladan yo omwen 8 radyo endepandan nan kapital la. Alòske zak sa a nou konsidere kòm yon krim ki siyen, fèt aprè anpil menas otorite Lavalas yo ak patizan yo te toujou ap fè kont medya endependan yo, lajistis ak lapolis jous kounye a pa janm fè pyès arestasyon .
Regoupman Demokratik la kondane ak tout fòs li kalte zak represyon brital sa a, ki se yon gwo menas pou libète lapawòl ak demokrasi nan peyi a. Nou kondane tou, diferan lòt zak represyon pouvwa a ak patizan li yo fè sou militan, manm òganizasyon de baz yo, etidyan ak Laprès nan tout peyi a, tankou :
Vag represyon lapolis ap fè sou popilasyon Sen Mak, Twoudinò ak Miragwan, kote plizyè manm òganizasyon ak jounalis nan mawon depi plizyè semèn : nan Miragwà n, chimè yo boule radyo, ak plizyè batiman enpòtan nan vil la ak kay plizyè moun ki kont rejim Lavalas la.
Nan Senmank, 3 radyo gentan fèmen pòt yo nan mwens pase 2 semèn akòz machin represyon ki pase vizite yo
Nan Okay, Radyo vwa Claudy Museau ak Radyo Sid FM, sispann pwogram nouvèl yo akòz menas patizan pouvwa a ap fè san rete sou jounalis yo
Nan OKap Ayisyen, ofisyèl pouvwa ak chimè kraze Radyo Maksima , jis kouliyè a li rete bèbè
Nan Pòtoprens, kapital peyi a, machin represyon an ap mache a gwo vitès sou tout moun ak òganizasyon ki pa dakò ak pouvwa sanginè a .
Anpil malere ak malerèz, manman ak pap pitit, k ap viv nan katye tankou Fontamara, Matisan, Kafou, Bolòs, Leklè, Site Solèy, Dwouya sètoblije kite kay yo, al viv nan mawon akòz menas ak represyon chimè k ap asinen moun, atake kay yo, kraze ak boule kay yo, fè kadejak sou yo menm ak pitit yo .
Menm jan ak yon bann ak yon pakèt etidyan ak pwofesè , militan politik ki oblije kite zòn lakay yo ap viv nan kondisyon difisil pou egzante pèsekisyon Chimè lavalas.
Nan manifestasyon yo, se chak jou Lapolis ak Chimè ap fè popilasyon an
Lagè, nan denyè rasanbleman Pwofesè ak etidyan yo, lendi 19 janvye a Lapolis arete plis pase 20 Etidyan, gen ladan yo jous kounye pèsòn pa konnen nan ki Komisyara yo ye
Regwoupman Demokratik la konstate, malgre divès zak represyon pouvwa lavalas la ap fè sou popilasyon an nan pòtoprens ak lòt kote nan peyi a. Batri mobilizasyon an pa sispann chofe nan diferan zòn tankou nan : Sen michèl, Gwomòn, Gonayiv, Vèrèt, Jakmèl, Kayjakmèl, Ti gwav, Ench, Pòdepè Miragwan, elatriyeÂ…
Nan sans sa a, Regwoupman Demokratik Pòpilè yo mande tout rès komin nan peyi a pou yo leve kanpe, nan mennen aksyon pasifik pou pote kole nan derasinen epi jije Aristid ak tout akolit li yo epi pou n konstwi yon Ayiti kote tout moun ka viv nan lapè, kote Demokrasi ap gen chans pou l fleri avèk libète pou tout sitwayen pale lib elibè epi pou jounalis egzèse pwofesyon yo kòmsadwa, san okenn kontrent .
Regwoupman Demokratik Popilè a mande tout kominote Ayisyèn nan an jeneral espesyalman òganizasyon mas yo, pou yo pa pran nan jwèt lago, woule m debò, kominote entènasyonal la ap jwe ak Pèp Ayisyen an, kit li rele CARICOM, kit li rele OEA. Nou menm òganizasyon ak enstitisyon ki nan Regwoupman Demokratik Popilè a, nou pa kwè nan okenn negosyasyon oubyen reyinyon enfòmasyon ak enstans sa yo ki toujou pran pozisyon kont Pèp Ayisyen, nan ranje kò yo bò kote Aristid ak rejim lavalas la.
Nan sans sa a, nou kwè solisyon peyi a pa ka chita nan negosyasyon ak etranje, nou kwè pito nan mobilizasyon san pran souf, jiskaske nou dechouke Aristid sou pouvwa a, pandan n ap rete mobilze pou respè libète piblik yo ak konstriksyon yon lòt Ayiti devan kelkeswa rejim ki pran pouvwa a .
Konsa, nou kwè li enpòtan pou tout sektè mete tèt yo ansanm nan konstwi yon altènativ pou peyi a, lavalas yo vin kraze, fin dechèpiye.
Pou Otantifikasyon :
Antonal MORTIME, RERKA
Carole P. P JACOB, KONAP