Español English French Kwéyol

Ayiti-Eleksyon : Yon “barik poud”

Pozisyon Sèk Gramsci sou eleksyon 28 novanm 2010 yo

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 15 desanm 2010

Sèk Gramsci kòm òganizasyon k ap batay pou yon sosyete san fòs kote jije li enpòtan pou l fikse pozisyon l sou sa ki pase nan peyi a jou 28 novanm 2010 la.

Yon ti rapèl

N ap raple, lò eleksyon 2006 yo Sèk Gramsci te pran pozisyon kote l te mande pou yo bay pèp la rezilta eleksyon yo jan yo te ye a, sa vle di si pèp la te vote yon kandida pou yo bali l. Men tou, nou te tou pwofite di pèp la tou vòt sa a, pat dwe sèvi lisans pou otorite kontinye kraze peyi a pi plis, men malerèzman se sa ki rive. Nou wè goumen moun nan katye popilè yo te goumen an, se lisans yo te bay Preval ak tout moun bò kote l yo pou vann ti moso pa ti moso tout richès ak antrepriz piblik peyi a te rete, se revokasyon, kout baton ak grenn bal, grangou klowòks; MINISTA finalman wè limenm ak Preval mele ak tranbleman tè twò piti pou touye pèp la, yo mete ansanm yo ba li kolera.

Fòk nou di tout bagay sa yo se koze moun te ka prevwa paske se pa pou premye fwa Preval te pral okipe plas enpòtan nan leta an Ayiti. Nan lane 1991 li te premye minis sou gouvènman Aristid, li vin prezidan nan lane 1996, nou ka raple nou pawòl selèb li a: “Naje pou n soti” eben jounen Jodi a reyalite a montre a klè nan tout nannan l koze sila a nou te anonse a.

Se menm jan pou eleksyon 28 novanm nan, nou te fè yon nòt sòti nan dat 26 novanm 2010 kote nou te di nou pa nan eleksyon. Paske non sèlman eleksyon pa vle di nan okenn manyè chanjman kondisyon lavi men tou paske pa te gen okenn posiblite pou eleksyon sa yo te fèt san yo pa lage peyi a nan katchouboumbe. Yon lòt fwa ankò reyalite a moutre nou dinamik sosyal pa janm bay lòt bagay si se pa sa ansanm aktè yo k ap viv dinamik lan trase.

Depi finisman jounen 28 novanm nan, peyi a te tounen yon barik poud ki te ka sote nenpòt kilè, e se sa ki te rive nan lannwit 7 desanm nan apre KEP a te fin pibliye rezilta eleksyon 28 novanm yo. Fas ak sitiyasyon sa a kote gen gwo menas gè sivil, selon pawòl kòdonatè nasyonal platfòm inite a, gason ak fanm ki fou dèyè pouvwa lage sou peyi a nou paka kontinye fèmen bouch nou. Se pou rezon sa a nou deside fikse pozisyon nou ak bay dizon nou sou fason kriz sa a ka rezoud.

Poun koumanse, pou listwa, n ap raple pa gen anyen nan sa ki rive yo moun k ap fè politik nan peyi isit pat anonse, si yo pran ladan l se de rezon ki lakòz:

1) Foli pouvwa

2) Yo te konnen popilasyon an pa gen okenn konfyans nan yo, sa vle di yo pa t ap ka mobilize l dèyè yon objektif nasyonal pou rezoud pwoblèm ki pi ijan pase eleksyon n ap viv depi apre 12 janvye 2010. Kòm se pa t dèyè prensip yo te mize yo te pran chans yo kanmenm nan maskarad 28 novanm yo.

Si moun sa yo te konnen sa te pral pase konsa, yo rantre ladanl kanmenm, yo ta dwe yon ti kras jennen pou y ap louvri bouch yo tout lajè pou kritike gouvènman Preval la, lè n konnen pi fò te reponn envitasyon mesye a anvan eleksyon yo pou pale sou eleksyon.

Si anvan peyi a te rive yon lòt fwa ankò nan listwa l nan kafou danjere sa a kandida sa yo pa t kapab gen okenn lidèchip okenn estrateji pou trase lòt chimen pou nasyon an, se pa jodi a y ap rive fèl.

Sa vle di, moun sa yo pa kapab gen solisyon kriz la, li fasil pou wè sa, paske yo pap louvri bouch yo san yo pa di “kominote entènasyonal”, malgre se antite sa a ki te deside eleksyon kòm priyorite, ki te gen misyon asire yo byen pase, epi di l posib. Se yo ki te fikse dat la.

Lòt rezon ankò, jounen 28 novanm nan moutre n gason ak fanm bò isit pre pou fè tout bagay pou yo gen pouvwa; lè nou fin konstate pil lajan ki sot gaspiye nan eleksyon sa a, pannan pèp yo di y ap defann nan ap soufri tout kalte pwoblèm anba tant epi ap mouri anba kolera minista pote pou li a; lèn konsidere sa ki pase nan mitan gwoup douz la.

Sa moutre nou klè, ni moun ki te fè eleksyon ni moun ki te nan eleksyon yo pa gen moralite ase pou rezoud kriz k ap deplotonnen jounen Jodi a, si tout bon nou pa vle bagay sa yo repete nan peyi a ankò. Nou gen pou devwa, yon lòt fwa ankò nan listwa pèp nou, pou n fè yon bagay kote n ap tante rivalize sa moun 1803 yo te fè. Nou dwe an granmoun, fè yon bagay pou nou, pou pitit nou, pandan n ap konsidere rès mond la, men se pa rès mond la ki pou di sa pou n fè. Nou dwe travay pou n soti gran nan kriz sa a, menm jan gen lòt pèp ki fèl déjà.

