Español English French Kwéyol

Ayiti : " An nou repran chemen liberasyon an "

Tèks Kolektif Solidarite Idantite ak Libète

AlterPresse resevwa dokiman sa a 26 janvye 2006

Nan inite istorik tout pèp la
an nou repran chemen liberasyon an
pou nou konstwi nasyon an

Sitirasyon n ap viv jounen jodi a, se konsekans plizyè syèk esklavaj kolonyal ak 90 lane dominasyon blan meriken mete sou peyi a k ap rapouswiv. Si nou vle sòti nan fè nwa mizè, grangou, malsite, vyolans ak iyorans, nou dwe fini ak vye sistèm sa a, reprann chemen liberasyon zansèt yo te trase a pou konstwi yon nasyon ki granmoun tèt li.

Kisa nou rele pèp ayisyen: mak fabrik li

Lè nou di ‘pèp’, nou pa wè yon sektè moun, men tout sila yo ki rekonèt yo kòm ayisyen-èn, ki akòz istwa yo, orijin yo, enterè yo, genyen sosis yo mare ansanm vle pa vle. Se moun ki kwè yo pa ka deparye ak bout tè sa a, ak tout listwa li charye ak li. Konsa, pèp ayisyen an se youn, men li gen plizyè sektè, plizyè segman ladan li. Kit se boujwazi (nan komès, endistri, bank, elt....) kit se divès kouch klas mwayèn (pwofesyonèl, ti komèsan-t, entèlektyèl tout kalite, mwayen-èn popriyetè-z), kit se divès kouch sektè popilè (chomè-z, peyizan-à n, ouvriye-z, ti popriyetè-z, ti pwofesyonèl, atizan-à n) ; tout ansanm rankontre nan sa nou rele pèp ayisyen an.

Se pa sitiyasyon sosyal ou, pozisyon sosyal oubyen klas sosyal ou, ki di si w nan pèp la. Se pa non plis koulè po w, fòm figi w osinon frekantasyon w. Kit ou se malere-èz, gran nèg-ès, fanm, gason, nèg-ès nwè, milat-très, ti wouj, cheve siwo, tèt grenn, nou tout fòme yon sèl pèp ayisyen an. Se yon seri mak fabrik espesyal nou pataje ansanm ki fè jodi a nou fòme yon sèl pèp. Mak fabrik sa yo gen arevwa ak kote nou sòti, zansèt nou, istwa nou, lang nou pale, relijyon nou, jan nou wè lavi a, ak tout lòt eleman nan kilti nou ki fè nou pa konfonn ak lòt pèp yo.

Lè y ap maltrete nou nan chan kann Sendomeng, lè y ap fè move espeyans sou nou nan prizon Kwòm Miyami, lè y ap depòte frè ak sè nou nan tout ti rakwen nan Karayib la, lè zòt ki te mare nou anba chenn lesklavaj tankou zannimo pretann jodi a vin ba nou leson sou dwa moun, se yon avilisman li ye pou nou tout. Se tout mizè sa yo, tribilasyon sa yo, avilisman sa yo nou sibi ansanm ; men tou, se tout kè kontan, fason nou danse, chante, mache, manje, renmen, fè lanmou, tout yon fason nou wè ak konsevwa lavi a, jan nou wè solèy ak lalin, lajounen ak lannwit, lavi ak lanmò, tè a ak syèl la, lanmè, larivyè, elt ; se tout sa ki makònen nou ansanm, kifè kèlkelanswa klas sosyal, koulè po no, nou fòme yon pèp patikilye yo rele ayisyen. Se sa yo rele nou gen menm idantite. Sa pa vle di nou pa gen diferans antre nou. Men, pou yon lòt pèp k ap gade nou, nou tout se menm. Sa fè nou gen yon desten istorik nou pataje ansanm ki ranfòse nèt akòz n ap viv sou menm bout tè a. Pati sa a menm, pa gen mank ladan ditou: paske, kòd lonbrik nou antere menm kote. Se tè sa a ki ban nou lavi, ki nouri nou, se sou li nou swe. Nesans yon moun sou bout tè sa a kanpe ni nati li kòm endividi, ni relasyon l ak moun, ni relasyon l ak linivè a. Se yon eritaj li pote nan kòtòf li ki make l pou lavi, vle pa vle. Moun ki sòti nan yon menm tè, nan menm branch zansèt, ou ka di yo fèt ak menm materyo. Menm kan sa pa ta parèt aklè sou figi yon moun, gen yon kote li manifeste kamèm pou moun ki gen je ka wè li.

Nou dwe konsolide pèp sa a sou bout tè sa a ak toupatou kote li ye sou latè pou li manifeste diyite li ak fyète li. Se sa ki prensipal travay yon leta: se kreye kondisyon pou pèp la viv nan diyite ak fyète nan respè youn pou lòt.

