Español English French Kwéyol

Jilap leve lavwa kont zak sasinay sou fidèl vodou yo, pou kesyon kolera

Komisyon episkopal nasyonal legliz katolik Wòm mande respè lavi moun devan fenomèn rache moun poutèt kolera.

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 23 desanm 2010

Pòtoprens, 23 desanm 2010

Nòt Komisyon Jistis ak Lapè sou zafè kolera

Komisyon nasyonal Jistis ak Lapè santi l oblije leve vwa li devan mank respè pou lavi moun ki genyen nan peyi a, lè y ap asasinen moun sou akizasyon se yo k bay maladi kolera a.

Apre tranbleman tè a, apre inondasyon, siklòn ak maladi kolera ki pote lavi moun ale, nou konstate gen kote moun youn ap akize lòt kòmkwa se li k reskonsab youn ou lòt nan malè sa yo. Gen moun tou k ap pwofite sitiyasyon an pou regle zafè pèsonèl yo.

Komisyon an leve vwa l kont moun sa yo ki akize lòt, kòmkwa se yo k lakòz maladi kolera nan zòn nan epi yo mache ak zam sou li. Sitou vodouyizan ak malere viktim pratik sa yo.

Maladi pa dwe divize n. Devan maladi kolera a, se solidarite ak tèt ansanm ki dwe genyen.

Sa vle di :

Chèche konnen sa k bay maladi kolera jarèt nan peyi a : dlo sal, mank ijyèn ;

Chèche amelyore prese prese kondisyon lavi moun yo ;

Pratike règ ijyèn pou tèt ou, nan fanmi ou ak nan relasyon youn ak lòt.

Konnen, lè maladi frape, ki sa pou fè ak ki kote pou ale pou jwenn swen.

Komisyon an mande Leta a pou l mete sant, kote moun kapab jwenn swen lè yo malad, sitou moun nan seksyon kominal yo : yomenm tou gen dwa jwenn sekou ak tout swen maladi a mande.

Komisyon an mande komisyon Jistis ak Lapè lokal yo, nan diferan pawas yo nan peyi a, ede popilasyon an konprann maladi a, epi konnen ki konpotman li dwe genyen devan reyalite sa yo.

Se pa nan divizyon ak règleman kont n ap kapab konbat malè pandye sa a.

Komisyon Jistis ak lapè a mande tout moun mete tèt yo anplas.

Li swete pou fèt Nwèl la kote n fete Jezi Sovè a fèt, kapab pote limyè, refleksyon ak plis solidarite nan mitan pèp nou an.

Pou Komisyon nasyonal la,

Pè Jan Hanssens, Direktè