Español English French Kreyòl

Español English French Kreyòl

Virewon aktyalite Ayiti : Endividi ak zam asasinen ankò yon lòt polisye nasyonal, Anel Noël, nan Dèlma 72...

Pòtoprens, 21 maas 2024 [AltrPresse] --- Mèkredi 20 mas 2024 la, endividi ak zam asasinen nan Dèlma 72 polisye nasyonal Anel Noël. Polisye Anel Noël, ki t ap traváy nan inite sekrite biwo premye minis la, te soti nan 17tyèm pwomosyon lapolis nasyonal la, dapre Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha).

Mèkredi 20 mas 2024 la, gen 4 endividi, pami yo yon asosye gang moun plis konnen sou non Makandal, ki mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la, nan katye Bristou, Petyonvil. Gen 3 lòt moun, lapolis sispèk ki ta bandi, ki mouri tou nan boukantáy kout zam ak lapolis sou Boudon. Lapolis di li rive sezi 2 machin nan moman operasyon sa yo.

Lannuit madi 19 pou antre mèkredi 20 mas 2024 la, gang ak zam pete anpil kout bal nan katye Jivena, Pèlren, Pegivil, Meyòt, Doko, Kòlèt, Metivye, Bristou, Dèlma 95, Pènye, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Tansyon an ak kè sote a ogmante pi rèd nan divès katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Anpil anpil moun pa ka mennen okenn aktivite. Lekòl, tout kalte komès ak sèvis, labank, elatriye pa ka fonsyone kòmsadwa depi jedi 29 fevriye 2024 la. Sa fè 22 jou depi gang ak zam mete zòn metwopoliten Pòtoprens lan tèt anba, avèk yon sitiyasyon laterè ak vyolans san parèy. Li parèt klè pa gen okenn otorite k ap mennen bak peyi a, Lapolis nasyonal la parèt gen gwo difikilte, pou fè fas kare ak degenn gang ak zam yo, ki kontinye ap simaye laterè plizyè kote.

Toujou gen anpil elikoptè k ap vire, lannuit kou lajounen, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se depi dimanch 10 mas 2024 la moun koumanse tande bri elikoptè tanzantan, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Okazyon jounnen entènasyonal frankofoni nan dat mèkredi 20 mas 2024 la, misyon peyi d Ayiti douvan Òganizasyon leta ameriken yo (Oea) swete yon sipò entènasyonal pou ride pote solisyon nan pwoblèm sekirite ak pwoblèm imanitè yo sou teritwa a. Yon sitiyasyon ki pouse anpil fanmi ap kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote, dapre reprezantan pou yon bout tan peyi d Ayiti douvan Loea a, Gandy Thomas.

Gouvènman prezidan Joe Biden nan ta dwe aji san pèdi tan pou ride peyi d Ayiti retounen nan nòmal. Dwe gen bon jan ankèt sou trafik zam ak bal, ki soti nan peyi Etazini pou al jwenn gang ak zam yo, k ap simen laterè san gade dèyè sou teritwa nasyonal la. Se dizon, nan yon kozman ak laprès, plizyè moun nan leta New York lan, pami yo majistra New York la ak plizyè moun ki sot nan toyo peyi d Ayiti.

Mekredi 20 mas 2024 la, otorite gwoup zile Bahamas yo pimpe tounen nan peyi d Ayiti 264 migran natif natal Ayiti, pami yo 44 fanm ak 3 timoun, ki t ap eseye rantre sou teritwa gwoup zile Bahamas yo. Gouvenman gwoup zile Bahamas yo di l ap kontinye voye tounen nan peyi d Ayiti tout migran, k ap eseye antre san papye sou teritwa yo a.

Migran natif natal Ayisyen yo ta dwe jwenn pwoteksyon espesyal. Okenn peyi pa ta dwe pimpe yo tounen nan peyi d Ayiti, kote laterè gang ak zam yo mete Leta ak tout enstitisyon peyi a plat atè. Se rekòmandasyon Wo Komisarya Nasyon zini pou refijye yo, nan yon not li rann piblik mekredi 20 mas 2024 la.