Nou dwe rekonèt se vre, se sektè popilè yo ki soufri plis. Se yo menm ki pote pi plis sou do yo fado konstriksyon nasyon an. Kidonk se enterè popilè a ki pi plis mare ak enterè nasyon an, paske pi souvan yo pa gen lòt chwa. Si Ayiti pa gen lekòl, pa gen swen sante, pa gen dlo, pa gen kouran, se sektè popilè a ki plis sibi. Yo pa gen solisyon lòt bò dlo ki fasil pou yo. Men, sa pa vle di moun ki pi konsyan yo, ki pi wè klè, ki pi konsekan nan travay pou konstwi nasyon an, se nan kan popilè yo toujou soti. Li toujou bon pou nou sonje diferans ki genyen ant sitirasyon sosyal, pozisyon sosyal ak konsyans sosyal. Sa pi enpòtan nan ka pa nou, kote gen yon pwosesis konstriksyon nasyonal ki bloke nan pasay ; kote diferan kouch nan sektè popilè yo ap pran lanmè, chache nenpòt solisyon, pou kraze yon kitesa, tèlman sitiyasyon an malouk. Nou dwe reflechi byen tou sou kisa ki detèmine yon konsyans nasyonal ; nan ki kategori sosyal, nan ki kondisyon (« objektiv » ak « sibjektiv ») li ka manifeste yon fason pi klè, pi djanm.

Kifè kit se divès sektè nan boujwazi a, kit se divès sektè nan kan popilè a, kit se divès branch klas mwayèn, tout fòme yon sèl pèp: ‘Pèp ayisyen’, akòz yon seri mak fabrik espesyal yo pataje ansanm. Nan yon demach pou konstwi nasyon an nou dwe chache ranfòse siman sa a ki soude pèp la nan tout kategori sosyal li. Se pousa nou pale tou de « inite istorik pèp la » (Masèl Jilbè). Sa vle di ranfòse kote nou fè youn nan, nan listwa nou, pou nou manifeste mak fabrik espesyal ki karakterize nou an. Pou pi klè, se jwenn misyon istorik espesyal listwa tanpe sou nou an.

Reyalize, manifeste inite istorik pèp ayisyen an, ant divès kategori sosyal li, sektè ak segman ki konpoze l, se objektif fondalnatal woumble refondasyon nasyon an. Nou p ap janm sispann repete l, men sa pou yon seri moun rive konprann jounen jodi a : nan posesis rekonstriksyon yon nasyon, nou dwe dodomeya kontradiksyon sosyal yo pou nou jwenn kote enterè divès kouch sosyal yo rankontre ak enterè siperyè nasyon an.

Kanpe kan popilè a
nan dinamik inite istorik
tout pèp ayisyen an
pou rapousiv konstriksyon nasyon an

Lè nou di woumble refondasyon nasyonal, fòk nou pa wè yon senp reyinyon, men yon dinamik mouvman sosyal, pou simante yon konsyans nasyonal nan divès kategori sosyal ki fòme pèp ayisyen an.

Kongrè Refondasyon Nasyon an, se pa yon reyinyon bridsoukou, yon gwoup moun fikse yon bon jou, pou nou ponn yon rezilta rezolisyon nan yon delè. Se pito yon posesis dinamik, yon mouvman sosyal nasyonal k ap charye prensipal revandikasyon pou konstwi yon sosyete, sou baz enterè siperyè nasyon an. Kifè, tout sektè, chak sektè nan sosyete a, dwe bwase lide, òganize yo andedan dinamik sa a, selon vizyon yo ak enterè yo nan konstwi nasyon an. Premye gany dinamik woumble sa a ap rapousiv, se reyalize inite pèp Ayisyen an sou enterè ki pi wo pase tout lòt nou tout genyen pou konstwi yon nasyon solid, selon mak fabrik listwa tanpe sou nou.

Kifè, anvan tout lòt bagay, woumble ap chache fè nou tout pran konsyans ak manifeste inite sa a pou mete fren nan sa nou rele posesis ‘auto destruction’ an. Sa vle di, chirepit fewòs chen-manje-chen an ki mennen nou nan detwi ni pwòp tèt nou, ni anviwonman nou an, ni resous lanati mete aladispozisyon nou pou nou viv. Yon posesis chen-manje -chen ki mennen nou nan avili tèt nou devan tout lòt nasyon sou latè kote nou pare pou nou asepte tout kondisyon imilasyon zòt deside, pou mete pye sou kou nou pandan nou derefize tout konpwomi lè pou nou jwenn yon teren pou nou antann nou kòm ayisyen-èn.

Se yon bagay ki enpòtan pou nou konprann : si an 1791-1803 se te plis sou kontradiksyon ki te genyen nan mitan divès sektè ki ta pwal fòme pèp ayisyen an nou te chita, nou pa t ap rive nan 1804. Listwa montre nou aklè, se nan yon inite istorik, pèp ayisyen an ta pwal manifeste volonte li pou konstwi yon nasyon. E se paske chirepit yo vin pran yon vitès sou konstriksyon an, kifè jodi a nou san nasyon, ak yon sosyete ki an dekonpozisyon tou. Inite istorik sa a, lenmi nasyon an fè tou sa yo konnen, e y ap kontinye fè tou sa yo konnen, pou anpeche li reyalize. Se nòmal. Men nou pa ka konprann kouman moun ki vle defann enterè popilè, fè kite yo tonbe nan pyèj pou kontrarye posesis konstriksyon nasyon an, lè yo kanpe ankwa an fas dinamik inite istorik pèp la.

