Español English French Kreyòl

Español English French Kreyòl

Virewon aktyalite Ayiti : Plizyè dizèn bandi mouri, barikad anpil kote, lapolis nasyonal deplòtonnen sou divès wout

Pòtoprens, 19 novanm 2024 [AlterPresse] --- Maten madi 19 novanm 2024 la, plizyè dizèn bandi ak zam, ki t ap chèche anvayi anpil katye nan kamyon ak ti bis ki te chaje ak zam plis dwón, mouri nan komin Petyonvil ak Pòtoprens. Gen nan yo popilasyon an pase alenfinitif, pandan gen lòt ki eseye chape poul yo nan laravin Boudon an, dapre enfòmasyon disponib yo.

Ant lendi swa 18 novanm pou rive madi 19 novanm 2024 la, popilasyon an met dife sou plizyè bandi nan pwent Pòs machan, anba Lali. Tout lannuit lan, te gen gwo tire tanzantan nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Madi 19 novanm 2024 la, katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan parèt tankou kote ki fèmen nètalkole. Pi fò moun ret lakay yo, pa pran lari akoz tansyon ki blayi depi yon semenn toupatou.

Tout aktivite yo, lekòl, biznis, transpò piblik elatriye, paralize nan komin Dèlma, Petyonvil, Taba ak Pòtoprens.

Barikad plis deplotonnay lapolis nasyonal la

Gen barikad divès kote.

Lapolis nasyonal la deplòtonnen sou plizyè wout nann zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Lendi 18 novanm 2024 la, lapolis nasyonal d Ayiti a twoke kòn ak bandi ak zam, ki t ap fè mannèv pou anvayi katye ak atake biznis nan Dèlma 17, Dèlma 19 ak Dèlma 30, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Se depi lendi 11 novanm 2024 la, kout zam ap fè mikalaw nan plizyè katye / Solino, Nazon, Dèlma 30, Kris Wa, Bwa Vèna, anba Lali ak lòt katye anba lavil Pòtoprens lan. Anpil anpil fanmi toujou sou lapèrèz. Yo krenn bandi ak zam yo ta vin atake yo, boule ak piye kay yo, jan y abitye fè sa.

Malgre gen plizyè inite lapolis nasyonal, k ap eseye anpeche gang ak zam yo pran plis espas toujou, kout zam kontinye chante tou lajounen kou lannuit, nan zòn Vilaj Solidarite ak lòt katye ki sou wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan.

Plis pase 20 mil moun sètoblije ankò kouri deplase sou 4 jou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lanzòn metwopoliten Pòtoprens lan

Sou 4 jou nan mwa novanm 2024 sa a, se plis pase 20 mil moun, ki sètoblije kouri kite lakay yo ankò, akoz atak gang ak zam yo nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Depi mwa dawout 2023 a, se plizyè milye moun k ap kouri akoz laterè gang ak zam yo, nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Se plis pase 700 mil moun ki kouri kite lakay yo pou al pran refij lòt kote, ant 2023 pou rive finisman lane 2024 la dapre chif ofisyèl yo.

Sitiyasyon sa a, kote anpil anpil moun ap deplase kite lakay yo, gen gwo konsekans sou distribisyon manje ak lò pwodui moun plis bezwen yo. Depi lendi 11 novanm 2024 la, zòn metwopoliten Pòtoprens lan vin koupe pi rèd ak rès peyi d Ayiti a, apre tout aktivite ale vini avyon yo, ki te sibi atak gang ak zam, vin sispann. Kidonk, soufrans popilasyon an, sitou fanm ak gason ki pi frajil yo, vin angrave nèt. Se kout rèl Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Elikoptè rekoumanse vwayaje sou peyi d Ayiti

Depi lendi 18 novanm 2024 la, moun rekoumanse tande bri anpil elikoptè k ap fè laviwonndede anlè Pòtoprens, jan sa te konn fèt pandan mwa mas 2024 la, apre tout aktivite ale vini avyon yo te kanpe akoz laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo.

Pèsonn pa rive konnen èske se moun elikoptè sa yo ta vin ranmase, pou fè yo kite zòn metwopoliten Pòtoprens la, ki anba gwo tansyon ak kè sote depi lendi 11 novanm 2024 la.

Men, apati mèkredi 20 novanm 2024 la, elikoptè imanitè Nasyon zini yo ap rekoumanse vwayaje ak pasaje plis kago leje sou peyi d Ayiti, nan benefis responsab lokal y oak Òganis ki pa sou lobedyans gouvènman yo (Ong). Se sa Pwogram lamanjáay ondyal (Pam) fè konnen nan yon nòt.