Depi 1915 poko gen okenn pwoblèm ki poze nan sosyete nou an pou se aktè k ap viv pwoblèm nan ki chwazi pòt soti yo. Nou wè tou depi lè sa a pwoblèm yo pa sispann repete paske solisyon entènasyonal la pote yo toujou voye pwoblèm yo pou pita ou byen pou demen yon mannyè pou konfime pozisyon rasis yo gen sou Ayiti depi apre 1804 kòm kwa se kwit n ap kwit nan grès lendepandans nou te pran an, nou pa ka mennen peyi sa a pi lwen pase pwent nen nou.

Lè nou konsidere tout paramèt sa yo nou pwopoze yon pòt soti nan kriz la

Pwopozisyon Sèk Gramsci

Nou mande pou gen yon gouvènman sovtaj nasyonal ki mete sou pye san pèdi tan. Kouman?

1. Dwe gen yon konsiltasyon prese, prese ki louvri ak tout sektè nan vi nasyonal la anvan 7 fevriye 2011

2. Dwe gen dispozisyon ki pran pou tout ansyen dirijan yo rete disponib pou lajistis, nan lide pou bay eksplikasyon sou eskandal 28 novanm lan

3. Gouvènman sa a dwe moute apre konsiltasyon tout òganizasyon ki genyen nan tout zòn nan peyi a, tankou: peyizan, ouvriye, atizan, laprès, fanm, sektè prive, legliz, vodouyizan, inivèsitè, elatriye.

4. Li dwe genyen ladanl patisipasyon yon seri sektè moral nan sosyete a ak moun ki garanti moralite jiska prezan. Kòm sektè, nou ka site: Inivèsite, Vodouyizan, Peyizan, ouvriye, sektè prive, atizan, entèlektyèl, elatriye.

Ki misyon gouvènman sa a?

Pandan yon dire 24 ou 36 mwa, gouvènman sa a ap gen pou misyon:

1. Mete peyi a sou chimen yon estabilite reyèl

Pou l jwenn estabilite sa a l ap genyen pou l:

• Rive bay viktim 12 janvye yo ki toujou ap viv anba tant yo, abri pwovizwa tranzitwa pou anpeche kondisyon lavi yo deteryore pi plis, pannan gouvèlman k ap vini an ap gen pou fè lojman sosyal reyèl pou tout moun

• Bay yon repons rapid nan domèn prevansyon ak gerizon fas ak epidemi kolera; fè limyè sou orijin maladi a epi fè yon pledwaye entènasyonal pou LONI repare peyi a ansanm ak tout fanmi oubyen moun ki te viktim nan epidemi motel sa a, si nou ta dekouvri tout bon vre se NASYONZINI ki pwovoke l, jan espè franse di l

• Mete baz pou rekanpe byen djanm administrasyon piblik la

• Gouvènman dwe bati yon kalandriye pou retire twoup MINISTA sou teritwa a

• Gouvènman sa a dwe travay pou lave figi peyi a sou plan entènasyonal

• Louvri chimen pou jenn yo patisipe nan rekonstriksyon peyi a, tankou pèmèt jenn inivèsitè fè sosyal yo nan pwogram leta ap met sou pye yo.

2. Nivo sekirite

• Rive pran dwa grandèt nou nan men MINISTA

• Kreye posiblite pou gen travay pou jenn fanm ak jenn gason

• Kreye sant fòmasyon pwofesyonèl pou jenn fanm ak jenn gason

• Bay lapolis yon fòmasyon ki reponn ak reyalite lavi moun an Ayiti

• Refòme aparèy jistis lan pou l sispann fè enjistis

• Travay pou bay peyi a yon fòs sitwayèn ak sivik ki ka garanti sekite peyi a an ka katastwòf natirèl ak garanti sekirite leta.

• Mete kanpe yon plan sovtaj kont risk ak dezas ki pou mèmèt yo deplòtonnen nan yon ti kras tan, sou tout teritwa, fòs sitwayèn ak sivik sa a pou bay tout moun ki an danje asistans, sizoka ta gen dezas

• Trase chimen pou rezoud pwoblèm ayisyen k ap viv nan batey sendomeng yo

3. Mete baz pou yon relansman ekonomik

• Pandan l ap fè yon resansman sou kad peyi a genyen ki lakay li ak lòtbò dlo, sitou sila yo leta te depanse nan etid yo

• Mete sou pye, ansanm ak peyizan yo, koperativ kredi agrikòl pou asire yon relans nan kantite viv ak sereyal n ap pwodui.

• Travay espesyalman pou relanse aktivite diri a nan Latibonit

• Fè yon resansman sou tout espas agrikòl nan peyi a, pou pran dekrè lwa pou anpeche yo konstwi sou yo

• Kreye kondisyon pou ti machann ki nan sektè enfòmèl la jwenn asistans leta

• Travay pou remete sou pye magazen leta epi fè ministè komès tounen yon veritab enstitisyon k ap kontwonle aktivite vann ak achte sou tout teritwa ak epi ant Ayiti ak rès mond lan

• Egzije ong ki di y ap bay koutmen pou chanje kondisyon lavi moun nan peyi a gen pou pi piti 95% nan pèsonèl yo ki se ayisyen natif natal.

Dispozisyon patisapativ Sèk Gramsci

Sèk Gramsci, kòm òganizasyon ki toujou ap fè jefò pou rete moral, ki anndan Inivèsite a e ki gen ralasyon ak plizyè gwoupman jenn ak regwoupman òganazasyonèl, ki genyen yon seri konpetans leta li menm fòme, dispoze patisipe nan tout diskisyon ki gen pou objektif retire peyi a nan katchouboumbe l ye a, e anpeche l tonbe nan youn ki pi grav, men m si se pa san okenn kondisyon.