Kan popilè a pa ka kanpe
nan lespri pou kraze inite istorik pèp la

Gen yon demach “faussement marxiste†, sa nou rele yon panse rabi pachiman, ki pa konprann tenmpo istorik dinamik divès sosyete yo, ki pa rive wè klè nan dinamik konstriksyon nasyonal ak mouvman sosyal ; sitou sosyete tankou pa nou yo ki ap redi pou sòti nan you listwa kolonizasyon ak esklavaj. Posesis konstriksyon an poko janm rive nan faz “décisive†li, yon fason solid kote li pa posib pou li fè bak ankò. Toutotan etap sa a pa franchi, kesyon fondalnatal la rete reyalizasyon inite istorik pèp la, nan jwenn, manifeste ak konsolide siman ki mete nou tout ansanm. Tout lòt demach ki voye nou nan chirepit, divizyon, kòm prensipal teren batay, se yon pyèj pou anpeche nasyon an konstwi tèt li. Sa vle di, yo ale nan sans demach zòt ki pa vle nou ekziste kòm nasyon.

Ou pa ka kanpe kan popilè a nan lespri pou w kraze inite istorik pèp la. Kapasite w, ladrès ou pou w kanpe kan popilè a, pou ranfòse inite istorik pèp la pou rive bati nasyon an, se sa ki montre wòl ‘hégémonique’ ou nan demach liberasyon an. San sa ou pase akote misyon istorik pèp la pou fikse pito enterè kèk kategori sosyal. Kanpe kan popilè a pandan w ap kondi tout pèp la sou chemen liberasyon li, se jwenn kote enterè popilè yo fè youn ak enterè siperyè nasyon an. Li fasil pou jwenn kote enterè popilè yo antre an kontradiksyon ak enterè boujwa-z yo. Li fasil pou jwenn kote sosyete a divize pak an pak. Men soude enterè popilè yo ak enterè siperyè nasyon an pou w pran direksyon demach pou konstwi nasyon an, se sa ki mande ladrès ak entelijans.

Batay kont enjistis sosyal se yon konba ki nòb, ki enpòtan tou. Men se pa prensipal tach istorik nou, nou menm ayisyen. Enjistis sosyal la, nan peyi pa nou, pouse nan yon dinamik dominasyon espesifik. Menm kan listwa montre nou ou pa kapab konstwi nansyon an sou baz enjistis sosyal nan voye nan kwen majorite popilasyon an, mas pèp la, li enpòtan anpil pou nou pa twonpe nou sou tach istorik fondalnatal la.

Prensipal tach istorik nou, se konstwi yon nanchon granmoun pou pote flanbo liberasyon nèg-ès bosal ak pèp rasin yo.

Kifè, kesyon an gen twa dimansyon marasa. Ou pa ka manyen youn san lòt. Pandansetan, matris, manman vant poblèm nan, se sòti anba sistèm dominasyon an. Yon fwa sa klè, nou ka konprann twa dimansyon marasa sa yo ki se:

• Konstwi nasyon an

• Jistis sosyal

• Demokrasi oubyen ‘Eta de Dwa’

Poutèt konstriksyon nasyon an bloke nan pasaj, bati demokrasi a ak reyalize jistis sosyal la, pran yon aspè espesyal. Li pa poze menm jan ak nan yon sosyete, yon nasyon ki deja solid. Si nou pran ekzanp jistis sosyal la, li pa poze senpman tankou yon kategori sosyal k ap esplwate yon lòt, kote li ta sifi pou chache pran mezi pou redrese sitiyasyon an. Li poze kòm yon majorite moun k ap viv andeyò sosyete a, andeyò nasyon an, ki pa jwenn plas yo andedan yon ansanm ki ta rele sosyete, ki ta rele nasyon. Li depase zafè esplwatasyon ekonomik. Li depase zafè inegalite sosyal. Se menm lojik sistèm dominasyon esklavaj la k ap kontinye, sistèm nan ap refè tèt li san rete. Paske pa gen yon moman kote nou te kase li pou nou te di nou fini ak li.

Divès kategori popilè yo, se an reyalite yon kantite moun yo pa konsidere kòm moun ki fè pati yon nasyon, yon sosyete. Yo eritye sitiyasyon zansèt yo nan sistèm esklavajis la. Se poutèt sa kèk save di se yon sistèm kolonizasyon entèn osèvis yon dominasyon etranje. Yo konsidere sa tou tankou yon fòm ki gen yon ti kras amelyorasyon pa rapòt ak sistèm esklavaj la.

Batay ant klas yo fè sans, se nan kad yon soyete ki tabli, k ap fonksyone. Nan ka pa nou, fòk nou klè sou sa: nou poko finman gen yon nasyon, yon sosyete. Se nan yon demach nou ye nan sans sa a, men ki bloke nan pasaj ; paske gen yon lòt nasyon, yon gwo pisans ki mete pye sou kou nou depi prèske yon syèk (90 lane/1915-2005). Nou ka konprann sa byen, paske lè blan meriken vin tabli dominasyon li an 1915, se ekzakteman pou anpeche nou konstwi yon sistèm ki ta ka fin kaba nèt tout mak fabrik sitèm esklavaj la. Se pou sa nou di : demach liberasyon 1791-1803 a pran yon gwo kou ak okipasyon 1915 la ki bloke li nan pasaj pou jouk jounen jodi a.

