Español English French Kwéyol

Ayiti-Eleksyon : AKAO pran angajman lite pou yon chanjman tout bon nan fason eleksyon òganize

Pozisyon Pati
Aksyon Pou Konstwi yon Ayiti Òganize (AKAO) sou eleksyon 28 Novanm 2010

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 13 desanm 2010

1. Konsidere pwoblèm nan nannan li

AKAO kwè jan eleksyon 28 Novanm yo dewoule nan gagòt la se yon prèv an plis jesyon politik ekip Preval –Bellerive –Inite ansanm ak granmoun yo nan Entènasyonal la pase akote dividal pwoblèm grav k ap brase bil peyi a. Se yon jesyon ki kontinye ap sèvi yon seri enterè ki pase mòd ansanm ak yon sistèm ki fèt pou yon ti klik (oligachi) epi ki pa kadre ditou ak bezwen epi aspirasyon fondalnatal mas popilè yo. Divès nouvo kandida ki parèt sou sèn politik la pa charye okenn chanjman nan pratik tradisyonèl eleksyon, tankou atitid san wont opòtinis woulemdebò, epi absans konfwontasyon lide ak pwojè politik klè. Kidonk, klas politik la alawonnbadè pa a la wotè, li fè bèk atè douvan ekzijans konjonkti a :

• Lè li montre li pa fouti pwopoze ni enpoze yon jan pou eleksyon yo òganize nan mezi resous peyi a, yon kondisyon dayè pou pwosesis la rete sou lobedyans nasyon an ;

• Lè li montre li pa kapab pwopoze ni enpoze yon mannyè pou eleksyon yo òganize ki ka garanti tout bon respè vòt popilasyon an, garanti ki se mak fabrik tout eleksyon demokratik tout bon vre ;

• Lè li fè, nan nivo prezidansyèl kou palmantè, yon kanpay elektoral bidon, san ankenn pwopozisyon serye sou gwo pwoblèm k ap brase bil peyi a, sa ki pouse moun yo chwazi sou emosyon angiz yo ta chwazi sou refleksyon ;

• Lè yo aksepte, an pratik, yon pwosesis elektoral ki, anfèt, sou kontwòl Kominote entènasyonal la, pandan eleksyon se youn nan pi gwo aksyon kote yon peyi manifeste dwa granmoun li.

2. Chanje pratik politik sa a

AKAO kwè, kèlkanswa jan ou konsidere li, eleksyon sa yo p ap fouti pote chanjman pi fò popilasyon an ap tann nan. Poutèt sa, AKAO pran angajman lite pou yon chanjman tout bon nan fason eleksyon òganize nan peyi a :

• Nan prezante divès pwopozisyon k ap pèmet mete enstitisyon politik ayisyen yo kanpe djanm epi reprann mayèt òganizasyon eleksyon yo pou yo fèt sou kontwòl nasyonal ;

• Nan poze kòm kondisyon patisipasyon pa l nan eleksyon : fòmilasyon pwopozisyon konkrè pou chanje lavi popilasyon an epi pou rale peyi a soti nan depandans politik ak ekonomik move chwa antinasyonal ak antipopilè yo mennen nou epi kenbe nou ;

• Nan konsantre aktivite chak jou li yo nan travay kòt a kòt ak pèp la pou gaye vizyon, lide ap pwopozisyon pati a nan mitan popilasyon an, yon fason pou eleksyon tounen yon etap nan konstriksyon yon altènativ tout bon e non pa yon koumansman jan sa konn abitye ye nan tradisyon politik an Ayiti.

3. Evite agrave soufrans popilasyon an nan konjonkti sa a

AKAO kwè li nesesè pou nou evite mete abse sou klou nan soufrans popilasyon an. Se poutèt sa li ankouraje, nan kontèks malouk sila a, yon konpwomi nan mitan divès aktè ki enplike nan pwosesis elektoral la. Konsa, lavi popilasyon an, ki deja difisil apre katastwòf 12 Janvye epi, alèkile, kolera, pa p bezwen anba menas afwontman divès bann k ap goumen youn ak lòt pou defann ti enterè chak kandida.

Pou soti nan katyouboumbe sila a, ki chaje konsekans negatif sou tout sosyete a, AKAO mande popilasyon an pou li kalma, epi li mande sila yo ki fache akòz rezilta pwovizwa eleksyon yo pou yo pran tèt yo epi pou yo pa kite yo tonbe nan vyolans avèg, menm si se dwa yo yap defann. AKAO envite aktè yo pou yo demele yo jwenn yon solisyon nan kriz sa a san pèdi tan, dekwa pou yo sispann ekspoze lavi ak byen materyèl pèp ayisyen an ki bouke sibi.

ANN KONSTWI ANSANM YON AYITI ÒGANIZE EPI KI GRANMOUN TÈT LI

Aksyon Pou Konstwi yon Ayiti Òganize (AKAO)

AYITI, 8 desanm 2010

POU AKAO :

Jean-Hénold BUTEAU

Junot FÉLIX

Christian ROUSSEAU