Español English French Kwéyol

Ayiti-Konjonkti : Komisyon nasyonal Jistis ak Lapè « boulvèse devan mank reskonsablite Gouvènman an »

Mesaj Komisyon episkopal nasyonal Jistis ak Lapè nan lokazyon asanble jeneral li pou lane 2010 la

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 15 novanm 2010

Lane sa a Asanble Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè a te fèt soti 8 pou rive 12 novanm 2010, nan Sant ITEKA (Enstiti Teknoloji ak Animasyon) Gresye avèk plis pase swasant (60) delege ki soti nan preske tout Komisyon dyosèz Legliz Katolik nan peyi a. Nou regrèt absans delege de (2) dyosèz, Jeremi ak Okap, ki te anpeche akòz siklòn Toma a.

Asanble a fèt sou tèm sa a : LEVE KANPE, AN N DEFANN DIYITE AK DWA NOU TANKOU AYISYEN. Apre anpil refleksyon ak brase lide sou sitiyasyon peyi a ak idantite nou kòm pèp, Komisyon an gen pi plis tèt chaje nan travay li sou lavni sosyete a devan degradasyon sitiyasyon peyi a ak dwa pèp Ayisyen an apre tranbleman tè 12 janvye a, san konte preyokipasyon pèp la genyen apre tout dega ak dezolasyon epidemi kolera a ak siklòn Toma a lakòz nan tout peyi a.

Komisyon an boulvèse devan mank reskonsablite Gouvènman an ki pa fè gwo jefò pou soulaje mizè pèp la. Viktim tranbleman tè a kontinye ap viv nan malsite, kote yo pa kapab satisfè pi piti bezwen yo genyen. Yo pa konnen sou kont ki moun ak ki enstitisyon yo ye. Pi plis toujou, mizè ak move sitiyasyon pèp la tounen yon lokazyon pou anpil ONG vin tabli kò yo nan peyi a, oswa pou yo kreye anpil lòt pou regle zafè yo. Nou salye kouray pèp Ayisyen an, epi nou apresye kouray solidarite lòt pèp montre ak nou, men nou regrèt absans yon lidèchip lokal. Jodi a, peyi a sanble yon savann ki pa gen Leta, kote ansyen sistèm peze souse ak zonbifikasyon pèp la ap kontinye san pwoblèm. Sitwayen ak sitwayèn yo pa reyaji pou korije devyasyon ak move direksyon peyi a ap pran depi dènye lane sa yo.

Depi tranbleman tè a, Gouvènman an ak reprezantan kominote entènasyonal la pa sispann pale sou rekonstriksyon peyi a. Komisyon Jistis ak Lapè ap mande : sou ki rekonstriksyon serye y ap pale, si pa gen patisipasyon ak kolaborasyon popilasyon an ? Ki lè Gouvènman an te konsilte òganizasyon lokal yo pou konnen ki kalite rekonstriksyon peyi a bezwen, ak ki lè l te esplike aklè ki pwojè li genyen pou avni peyi a ? Konsa, peyi a ap gaspiye opòtinite solidarite anpil lòt pèp ofri l nan travay pou kat la te rebat anfavè vrè viktim yo, sitou moun yo ki te pèdi tout sa yo genyen epi ki retwouve yo jodi a san travay ak san kay.

Mete sou sa, koripsyon, ensekirite ak vyolans sou tout fòm kontinye ap ogmante lis viktim nan sosyete a sitou lavèy pwochen eleksyon yo. Selon pwòp obsèvasyon n, pou pi piti de (2) moun mouri anba bal chak jou nan zòn metwopolitèn nan, san n pa pale sou lòt fòm vyolans ki genyen toujou. Devan sitiyasyon vyolans ak entimidasyon sa a ki make kanpay elektoral la, Komisyon an fè Gouvènman an sonje se li k gen reskonsablite pou garanti dwa sitwayen ak sitwayèn yo pou egzèse dwa sivil ak politik yo libelibè jou 28 novanm k ap vini an. Garanti sa a se pa kèk pawòl pou fè moun kwè genyen yon bagay, men yon plan sekirite konkrè byen bati ki montre Gouvènman an la pou tout Ayisyen san patipri ak san fòs kote.

