Español English French Kwéyol

28 oktòb 2010, 28èm Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl

Deklarasyon Komite Inisyativ pou rive mete Akademi Ayisyen an kanpe

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 28 oktòb 2010

« Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li
fè l kapab devlope anfòm, an òd epi selon prensip lasyans »
Konstitisyon Repiblik d Ayiti, 1987, Atik 213

Nou menm, Inivèsite d Eta d Ayiti, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon,
Près Nasyonal d Ayiti, Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen, Jounal
“Bon Nouvèl” ki fè pati Komite Inisyativ pou rive mete Akademi Ayisyen an
kanpe, nou koube n byen ba devan kouraj ak fòs volonte pèp Ayisyen an.

Nou pwofite 28èm Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la pou nou fè tout
moun sonje enpòtans lang kreyòl la genyen pou nou menm Pèp Ayisyen e sa
parèt aklè nan Konstitisyon an. Manm Asanble ki te prepare dokiman
Konstitisyon 1987 la te konprann enpòtans kesyon sa a. Se sa k fè yo vini
ak plizyè atik ki konsène plas lang yo ak wòl lang yo nan sosyete a :
- atik 5 « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl la.
Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti. »
- atik 24.3 « Rezon ki
fè yo arete yon moun, oubyen rezon ki fè yo fèmen yon moun nan prizon, se
pou manda a esplike sa klè, ni an kreyòl, ni an franse. »
- atik 40. « Leta
dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an
kreyòl ak an franse … »

Al gade tou kijan atik 211 lan mande pou yo sèvi ak lang ofisyèl yo nan
tout nivo nan sistèm edikasyon ayisyen an (…) Pifò kou yo, dwe fèt nan
lang ofisyèl peyi a.

Nou menm manm komite inisyativ la, nou apresye travay ki fèt pou franse a
ki se youn nan lang ofisyèl nou yo ; men, nou gen anpil kè sote lè n wè
kòman, malgre pwogrè kreyòl la ap fè nan sosyete a, kontinye gen gwo
antrav pou devlopman sèl lang ki simante tout Ayisyen yo ansanm. Konsa,
nou kwè youn nan antrav ki anpeche nou respekte atik ki konsène kesyon
lang yo kòmsadwa, se paske nou pa respekte sa manman lwa peyi a di e sitou
atik 213 la ki mande pou kreye yon Akademi Ayisyen.

Nou kwè jan konstitisyon an mande l la, kesyon lang anndan yon nasyon pa
dwe lage nan lib. Okontrè li enpòtan pou nou trete kesyon sa a kòm yon
dosye estratejik pou peyi a. Se sa k fè, depi kèk tan, nou menm nan Komite
sa a, nou pran devan nan brase lide, reflechi, diskite epi fè konsiltasyon
pou rive mete Akademi an kanpe. Nan kad sa a tou, nou pwofite anonse
piblik la an jeneral, etidyan, pwofesè, sosyològ, antwopològ, lengwis,
ekriven, powèt ak tout moun k ap batay pou avansman lang kreyòl la an
patikilye, nou ap òganize nan mitan lane 2011 lan yon kokenn chenn brase
lide (Kolòk Entènasyonal) sou ki jan nou kapab pouse desidè yo ak tout
Palman an mete Akademi Ayisyen an soupye pou toutbon.

Se poutèt sa Komite Inisyativ la deklare li soutni ak tout fòs li
Konstitisyon 1987 la, sitou atik 213 la ki genyen deklarasyon sa a. Nou
pran konsyans pwoblèm lang kreyòl la se yon dosye estratejik sa vle di yon
dosye majè pou Pèp Ayisyen an, ki dwe trete kòrèkteman, san pèdi tan.
Okenn pwogrè pa posib si nou pa planifye, epi amenaje de (2) lang ofisyèl
nou yo san fòs kote.

Premye pa sa yo pa ase, gen anpil lòt ki pou fèt ankò. Pou travay la jwenn
bon rezilta, fòk tout enstitisyon, tout gwoup moun ak tout sektè nan
sosyete a : fanm kou gason, edikatè, sosyològ, ekriven, lengwis, pè,pastè,
houngan, jiris, sendikalis, moun lavil kou moun nan mòn, etidyan,
antreprenè, komèsan, elatriye ki santi yo konsènen e ki dakò vin
patisipe nan demach Komite Inisyativ la deja koumanse a ! Nan sans sa, n
ap envite tout lòt moun ak tout enstitisyon vin kore deklarasyon an epi
siyen l tou.

Moun ki siyen Deklarasyon sa se :

Jean Vernet HENRYInivèsite d Eta d Ayiti
Carol JOSEPHSekreteri d Eta Alfabetizasyon
Max BEAUVOIR Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen / Ati Nasyonal
Jean-Pierre Nzemba WAYI, CICMJounal Bon Nouvèl