Kifè nou pa ka aplike san gade dèyè, menm zouti analiz yo sèvi pou ekzamine yon sosyete nòmal. Akòz sitiyasyon sa a, sa nou rele klas sosyal yo, yo menm, yo pa finman tabli. Se yon seri kategori sosyal ki t ap konstwi men ki rabi, defòme, mafreze, menm jan ak sosyete a. Se poutèt sa, nou ka jwenn mak fabrik lumpen nan, nan tout kategori sosyal yo. Sa pèmèt nou konprann tou, kouman fenomèn chimè a travèse sosyete a pak an pak, ak poukisa tou li rive pran epi gaye ak rapidite konsa.

Se pousa, nou panse moun k ap pwopoze zam kòm solisyon poblèm nan pa konprann anyen nan anyen, menm jan ak sila yo ki konprann se nan yon sektè sèlman fenomèn nan sòti. Okontrè se yon fenomèn ki sòti nan pwofondè nannan sosyte mafreze a, ki rive nan yon etap dekonpozisyon kadav pouri. Pa gen anyen ki ka frennen degrenngolad sa a, san se pa yon chanjman radikal pou sòti anba sistèm dominasyon an ; oubyen chache yon lòt fòmil dominasyon ki ta ka pèmèt li kontinye rale yon souf pou yon ti tan, jan kominote entènasyonal la, ap debat tankou nan yon panyen kra, pou eseye fè l la. Mak fabrik chimè a, se pa yon fenomèn majinal, sou kote, se fòm yon sosyete mafreze pran pou li kontinye debat nan kad mondyalizasyon / modènizasyon an.

Peyizan pa ka plante, ouvriye pa ka travay, pèp pa ka manje, timoun pa ka ale lekòl, jèn pa gen inivèsite pou yo ale, boujwazi pa ka fè konpetisyon. Tren mondyalizasyon an pase kite tout kategori moun sa yo ak tout vitès. Mondyalizasyon an pase sou zantray yo. Tout kategori sosyal mafreze bije pran yon chemen detounen pou yo pa peri. Chemen detounen sa a rele trafik dwòg, bandi, kidnaping, chimè, kòripsyon toupatou.

An nou konstwi kan popilè a
pou kondi posesis konstriksyon nasyon an

Tande byen! Nou pa vle di sosyete a pa gen divès kategori sosyal ladan, ki gen enterè depaman, ni tou fòk ou fè kòm si pa gen enjistis, esplwatasyon, peze-souse, prejije, esklizyon elt... Nou di se vre tou, fason kèk sektè wè pou defann enterè yo, òganize biznis yo, chita sou esplwatasyon richès peyi a devan-dèyè, san mizèrikòd. Fason sa yo depaman nèt ak konstriksyon nasyon an. Nou di batay kont esplwatasyon, enjistis, esklizyon, elt...se nan kad dinamik konstriksyon nasyon an menm pou li poze. Pou sektè sa yo rejwenn inite istorik pèp la, fòk yo asepte yon lòt mannyè pou yo mennen bak ekonomik peyi a. Reyalize inite istorik pèp la mande pou nou klè, pou nou pa jwe ak sa ki konsène enterè siperyè nasyon an. Kifè, se pa yon bouyi-vide kote tout voum se do. Okontrè, inite a se sou baz enterè siperyè nasyon an l ap tabli. Tou sa ki depaman ak enterè siperyè nasyon an, depaman ak inite istorik pèp la. Tout sa ki depaman ak inite istorik pèp la, depaman ak enterè siperyè nasyon an. Se pou tèt sa nou di, modòd la, pou nou menm ki gen angajman popilè, se :‘An nou konstwi kan popilè a pou kondi posesis kontriksyon nasyon an ’.

Nou kwè, si se sou direksyon ‘hégémonique’ avangad kan popilè a, inite istorik tout pèp la reyalize, dinamik konstriksyon nasyon an ap pi djanm, pi asire. Bati kan popilè a pou mennen dinamik inite istorik pèp ayisyen an, pa menm bagay ak voye toya kont boujwazi nan yon swadizan afwontman fas pou fas, klas kont klas, pandan menm baz fizik peyi a ap depafini. Pandan n ap pretann ak yon ti ponyen moun afwonte boujwazi a, nou paka pote ankenn repons devan avilisman leta dominiken ap fè konpatriyòt nou yo sibi, ni nan divès lòt ka, kote se ekzistans nou menm kòm nasyon, kòm pèp zòt ap pase anba pye. Lè leta dominiken ap pimpe ayisyen deyò tankou zannimo, se tout ayisyen-èn ki avili, menm kan nan makòn moun sa yo pa gen boujwa ladan li.

Bati kan popilè a pou mennen inite istorik pèp la, se rive devlope kapasite pou nou mobilize boujwazi a, pou l al manifeste sou fwontyè a kont ajisman leta dominiken, pa egzanp.

