Español English French Kreyòl

Español English French Kreyòl

Virewon aktyalite Ayiti : Legliz katolik women peyi d Ayiti estomake sou pil ak pakèt fanm ak gason gang ak zam asasinen nan Pon Sonde, anpil solidarite nan Sen Mak ak viktim masak Pon Sonde yo, kòlè moun Latibonit kont politik manfouben otorite yo douvan degenn gang ak zam yo, Salvadò pral voye twoup andedan fòs miltinasyonal la

Pon Sonde (Latibonit, Ayiti), 4 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Se plis pase 70 moun ki mouri anba bal ak anpil anpil lòt moun ki blese ak bal nan masak, gang ak zam Gran Grif Savyen yo fè jedi 3 oktòb 2024 la nan Pon Sonde. Se anpil anpil fanmi k al refijye sou plas piblik Sen Mak la, depi jedi 3 oktòb 2024 la, dapre dènye ranmase ki soti nan vil Sen Mak, depatman latibonit.

Se anpil anpil solidarite moun Sen Mak bay anpil anpil fanmi, ki sètoblije kouri kite Pon Sonde, nan moman atak gang ak zam Gran Grif Savyen yo. Moun Sen Mak bay fanmi sa yo manje ak dlo. Anpil fanmi sa yo te dòmi nan yon lise Sen Mak, lannuit jedi 3 pou antre vandredi 4 oktòb 2024 la.

Gang ak zam Gran grif Savyen yo asasinen plis pase 70 moun, pami yo 10 fanm ak 3 ti bebe, nan masak yo fè jedi 3 oktòb 2024 la nan Pon Sonde, ant komin Sen Mak ak Lestè, depatman Latibonit. Gang ak zam yo boule plis pase 45 kay ak 34 machin, detan yo fòse anpil anpil moun kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote. Gen 2 manm gang Gran grif yo ki blese grav, nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la. Se yon ranmase Wo komisarya nasyon zini pou dwa moun yo.

Gen nesesite pou pou otorite peyi d Ayiti yo mennen bonjan ankèt, ki ka fè limyè ak pèmèt trennen douvan lajistis tout sila, ki te pwograme epi al fè masak jedi 3 oktòb 2024 la nan Pon Sonde. Se rekòmandasyon Wo komisarya Nasyon zini nan zafè dwa moun yo, ki swete fanmi viktim yo va jwenn jistis ak reparasyon nesesè.

Depi lannuit jedi 3 pou antre vandredi 4 oktòb 2024 la, ak sipò fòs miltinasyonal la, gen ranfò ki ale nan depatman Latibonit la, pou rapousuiv gang ak zam Gran grif yo, ki fè gwo masak jedi 3 ontòb 2024 la nan Pon Sonde, ant komin Sen Mak ak Lestè a. Se sa gouvènman tranzisyon an fè konnen nan yon nòt endiyasyon.

Gen anpil ajan polis inite espesyal yo, ki soti Pòtoprens nan elikoptè, k al pote ranfò nan depatman Latibonit la. Ni gouvènman tranzisyon an, pa lentèmedyè ministè lajistis, ni lapolis nasyonal la pwomèt y ap rapousuiv ak trennen douvan lajistis tout manm gang ak zam, ki asasinen ak bal plis pase70 fanm ak gason, ak blese anpil lòt nan Pon Sonde. Gouvènman tranzisyon an pran angajman tou l ap bay fanmi viktim yo akonpáyman nesesè yo.

Pandan tan sa a, moun Latibonit move anpil kont gouvènman tranzisyon an ak lapolis nasyonal la, ki pa janm fè suivi sou tout kout rèl anmwe, y ap fè depi plizyè mwa sou laterè ak degenn gang ak zam Latibonit yo ap plede fè kont yo san gade dèyè.

Zewo tolerans pou bandi ak zam, k ap simen laterè nan peyi a, k ap masakre popilasyon an toupatou sou teritwa Ayiti a. Se deklarasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), ki tou di kouman fòs sekirite Ayiti a koumanse deplòtonnen nan depatman Latibonit, pou fè fas kare ak gang ak zam yo ki masakre plis pase 70 moun nan Pon Sonde.

Nan yon mesaj endiyasyon, apre masak gang ak zam jedi 3 oktòb 2024 la sou plis pase 70 fanm ak gason nan Pon Sonde, depatman Latibonit, Legliz katolik women peyi d Ayiti ekzije bon jan dispozisyon otorite yo, pou fèmen wobinèt san, gang ak zam yo ap plede fè koule divès kote sou teritwa Ayiti a.

Yon lòt fwa ankò, depatman leta peyi Etazini ak Federal bureau of investigation (Fbi) fè konnen y ap remèt 2 milyon dola ameriken, bay moun ki ta ba yo enfòmasyon konsekan, Enfòmasyon, ki ka pèmèt yo rive met men sou chèf gang Kraze Baryè Tòsèl/Pènye a, Vitelhomme Innocent, epitou sou chèf gang 400 mawozo Kwadèboukè yo, Wilson Joseph, ki bay tèt li non Lanmò san jou.

Otorite Etazini yo prevwa 2 milyon dola, bay moun ki va bay enfòmasyon ki ka pèmèt yo arete Vitelhomme Innocent, epi yon milyon dola ameriken rekonpans pou moum, ki va bay enfomasyon ki pèmet yo arete Wilson Joseph, ki bay tèt li non Lanmò san jou. Gouvènman peyi Etazini a di li rete angaje bò kote pèp ayisyen an, k ap sibi dirèk dirèk anba krim ak kriz sa yo. Se sa anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti ekri sou kont X li.

Gouvènman Salvadò a pral voye twoup peyi Amerik santral sa a andedan fòs miltinasyonal la, ki koumanse deplòtonnen depi mwa jen 2024 la nan peyi d Ayiti. Se sa k ekri nan yon akò reprezantan peyi d Ayiti nan Òganizasyon leta ameriken yo (Loea), Gandy Thomas, siyen ak reprezantan Salvadò nan Loea a, Wendy Jeannette Acevedo Castillo. Se sa misyon peyi d Ayiti nan Loea ekri sou kont X li.

Direksyon jeneral imigrasyon peyi d Ayiti fè konnen li deside fè suivi prese prese, pou prepare paspò an ijans pou fanm ak gason migran Ayiti yo, ki ka fè demann pou sa, pou fè fas kare ak desisyon 2 oktòb 2024 la gouvènman Repiblik Dominiken an ki di l ap pimpe, chak semenn pa bò sit, 10 mil migran natif natal Ayiti. [ppsf emb rc apr 04/10/2024 14:42]

MÉMOIRE D’ALTERPRESSE


Depuis 2001

Explorer toutes les archives