Español English French Kwéyol

Premye me 2006 : Solidarite ak plizyè milyon travayè migran san papye peyi Etazini vle depòte

Kominike Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 28 avril 2006

Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) salye desizyon yon bann òganizasyon toupatou nan lemonn pran, pou fè solidarite ak plis pase 11 milyon travayè migran san papye ki twouve yo nan peyi Etazini, nan okazyon Jounen Entènasyonal Travay la, premye me 2006. Migran sa yo ap sibi gwo presyon akòz yon lwa ki rele Sensenbrenner ki pou kounye a devan Sena ameriken an. Lwa sa a vle fè tout imigran san papye tounen kriminel e li menase voye tout moun ki soti nan Amerik Latin nan ak nan Karayib la, e ki tabli Ozetazini san rezidans, tounen lakay yo.

Pandan jounen sa a yo batize « yon jounen san migran », òganizasyon sa yo mande tout moun pou yo pa itilize pwodui ak sèvis ameriken tankou Burger king, Jerry’s, subway, McDonald, Otèl ak konpayi avyon ameriken, sèvis postal tankou DHL ak FEDEX toupatou nan lemonn. Desizyon sa a pran yon fason pou montre tout moun sou latè ki defisi ekonomi ameriken an ap fè si migran yo ak peyi kote yo soti yo pa itilize pwodui ak sèvis ameriken yo pandan yon jou.

GARR ap fè migran ak òganizasyon sa yo konnen, li apiye lit y ap mennen pou fè gouvènman ameriken an pran an konsiderasyon demann yo fè pou regilarize sitiyasyon yo. GARR kwè lwa Sensenbrenner a pa jis, paske li mete sou kote tout bourad imigran yo pote pou fè ekonomi peyi Etazini mache.

GARR vle raple se menm sitiyasyon sa k ap devlope an Repiblik Dominikèn tou avèk anpil travayè ayisyen. Aloske reprezantan gouvènman dominiken an ap miltipliye reyinyon ak zotobre ameriken anfavè sitwayen li ki san papye Ozetazini, menm gouvènman sa a pa sispann rapatriye anpil travayè ayisyen k ap pote kole nan ekonomi peyi a depi digdantan.

Nan okazyon jounen premye me 2006 la, GARR ap salye kouray tout travayè ayisyen ki Ozetazini, tout travayè ayisyen ki nan Repiblik Dominikèn, espesyalman sila yo ki travay nan sektè kann nan, ki se yon sektè kote gen anpil esplwatasyon. L ap di travayè sa yo kenbe fèm pa lage. lit la di, men n ap rive fè yo respekte dwa nou.

GARR mande gouvènman dominiken an bay travayè ayisyen ki gen plis pase 10 lane depi y ap viv nan Repiblik Dominiken rezidans epi bay desandan yo papye. GARR mande gouvènman ayisyen an souke kò l menm jan anpil gouvènman lòt peyi ap fè sa, pou pa kite yo depote ayisyen san papye ki twouve yo kounye a Ozetazini.

GARR mande palman ak gouvèman ameriken an rekonèt api migran yo pote pou ekonomi peyi yo vanse, bay moun sa yo papye pou yo travay san kè sote, sispann aplike politik neyoliberal k ap kraze ekonomi peyi pòv yo, epi k ap fè sitwayen peyi sa yo kouri kite lakay yo pou al chache lavi lòt kote.

GARR ap fè legliz, epi asosyasyon ak òganizasyon ki deside pote konkou yo bay migran k ap viv nan peyi lèzetazini konnen li apiye tout mouvman y ap fè pou ede moun sa yo viv pi byen nan peyi sa a. Li envite tout sitwayen, sitwayèn ak òganizasyon ayisyen vin pote kole nan konba sa a. Li kwè si nou tout mete men ansanm, n ap rive ranpote laviktwa.

Pòtoprens, 28 avril 2006

Martine Dorvilas
Responsab Pledwaye