Nou kapab konsidere jounen jodi a demach gwoup 184 la kòm yon tantativ entelijan epi enteresan, kèk sektè nan boujwazi a fè pou reyalize yon inite, pou avanse ak fason pa l li wè pou nasyon an ta konstwi, osinon, pou sosyete a ta mache.

Travay nan kan popilè a pa ta dwe vize voye toya osinon kanpe ankwa an fas demach sa a. Nou ta dwe pito montre kapasite nou pou ranfòse tèt nou, fè inite nan mitan nou pou nou kapab gen yon pozisyon ‘hégémonique’ nan dinamik refondasyon nasyon an. Listwa montre nasyon an pa ka bati sou esklizyon, enjistis sosyal, prejije rasyal. Se sa nou gen pou kontinye afime. Men tou, « hégémonie » kan popilè a, ap tabli tout bon, lè nou montre gen lòt altènativ nan plas zak kriminèl, koupe tèt boule kay, vyolans ak chimè.
Atravè gwoup 184 la ak lòt inisyativ, sèten sektè nan boujwazi a ap eseye tabli kontwòl li sou ansanm sosyete a pou pote pwòp repons pa li nan kesyon lavni nasyon an. Sa pou nou reflechi, se konprann nan ki mezi demach sa yo ak enterè sektè k ap mennen l yo ka rankontre enterè siperyè nasyon an. Nan ki mezi demach sa a ap poze kesyon fondalnatal ki se retire pèp la anba sistèm dominasyon an, pou nou reprann chemen liberasyon an, pou rekonstwi nasyon an. Alòs, si nou kite se yon demach ki pa ale nan sans sa a ki tabli kontwòl li sou lespri moun atravè laprès ak lòt aparèy ideyolojik tradisyonèl yo, si nou kite se yon sektè ki pa gen enterè nan poze poblèm fondalnatal yo ki kontwole dinamik sosyal yo, lè sa a, n ap tonbe nan raje, tout nasyon an ap koule. Se pou sa, kanpe kan popilè a yon fason granmoun ak pwòp vizyon pa l, pou kondi li menm dinamik inite istorik pèp la, se yon nesesite. Lè nou di sa a, fòk nou konprann kanpe kan popilè a, se pa sèlman sou plan konpozisyon sosyal li, se sitou sou plan oryantasyon ideyolojik li. Sa vle di defini klèman direksyon batay la, estrateji li ak taktik li. Depi oryantasyon an, se pa sòti anba sistèm dominasyon an, li pa kadre ak tach istorik pèp ayisyen an. Li p ap kapab nonplis tou reyalize inite istorik pèp ayisyen an. Alaverite, jounen jodi a, poko gen ankenn sektè ki anvizaje konstwi tèt li nan dinamik ranpli misyon istorik pèp ayisyen an. Tout moun anbake nan yon demach konfizyon osinon soumisyon anba sistèm dominasyon an. Swa yo chita nan yon zafè lit ant klas yo, swa sou yon koze demokrasi vagman vag. Alòske, an reyalite, youn nan koze sa yo pa andeyò kesyon an, men an menm tan tou yo pa nannan koze a.

Pou pèp la sòti nan tenèb esplwatasyon, mizè, iyorans, vyolans kraze-brize, enjistis, pou li rantre nan limyè liberasyon total, kan popilè a dwe bati yon avangad ki kapab leve nivo deba a, monte drapo mobilizasyon an piwo, ak anpil angajman, detèminasyon ak kouray, men tou, nan respè tout lòt sektè k ap manifeste jan yo wè lavni nasyon an, fason pa yo. Se nan konprann richès divèsite sa a, nan yon lespri tolerans sou baz matris istorik ak kiltirèl nou, n ap rive konstwi yon nanchon tout bon alawotè defi tan jodi a ki pa tan ayè.

An nou evite distraksyon
an nou fikse je nou
sou chemen liberasyon an

Pa gen ankenn goumen ant ayisyen-èn pou pouvwa politik ki merite, pou yon moun ki gen bon sans, pran pozisyon pou yon kan oubyen yon lòt. Kèlkelanswa kan ki ta parèt gen rezon an, osinon antò, se menm penpenp lan. Paske jwèt la deja pyeje. Se yon pèlen-tèt kote enterè pèp la ak nasyon an deja sakrifye. Tousa ki pa rive fèt nan yon tèt ansanm, yon inite san fay, pa gen anyen pou wè ak enterè siperyè nasyon an. Piske objektif ki dwe klè pou tout moun se reprann chemen liberasyon an, nan wete tèt nou anba sistèm dominasyon an. Pèsonn pa ka gen rezon nan goumen pou yon pouvwa politik ki se zouti sistèm dominasyon an. Se tankou yon gwoup prizonye-èz k ap chirepit pou konnen kiyès k ap majò prizon an olye yo met ansanm pou libere tèt yo.

Sa pa vle di yon gwoup moun, yon òganizasyon pa kapab antre sou teren politik la pou fè vanse batay pou liberasyon anba sistèm dominasyon an. Sa pa vle di ou dwe vag sou tou sa k ap pase nan panyen krab la. Fòk ou gen konsyans se yon panyen krab ki merite kraze paske, li pa gen ankenn pespektiv liberasyon li ka donnen. Men fòk se nan kad yon demach taktik ki fèt ak anpil ladrès pou pa detounen tèt nou, ni pèp la, sou chemen estratejik pou ranvèse sistèm dominasyon sa a. Objektif estratejik sa a dwe parèt aklè nan kèlkelanswa demach taktik nou vle adopte.

