Pozisyon Pati Kan Pèp la sou eleksyon 28 novanm 2010 yo
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 13 desanm 2010
Pèp Ayisyen,kontinye goumen pou defann dwa ak enterè nou !
Goumen pou tèt nou, pou revandikasyon nou,
Men Pinga ! Pa goumen pou Kandida ! Reflechi.
Pati Kan Pèp la ap obsève ak kè sere sitiyasyon k ap devlope nan peyi a apre piblikasyon rezilta eleksyon 28 novanm 2010 yo. Gwo manifestasyon ki fèt divès kote nan peyi a, lakòz anpil viktim nan mitan mas yo. Mete sou sa, gaz lakrimojèn lapolis ak MINISTA simaye tribòbabò konplike pi plis lavi malerèz ak malere ki anba tant yo. Pirèd ankò, plizyè moun mouri, blese anba zam MINISTA ak anba zam lòt gwoup ame, nan divès depatman nan peyi a. Kòmsi tout katastwòf ki frape peyi a pat ase. Eleksyon 28 novanm yo vin mete absè sou klou.
Eleksyon nan enterè kiyès ? Pouvwa pou kiyès ?
Malgre tout piblisite “kominote entènasyonal” la fè sou eleksyon sa yo ; malgre tout 19 kandida sa yo te bay garanti pou leta piyajè a kontinye pyafe sou do mas yo ; malgre 19 kandida sa yo pat prezante yon pwojè pou amelyore sitiyasyon mas popilè yo k ap trimen anba tant, anba mizè, grangou, k ap mouri tankou mouch anba kolera ; gouvènman Preval la, tigwoup boujwa piyajè yo ak kominote entènasyonal la, pa menm ka antann yo pou òganize yon eleksyon aseptab nan lojik demokrasi y ap klewonnen an.
Pèp Ayisyen, se vre nou dwe goumen pou kwape ekip Preval la ak tout dirijan kowonpi, mal pou wont ki nan tèt Leta a. Se vre nou dwe goumen pou kwape Minista. Men jamè, jamè pa goumen youn kont lòt pou ankenn Kandida ki la k ap regle sèlman zafè pèsonèl yo
ak yon ti klik piyajè anba pwojè enperyalis la. Nou pa ka antre tèt bese nan jwèt makab sa a, pa pran nan manipilasyon menm klik piyajè yo k ap mete nou dozado pou yo prije nou pi byen.
Aprè plis pase 200 zan lendepandans :
Goumen nou, se pou chanje Leta pouri a
Goumen nou, se batay pou jwenn bon lekòl nan tout rakwen
Goumen nou se pou jwenn bon jan kay pou sòti anba tant
Goumen nou se pou jwenn lopital, sant sante pou Kolera
sispann manje nou
Goumen nou se jwenn dlo potab ak tout sèvis ki mache
ak byennèt pèp la.
Goumen nou, se pou tout moun jwenn travay pou repwodui tèt yo ak diyite.
Pati Kan Pèp La di tan Leta boujwa piyajè a dwe fini.
Pati Kan Pèp La, lanse yon apèl bay jenn gason ak jenn fanm nan peyi a,òganizasyon peyizan ak ouvriye konsekan, òganizasyon fanm pwogresis, tout fòs popilè pwogresis anjeneral pou yo rete mobilize. Nan latwoublay nan mitan boujwa, grandon ak tyoul boujwa yo, ann kontinye batay pou kapote Leta pezesouse a ; pou nou konstwi yon lòt Leta ki kaba lespwatasyon, ki mete moun anvan lajan ; yon Leta kote mas yo genyen pouvwa anba ponyèt yo. Nou p ap kapab rive la nan pise gaye. Nou koumanse sanble toupatou nan peyi a, n ap kontinye ranmase fòs toujou pou antere Leta sa a ki fin trepase a.
Pou direksyon Pati Kan Pèp la :
Jean-Léon Antoine