Nouvo kalamite ki vin frape pèp nou an ak maladi kolera a, montre yon lòt fwa ankò move jesyon peyi a depi diktantan, ki fè l fèb devan nenpòt sa k rive l. Anpil moun sezi tande moun Latibonit menm pa gen bon dlo pou bwè, se larivyè ki tout lavi yo. Men se pa sèl depatman Latibonit ki konsa, konbyen moun ki pa mete lavi yo nan balans chak fwa yo mete yon ti gout dlo nan bouch yo. Eske dlo pwòp, ki pa mete lavi ak sante moun an danje, se pa yon dwa moun li ye ? Li lè li tan pou Gouvènman peyi a pran reskonsablite l nan chache amelyore kondisyon sante popilasyon an epi frennen epidemi kolera a. Plis toujou, se devwa l pou l jwenn vrè kòz ak reskonsab epidemi sa a – nenpòt kilès li ye – ki gen tandans gaye nan peyi a.

Move jesyon anviwònman peyi a parèt aklè yon lòt fwa lè siklòn Toma a te frape peyi a nan semèn ki sòt pase a. Nou salye jefò Gouvènman an te fè pou enfòme pèp Ayisyen an epi pou mobilize resous li genyen. Nou swete pou jefò sila yo ale pi lwen pase yon ti moman devan eleksyon ki toupre la a. Jaden peyizan yo detwi, rekòt yo depafini, pwodiksyon nasyonal la pran yon lòt baf. Lamizè ki devan pòt peyizan nou yo anonse l pi rèd. Gouvènman an dwe chache aji anfavè peyizan yo apre pasaj siklòn Toma a. Ayiti se sèl peyi kote peyizan yo travay san pwoteksyon, de (2) men ak de (2) pye, sèl devan fòs lanati. Peyizan yo tou merite pwoteksyon, pwogram kredi ki vreman anfavè yo ak asistans piblik nan moman yon katastwòf natirèl. Tout kandida pou Prezidan ak pou Lejislatif la dwe genyen lide korèk sou sa.

Pou yon vrè chanjman

Diferan move sitiyasyon sa yo pèp la ap viv nan dènye tan sa a, fè Ayisyen an pa kwè nan tèt li ak nan peyi l. Epoutan, nan kad rekonstriksyon ki nesesè a, nou bezwen diferan valè sa yo tankou : fè tèt nou konfyans, bay kilti, tradisyon, lang ak tèt nou valè, renmen peyi nou, pran swen anviwònman nou epi devlope sans reskonsablite nou. Tout valè sa yo ap pèmèt nou reponn ak nouvo defi tranbleman tè a mete devan n, ansanm ak lòt katastwòf natirèl ak epidemi kolera a.

Bò kote pa nou, nou menm, manm Jistis ak Lapè atravè peyi a, ki reprezantan diferan komisyon lokal yo :

• Nou pran angajman pou kontinye batay pou dwa chak sitwayen genyen pou Leta idantifye l epi rejistre l yon fason kòrèk. Se premye kondisyon pou òganize epi planifye peyi a anfavè sitwayen l yo.

• Nou mande tout komisyon lokal nou yo pou yo reprann fòmasyon yo te jwenn sou Dwa moun ak kilti pèp Ayisyen an. Kilti pèp Ayisyen an se yon kle enpòtan pou remambre moral nou epi pran angajman pou yon chanjman ki anfavè nou.

• Nou bay GRR (Gwoup Rechèch ak Refleksyon) ki anndan Jilap, misyon pou etidye afon kesyon edikasyon sivik pou timoun ak jèn nan peyi a, epi pou elabore pwopozisyon sou sa. Edikasyon sivik dwe montre moun konprann diyite yo, respekte tèt yo ak dwa lòt yo, aprann viv nan lapè ak lòt, respekte anviwònman an ak tout sa Bondye mete ; finalman, edikasyon sivik se aprann apresye tèt nou ak kilti n, tankou lang nou ak tout sa k pèmèt nou konstwi yon peyi ki alawotè diyite nou kòm moun ki Pitit Bondye. Nou envite CEEC (Komisyon Episkopal Edikasyon Katolik) ak CHR (Konferans Ayisyen Relijye) pou vin jwenn nou nan jefò sa a.

Leve kanpe, an n defann diyite ak dwa nou tankou Ayisyen. Ansanm, nan respè youn pou lòt ak bon jan tolerans, nou kapab kontre ak tout defi tan an mete devan n. Nou pa dwe pèdi moman istorik sa a. Se patisipan yo nan Asanble Jilap la ki siyen Mesaj la.
Gresye, 11 novanm 2010