Se pousa, nou envite tout ayisyen-èn konsekan pou yo pa angaje tèt yo nan ankenn batay politik ki pa vize klèman pou ranvèse sistèm dominasyon an. Chirepit pou voye kandida monte nan eleksyon, tou sa se kakarat dèyè bwat ; divètisman makyavèl pou fè nou gaspiye enèji nou nan aktivite san grandè, san enterè pou pèp la ak nasyon an. San sa, apre chak mobilizasyon sa yo, n ap toujou tonbe nan desepsyon. Paske objektif yo pa kadre ak ekzijans istorik liberasyon pèp ayisyen an. Ni nan estrateji batay la, ni nan lavi chak jou, nou dwe ap poze aksyon ki vize liberasyon pwòp tèt nou ak liberasyon pèp la. Se nan batay liberasyon pèp la nou ka libere pwòp tèt nou. Se ak konsyans nou dwe travay pou nou libere pwòp tèt nou, n ap kapab patisipe nan liberasyon pèp la. Konsa n ap vin gen konsyans nou menm ak pèp la nou pa separe.
Lè w antre nan pwofondè keksyon an w a jwenn se yon sèl ak menm bagay ki pa ka separe. Pa gen mwayen pou ou jwenn yon chemen detounen pou chape poul ou pou kont ou. Malgre tout aparans, ou nan pèp la, pèp la nan ou depi w te deja fèt ladan l, desten nou mele ansanm. Doulè li kou bonè li, ap rapousiv ou kote w ye, menm si se nan yon fòm ou pa konprann.

Pa kite yo vire lòlòj nou
Nou p ap pran fwomaj pou lalin

Pèp Ayisyen an viktim yon konplo entènasyonal, akòz wòl istorik li nan batay pou libere nèg-ès anba sistèm dominasyon rasis kolonyal esklavajis. Pèp Ayisyen an viktim yon konplo entènasyonal gwo pisans ki bati richès yo sou esklavaj, esplwatasyon ak dominasyon nèg-ès. Pèp Ayisyen viktim yon konplo entènasyonal, paske li te leve kanpe pou trase chemen liberasyon nèg-ès nan Amerik la. Pèp ayisyen ap sibi jouk jounen jodi a, paske li te oze montre nèg-ès se moun, tankou moun li kapab viv lib andedan yon nasyon li konstwi, l ap dirije. Men kòz fondalnatal tout briganday k ap kontinye fèt sou tè Dayiti jounen jodi a. Se sa timoun nou yo gen pou aprann si pou yo viv nan tèt ansanm, nan kè poze, pou yo pa tounen restavèk blan yon bò osinon bandi, chimè-z, yon lòt bò.

Pa kite moun plen tèt nou kòmkwa se nou menm ki ta gen prejije rasis, lè n ap poze kesyon paspouki ki gen nan sosyete sa yo ki chita sou diskriminasyon, sou baz koulè po. Se yo menm ki vini ak sistèm nan, se pa nou menm. Okontrè nou menm se konbat n ap konbat li. Men pousa, nou pa ka fèmen je nou sou reyalite rasis ki kontinye ap make relasyon andedan sosyete yo ak relasyon entènasyonal la. Nou ka wè la a tou kouman se viktim yo, yo vle fè pase pou bouwo. Olye yo konsidere prejije rasis yo kòm konsekans sistèm dominasyon an, yo pito voye reskonsablite a sou do viktim yo, yo menm. Kòmkwa se nou ki gen prejije, ki pa vle wè blan, k ap poze poblèm koulè. Ou mèt fè tout ekzibisyon entèlektyèl ou vle pou w fè sistèm nan plezi, laverite a ap toujou eklate nan figi w.