Vwayáy elikoptè Nasyon zini yo ap rekoumanse nan moman, kote laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo pran yon dimansyon san parèy nan peyi d Ayiti, espesyalman nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Baz Vètyè pou Fòs lame d Ayiti

« Baz Vètyè ». Se non yon nivo espas Fòs lame d Ayiti, ki table sou 10 kawo tè, Konsèy prezidan pou trazisyon an (Kpt) louvri lendi 18 novanm 2024 la, nan komin Taba, okazyon 221 lane depi dènye bataay Vetyè Okap, nan Nò, 19 novanm 1703, lè dènye gwo btay esklav yo pou vin rache lendepandans peyi d Ayiti sou kolon blan franse yo.

« Baz Vètyè a » ka resevwa elikoptè. Se ansyen espas kote Misyon masyon zini an (Minustah) te tabli.

« Ak lespri Poto mitan Vètyè yo, Ayiti p ap peri ». Se tèm sa a Kpt a te chwazi pou 18 novanm 2024 la.

Retabli sekirite nan peyi a, se youn nan 5 chantye traváy Kpt a báy tèet li a gouvènman an.

Si otorite yo bay Fòs lame d Ayiti yo tout mwayen nesesè yo, y ap rive reprann kontwòl tout zòn, katye, komin, ki anba men bandi ak zam yo. Se pwomès Derby Guerrier, ki se kòmandan Fòs lame d Ayiti yo.

Derby Guerrier mande tout militè yo fè tout sa yo kapab, tankou militè ki te mennen batay Vètyè a, pou Ayiti ka rekanpe.

Ratibwazay moun koulè nwa sou teritwa Repiblik Dominiken an

Depi yon moun gen koulè nwa, menm si l se Dominiken oswa lòt nasyonalite, kit li gen dokiman, kit li pa gen papye, militè ak ajan migrasyon dominiken yo pa tande pa wè, y arete yo an gwo ponyèt, al fèmen yon kote nan move kondisyon, anvan yo pimpe yo vini sou teritwa Ayiti a. Se reyalite vyolans ak lòt kalte abi, ki blayi sou teritwa Repiblik Dominiken an depi koumansman mwa oktòb 2024 la.

Nan dat vandredi 8 novanm 2024, nan zòn Come pan ak La Ceiba, ki nan vil Las Terrenas, zòn Samana, nan Nòdès Repiblik Dominiken, militè ak ajan migrasyon dominiken al reveye anpil fanmi ki rete nan zòn nan. Y al demonte pòt kay plizyè moun, vòlò lajan ak telefòn yo, pa kite yo met rad sou yo, epi fòse yo monte kamyon pou al mennen yon kote, anvan yo pimpe yo vini sou teritwa Ayiti a.

Tenwayáy yo rapòte kouman militè dominiken yo fòse yon mesye monte nan yon kamyon, malgre li te montre dokiman l. Gen pou pi piti 2 ti fi militè dominiken yo fòse tou monte nan yon kamyon, nan lari Las Terrenas yo, ki te chaje ak militè vandredi 8 novanm 2024 la.

Operasyon militè ak ajan migrasyon dominiken yo vin lakoz lapèrèz nan vil Las Terrenas, nan zòn Samana a, nan Nòdès Repiblik Dominiken, kote ki konn genyen anpil touris.

Pou yo ka lage yo, chak fanm ak gason migran, militè yo arete yo, dwe peye ant 4 mil pou rive 15 mil peso. Se sa yon rapò ki vin jwenn medya dominiken espacinsular rapòte. [mff ppsf emb rc apr 19/11/2024 13:00]


Posiblite aktivite lapli sou tèt mòn plizyè depatman peyi d Ayiti yo

Imidite a kontinye fèb sou gwo zile Karayib yo, jodi a.

Men, boulvès lokal nan tan an ap báy aktivite lapli, nan finisman apremidi ak aswè, sou tèt mòn plizyè depatman.

Gen solèy sou depatman peyi d Ayiti yo, pandan jounen an.

Ap gen nyáj nan apremidi ak aswè.

Nivo chalè a wo pandan jounen an. Men, l ap bese nan aswè.

Soti nan nivo 32 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann ant 24 pou al 20 degre Sèlsiyis, nan aswè.

Ki jan lanmè a ye jodi a ?

Kaptenn bato, chaloup, bwa fouye, pipirit yo, dwe toujou pran prekosyon nesesè yo bò tout kòt yo.

Vag yo ap monte nan nivo 5 pye wotè bò kòt Nò peyi d Ayiti yo. [rc apr 19/11/2024 11:00]

MÉMOIRE D’ALTERPRESSE


Depuis 2001

Explorer toutes les archives