Nan moman gang ak zam yo ap ogmante laterè ak vyolans nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, nan ki pwen demach pou tabli yon Konsèy prezidan pou tranzisyon nan peyi d Ayiti a ye tout bon ? Eleman repons avèk Raphael André ki se pòtpawòl pati politik Mouvman patriyotik popilè desalinyen (Mopod) sou AlterRadio.

Malgre l te repete li p ap antre nan demach pou rive enstale yon Konsèy prezidan pou tranzisyon nan peyi d Ayiti, pati politik Pitit Desalin chanje pozisyon jodi a. Pati politik Pitit Desalin, Jean-Charles Moïse ap dirije kòm sekretè jeneral, fè konnen li chwazi ansyen jij enstriksyon Okap, depatman Nò, Emmanuel Vertilaire, kòm delege pou vin nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Depi plizyè semenn, pati politik Pitit Desalin toujou deklare kare bare li p ap janm antre nan demach Kominote peyi Karayib yo (Caricom), ki ta swete yon Konsèy prezidan pou tranzisyon ranplase gouvènman defakto Ariel Henry an.

Gwoup Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede) retire non Marie Ghislaine Mompremier. Red/Ede di se Dominique Dupuy, anbasadris delege pèmanan peyi d Ayiti douvan Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco) li chwazi kounye a, pou ta vin andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an nan peyi d Ayiti.

Èske anbasadris Dominique Dupuy dakò pou l ta vin manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an nan peyi d Ayiti ? Èske desizyon gwoup Red/Ede a gen rapò ak gwo diskou Dominique Dupuy te fè, lendi 18 mas 2024 la, nan 219vyèm reyinyon Konsèy ekzekitif Unesco a ?

Pòtoprens tounen yon kapital kote se san k ap koule tout lajounen. Lavi moun ak byen pa gen okenn enpòtans pou gang ak zam yo, k ap asasinen, fè kadejak sou fanm ak ti fi, detan y ap kraze eskanp figi enstitisyon leta yo. Peyi d Ayiti lage poukont li anba sitiyasyon malouk sa a. Se kout rèl anbasadris delege pèmanan peyi d Ayiti douvan Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco). Dominique Dupuy te di endiyasyon l nan yon diskou li te fè lendi 18 mas 2024 la, nan okazyon 219vyèm reyinyon konsèy ekzekitif Unesco lendi 18 mas 2024 la.

Pati politik Fanmi Lavalas chwazi ansyen minis edikasyon Leslie Voltaire. Gwoup pati politik, ki te siyen deklarasyon 30 janvye 2023 a, chwazi ansyen senatè Edgard Leblanc. Mouvman Montana a, ki te siyen akò 30 dawout 2021 an, chwazi ansyen gouvènè Bank santral la Fritz Alphonse Jean. Alyansáy Ariel Henry andedan akò 21 desanm 2022 a chwazi kounye a ansyen senatè Louis Gérald Gilles. Sektè gwo biznis yo chwazi Laurent Saint-Cyr, yo te deja voye andedan Wo konsèy tranzisyon Ariel Henry an, pou vin manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Se Frinel Noël, ki pral nan plas Pierre Jean Raymond André, kòm reprezantan òganizasyon sosyete sivil yo. Frinel Noël ak René Jean-Jumeau pral jwe wòl obsèvatè andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Okenn enfòmasyon poko bay sou dizon Kominote peyi Karayib yo (Caricom), apre plizyè gwoup politik yo di yo chwazi lòt moun, nan plas non moun yo te voye deja yo, pou vin antre andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Èske Caricom pral voye yon nouvo lis bay premye minis defakto Ariel Henry an, jan l te voye yon premye lis 8 non nan jou anvan yo ? [ppsf emb rc apr 21/03/2024 14:06]

MÉMOIRE D’ALTERPRESSE


Depuis 2001

Explorer toutes les archives