Fòk nou klè : nou fè pati yon klas moun malfezan fòse antre, anba kou ak tout sòt move tretman, nan yon sistèm ki pa bon pou nou, sa nou pa t deside. Jouk jounen jodi a, jan n ap viv la, se pa nou, ni zansèt nou, ki te deside viv konsa. Se zòt ki fòse nou fè sa nan enterè pa li. Se pou sa nou menm ak pitit nou pa ta janm ka reyisi nan sistèm sa a paske li pa t prevwa pou sa. Grenn nou menm ki swadizan reyisi ladan an, se anba anpil jefò pou n vin sanble ak zòt nan jete ak nye tou sa ki fè idantite nou, tou sa ki fè nou nou menm. Menm la a, se sistèm nan li menm ki òganize yon ti pasay janm boutèy, yon ti devire chalimo, pou filtre grenn pa grenn youn ou de nan nou, pou nouri fo lespwa yon nèg-ès ka rive degaje w. Alòske mas pèp la kontinye ak koupi nan malsite. Andedan peyi ki pi rich ki pi pisan sou latè, nèg-ès nwè ak endijèn kontinye ap sibi tout kalte kalamite. Se yo ou jwenn pi plis k ap jemi nan prizon. Se yo ou jwenn pi plis ki pa konn li ak ekri, se yo ou jwenn ki nan chomay, ki gen tout kalte vye maladi. Men sitirasyon an !!! Se pa yon aza ni yon defo pèp nou an, ras moun sa a ta genyen nan nati li. Li pa tanpe ak yon move so osinon fabrike ak move materyo. Se konsekans istorik yon sistèm dominasyon ki tabli sou li. Devennkòde a, se la li ye, li pa lòt kote. Solisyon an, se ranvèse sistèm dominasyon sa a pou nou pran chemen liberasyon an. Keksyon an, se pa konte grenn nèg ak nègès nwa ki rive nan gwo pòs ozetazini. Keksyon an se konnen èske se sistèm dominasyon an ki wè nesesite pou itilize yo pou ranfòse tèt li osinon se sistèm nan y ap ranvèse, y ap chanje. Sistèm dominasyon an toujou mete sou pye yon demach pou blanchi kèk nèg ak nègès pou mete osèvis li. Sa pèmèt li maske vrè nati li, epi anpeche chodyè a eklate lè li bouyi twòp. Se nan ti espas sa ou jwenn kèk nèg-ès toujou ap eseye foure tèt yo pou fè yon pikekole endividyèl. Sa sèvi kòm baz yon popagann ideyolojik ki vle fè kwè reyisit la chita sou jefò pèsonèl chak moun. Kòmkwa, pa ta gen yon sistèm dominasyon byen òganize ki favorize yon kategori moun, yon klas moun, yon ras moun sou yon lòt.

Nou p ap pran nan blòf ki di se nou ki pou redi sòti tèt nou nan mizè pandan nou anba yon sistèm dominasyon ki pa ba nou ankenn jwen. Fòk nou sispann bwè labouyi sou kote pou nou ale dirèk-dirèk nan sa nou vle a, ki se: yon pataj richès ak mwayen limanite genyen aladispozisyon li pou garanti minimòm aseptab pou moun viv tankou moun. Tout richès ak resous sou tè a dwe sèvi pou leve nivo tout limanite nan respè youn pou lòt. Fwontyè yo pa dwe sèvi tankou yon baryè pou separe grangou ak lamizè yon bò, vant plen ak gaspiyay yon lòt bò. Yo fin souse san pèp la, ponpe tout richès peyi a, epi y ap mande pou nou devlope, modènize ak lasibab lacharite ONG, oswa kout ponya FMI Bank Mondyal, anba dominasyon gwo pisans piyajè.

Nou pa gen pou n ap debat pou wè si n a sòti nan soudevlopman, nan fè ti pwojè popetwèl, resevwa ti èd manje tè yanm-yanm kaka-chat. Nou pa gen pou n ap redi bat dlo pou fè bè anba yon sistèm peze-souse. Limanite gen ase mwayen, richès lajan, ak teknik pou kaba lamizè. Nou dwe ekzije pou gwo pisans yo sispann gaspiye resous planèt la nan pwodi sa nou pa bezwen, fabrike gwo zam fannfwa, fè granpanpan. Nou dwe ekzije pou yo envesti resous yo, pou mete tout peyi nan yon nivo minimòm aseptab, pou moun viv kòm moun. Sa vle di gen dlo, elektrisite, manje omwen yon fwa pa jou, jwenn swen sante, resevwa pen lenstriksyon, garanti yon minimòm sekirite materyèl, sosyal, sikolojik, nan yon klima lapè. Se yon ekzijans pou nou mobilize pou nou revandike olye nou rete ap chirepit pou zafè restavèk sistèm dominasyon an. Toupatou pèp yo dwe kanpe pou di y ap sispann bourike, yo reklame jistis ak reparasyon.

Sou tras kongrè bwa kay Imanm

Woumble Bwa Kay Imanm an 1791 te fikse misyon istorik pèp Ayisyen ki se « jete imaj Bondye blan an, koute kri Libète ki andedan kè nou ». Se travay liberasyon sa a nou gen pou nou reprann kote li te kanpe a, pou nou pouse l jouk nan bout.

Woumble Refondasyon Nasyonal la vize pou mete yon bout definitif nan eritaj esklavaj devennkòde, ni nan mantalite nou, ni nan fason nou wè lavi a, ni nan fason nou òganize lavi a. Se eritaj devennkòde sa a, blan meriken te vin ranfòse an 1915 pou anpeche nou sòti ladan, ki fè depi 90 lane pèp Ayisyen pèdi dwa granmoun li pou deside li menm ki chemen li dwe pran ak ki dirijan li chwazi pou mennen bak destine nasyon an. Ou mèt tande tout pawòl sou jan Ayisyen-èn pa bon, sitiyasyon peyi Dayiti jounen jodi a se, avan tout lòt bagay, konsekans konbinezon sa a sou do pèp Ayisyen ak peyi Dayiti. Se rezilta plizyè syèk esklavaj ak 90 lane anba dominasyon blan meriken. Nou dwe chache reskonsablite nan sa ki fè nou tonbe nan sa. Men rezilta a : se konsekans dominasyon zòt tabli sou peyi a. Reskonsablite nou, se sòti anba dominasyon an, se pa akize tèt nou pou sa k ap pase anba dominasyon an. Akize tèt nou pou sa k ap pase anba dominsayon an, se pi gwo siy alyenasyon ki genyen. Se yon pretèks tou pou nou pa goumen pou n sòti anba dominasyon an. Paske, pou sèten moun, demach sa a parèt twòp pou kouray yo. Poutan wè pa wè, vle pa vle, n ap bije pase nan kalfou sa a kanmenm, si nou vle koze yo chanje pa bò isit. Repran dwa granmoun nou, pou nou ka deside nou menm ki lavi nou dwe mennen ak ki dirijan nou chwazi pou mennen travay sa a. Pa gen ankenn chemen pa bwa k ap mennen nou okenn kote, sinon sòti nan yon fòm dominasyon pou tonbe nan yon lòt. Chemen liberasyon zansèt yo te trase a mande pou nou kase tout chenn dominasyon etranje si nou vle kondi demach sa a nan bout li.

