Haiti
Ti chèz ba

Deklarasyon Prensip Yon Group Ayisyen nan Miyami sou Kriz Ayiti a


Ekri jou vandredi 2 janvye 2004

AlterPresse resevwa dokiman sa a 31 desanm 2003

Peyi d’Ayiti ap viv jounen jodi a yon moman grav nan listwa li. Pèp Ayisyen an rekomanse ap antere elèv lekòl; lap kontinye sibi gwo represyon pandan lamizè ak koripsyon ap vale teren. Plis pase 30 moun mouri anba grif lapolis ak gang Aristide yo. Se pa pou sa nou te fè 1986!

Peyi a tou ap viv yon moman ki bay yon ti ponyen lespwa. Yon gwo van mobilizasyon ap soufle byen fò nan kat kwen peyi a. à’ganizasyon nan sosyte sivil a, politisyen, etidyan ak ekolye deklare Aristide ’hors la loi’. Se yon revandikasyon ki jis, menm lè nou kwè nan prensip demokratik ki di: venkè a gen yon manda ekzak pou l fe pandan pèdan an dwe tann pwochen eleksyon.

Pèp Ayisyen an gen dwa mande koupe nan ’manda’ 5 lanne Aristide la. Gouvènman sa vyole kontra pèp Ayisyen an te sinye ak li a depi 16 Desanm 1990. Aristide ak gang li yo pase anba pye kontra jistis, transparans ak patisipasyon ki te dwe gide tout aksyon gouvènman l nan. Okontrè sa nou wè se koripsyon; se itilizasyon tout enstitisyon yo (an vyolasyon de Konstitisyon 1987) pou vyole dwa demokratik tout sektè anndan peyi a. Aristide reyisi san pèp la.

Echèk Aristide ak mouvman Lavalas la pou tabli yon veritab ’Etat de Droit’ anndan peyi a se tou dabò echèk mouvman pwogresis ayisyen an. Aristide tounen on pwa grate pou mouvman demokratik la. Nou menm ki sibi represyon nan men lame d’Ayiti, nan men diktati Divalye yo pa kapab jounen jodi a jistifye anprizonman politik, kraze zo, krim politik ak disparisyon kretyen vivan. Nou renye tèt nou lò nou fè sa. Enterè pèp Ayisyen an marye ak bon jan demokrasi pou tout moun kap viv nan sosyete a.

Peyi a ap viv tou yon moman ki mande pou nou veyatif. Akoz echèk sektè pwogresis la, nou ka di lit kap mennen jounen jodi a se la boujwazi tradisyonèl, ansyen putchis ak politisyen traditsyonèl yo kap dirije li, menm lè nou wè prezans etidyan ak sèten demokrat nan lari a. Fòk sekte popilè yo kontinye ekzije enstorasyon yon veritab ’Etat de Droit’ nan kenpòt solisyon ki ta parèt si lari a ta rive dechouke Aristide.

Yon ’Etat de Droit’ ki respekte dwa tout sitwayen e kap antreprann yon minimòm devlopman ekonomik ki vize bati tout sòt enfrastrikti e ki garanti la sante, lojman, lekòl ak travay pou tout moun. Se pou sa nou dwe goumen paske se pou sa nou te fè 1986. Aristide ak mouvman Lavalas la pwouve yo pa genyen okenn volonte pou fè ripti a pratik Divalyeris la epi trase chimen pou enstore apre 200 lanne endepandans yon veritab ’Etat de Droit’ nan peyi a.

Pou otantifikasyon: Hudes Desrameaux

Men lis moun ki sinye deklarasyon sa toujou:

Hudes Desrameaux

Abel Jean Simon

Rulx Jean-Bart

Maxo Sinal

Herve Fleurival

Jacques Pierre Louis

Pifo moun ki sinye deklarasyon sa gen yon istwa goumen nan kominote sa pou dwa refijye yo epi pou dechouke Divalye yo ansanm ak milite yo apre Divalye epi pou retou Aristid nan peyi a an 1994