Se yon konba pou touche konsyans limanite, nan yon moman kote l ap travèse yon kriz moral, yon enkyetid pou lavni lèzòm sou latè a. Se yon konba kote nou pral repran eritaj revolisyon 1791-1803 a pou manifeste mak fabrik inivèsèl li, pou avansman tout limanite. Se yon konba pou jistis ak reparasyon ki pwal mobilize tout konsyans eklere pou pèmèt limanite netwaye yon fot san parèy ki sal listwa moun sou tè a. Kapasite nou pou nou repran flanbo lit liberasyon an, pou mete l nan nivo, ap detemine ekzistans nou kòm pèp ak wòl nou gen pou nou jwe nan kalfou sa a nan listwa limanite. Se konba sa a ki pou rasanble nou kòm pèp, k ap pèmèt nou depase tout ti eleman san grandè ki kontinye ap divize nou. Se yon chemen liberasyon endividyèl ak kolektif, k ap frennen machin enfènal k ap trennen nou chak jou pi plis nan yon abim san fon, kote nou pa wè ni devan ni dèyè. Revandikasyon jistis ak reparasyon se yon chemen liberasyon pou tout limanite pou pèmèt nou sòti nan sistèm dominasyon an ki fè ni viktim ni bouwo tounen zannimo. Se sa k fè jistis ak reparasyon n ap reklame a, se pa yon sèvis tanpri-souple n ap mande. Se yon obligasyon pou kominote entènasyonal la ak gwo pisans ki bati richès yo sou piyay, krim ak tout kalte briganday.

Nan kalfou mondyalizasyon nou rive jounen jodi a, se direksyon sa a batay pou liberasyon an dwe pran. N ap di ankò : kase chenn lesklavaj, pou manifeste fyète nou ak diyite nou kòm pèp. Nou pote sou do nou yon gwo pòsyon limanite zòt te dèyè avili, maltrete tankou zannimo. Nou fè pi gwo revolisyon kont prejije rasis lemonn janm konnen. Konsa nou pote yon gwo konkou pou fè limanite konprann atravè diferans, divèsite, li fòme yon sèl. Nou kanpe djanm nan batay kont kolonizasyon, maspinay lòt pèp. Nou patisipe nan rapwochman ant pèp sou latè. Trè souvan mal kou mizè nou kanpe pou kòz ki jis. Nou patisipe nan mete kanpe gwo enstitisyon entènasyonal ki ta sipoze sèvi zouti pou mete lapè ak leve nivo pèp yo sou latè. Tou sa, se rezilta revolisyon 1791-1803, zansèt yo te reyalize a. Se vre li pa debouche sou yon sitirasyon byennèt pou peyi dayiti, akòz tou sa nou konnen. Men, lè w ap reflechi li kòm kontribisyon pou avansman limanite, li pa piti. Sou baz kontribisyon sa a pou byen limanite menm, nou dwe revandike jistis ak reparasyon pou pèp ayisyen. Se nan kalfou sa a revolisyon 1791-1803 rive jounen jodi a. Se la nou dwe reprann flanbo liberasyon an pou leve l pi wo, pouse l pou pi devan. Se fòm sa a batay la pran. Li mande anpil ladrès, entelijans ak kouray pou nou soti nan chemen tradisyonèl ki bay plis enpòtans ak vyolans zam, afwontman kif kif.

Kase chenn nan pye a te mande anpil vyolans fizik, kase chenn nan tèt la mande plis ladrès ak entelijans pou libere ak mobilize konsyans limanite pou konprann, apiye, defann yon kòz ki jis.

Demach sa a ap mobilize yon pa, tout pèp rasin nèg-ès bosal ak desandan yo ki kontinye ap jemi anba sistèm dominasyon an, men tou yon lòt pa, tout konsyans eklere nan limanite ki konprann sans listwa ak enpòtans solidarite nan mitan “race humaine†nan.

Antouka, tout fason, tout mannyè, babilòn nan deja tonbe. Se kadav li k ap bat. Nou pa dwe kontinye pran nan kaponnay madigra malmaske. Ni gwo zam fannfwa, ni briganday ekonomik, se bri sapat.
KSIL, 2005
(vèsyon fen janvye 2006)