Pòtoprens, 11 jiyè 2024 [AlterPresse] --- Chak moun konte. Yo dwe konte chak moun pou yo pa kite pèsonn sou kote. Se mesaj Fon Nasyon zini pou popilasyon (Unfpa), okazyon 11 jiyè, ki se jounen mondyal popilasyon.
Lè Leta pa konte chak moun, li lakoz moun nan pa ekziste. Li pa bay moun nan posiblite pou l jwi dwa fondamantal li yo. Nou ka konsidere ka yon ti fi 10 lane, ki pa ka resevwa sèvis laswenyáy kòmsadwa, paske li sètoblije tounen moun deplase akoz sitiyasyon laterè. Nou ka konsidere tou tout timoun ki pa rive jwenn bon jan pwoteksyon, paske Leta pa anrejistre l depi l fèt. Nou ka konsidere tou ka yon granmoun fanm, ki gen andikap, ki pa ka rive jwenn sèvis sekirite sosyal nan moman kriz yo. Kidonk, monn nan va fè pwogrè lè leta yo konte chak moun, lè leta yo konsidere chak moun, kèlkilanswa kote yo ye, kèlkilanswa moun li ye a. Li enpòtan pou Leta yo miltipliye jefò pou konsidere chak moun, pou pèmèt chak mounn gen plas li nan sosyete yo, pou sosyete yo sispann miwo miba. Se kèk moso nan deklarasyon doktè fanm ameriken, ki sot nan toyo peyi Panama, Natalia Kanem, ki se direktris ekzekitif Fon Nasyon zini pou popilasyon (Unfpa) depi lane 2017.
Nan mwa jiyè 2024 la, nan peyi d Ayiti, popilasyon an nan gwo madoulè avèk laterè gang ak zam yo, ki fòse plis pase 600 mil moun sètoblije deplase depi lane 2023 a. Plizyè milye moun, timoun, fanm, gason, retwouve yo nan move kondisyon lavi, san pa gen okenn estrikti leta ki ba yo bourad, ni ki mande yo sa yo pot pou vann.
Leta peyi d Ayiti, espesyalman ministè ledikasyon nasyonal, dwe pran oserye ak aji kont atak, gang ak zam ap plede fè kont inivèsite Leta d Ayiti a ak inivèsite prive yo, depi koumansman mwa mas 2024 la. Se kout rèl Konferans rektè, prezidan inivèsite ak enstitisyon ansèyman siperyè peyi d Ayiti yo (Corpuha).
Depi plizyè mwa, gang ak zam ap fè zak kraze brize nan Inivèsite prive Goc, ki nan Sous Matla, komin Kabarè, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Samdi 6 jiyè 2024 la, endividi lapolis poko idantifye t al met dife nan Enstiti inivèsite Quisqueya Amerik yo (Inuka) nan komin Taba, depatman Lwès la. Zak kriminèl sa yo, k ap fèt depi koumansman mwa mas 2024 la kont inivisète leta d Ayiti ak inivésite prive yo, se yon siyal klè ki montre kriminèl yo vle kraze plat atè ansyèyman siperyè nan peyi d Ayiti. Se konsiderasyonl Konferans rektè, prezidan inivèsite ak enstitisyon ansèyman siperyè peyi d Ayiti yo (Corpuha)
Depi koumansman mwa mas 2024 la, gang ak zam yo vòlò anpil materyèl epi kraze brize nan plizyè fakilte ak lekòl siperyè Inivésite leta d Ayiti yo. Yo dechèpiye tou, yo kase tou anpil anpil lekòl, bibliyotèk, lopital, sant lasante, biznis, elatriye.
Grèv, majistra doubout yo (ki vle di komisè gouvènman ak sibstiti komisè gouvènman yo) tanmen depi dat mèkredi 19 jen 2024 la, bloke sistèm lajistis la nan 18 espas tribial sivil peyi d Ayiti yo. Se sa òganis dwa moun Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti (Ocnh) di l regrèt, menm lè li rekonèt dwa majistra doubout yo pou fè revandikasyon yo anfavè pi bon kondisyon traváy pase. Ocnh fè pwopozisyon li ta ka jwe wòl mitan jwèt ant ministè lajistis ak majistra doubout yo, pou anpeche sitèm lajistis peyi d Ayiti a bloke.
Rektora Inivésite leta d Ayiti deside laji gwoup travay sou dosye pou fè peyi Lafrans remèt Ayiti lajan, li te fòse peyi a peye pou l rekonèt lendepandans li te rache nan men kolon franse yo nan dat premye janvye 1804.
Gwoup traváy sou dosye dèt lendepandans lan gen 9 moun, k ap travay sou kozman listwa, jewopolitik, diplomasi, ekonomi, antwopoloji, kilti, kominikasyon, angajman kominote yo pou prepare dokiman solid, remèt bay otorite Ayiti yo. Otorite Ayiti yo va yomenm mande Lafrans remèt peyi d Ayiti lajan, li te fè peyi a peye pou l rekonèt lendepandans peyi d Ayiti a.
Tout etidyant ak etidyan, ki te remet memwa finisman etid yo nan lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la, ant mwa avril 2020 pou rive mwa jen 2024 la, dwe reprann demach yo nètalkole. Yo pral rekonsidere tout ekzamen, ki te fèt nan lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la, ant lane 2019 pou rive lane 2023 a. Se desizon, nan tèt kole ak Rektora Inivesite leta d Ayiti a, nouvo Konsèy direksyon lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la fè konnen li pran, sou baz sa ekri nan atik 5 ak 8 akò yo te siyen mèkredi 3 jiye 2024 la.
Mèkredi 3 jiyè 2024 la, Rektora Inivèsite Leta d Ayiti a te siyen yon akò ak lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv lan, pou gen pi bon jesyon nan Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv lan.
Akò sa a prevwa pral gen dispozisyon pou pèmèt pase men kontinye fèt kòmsadwa, nan fason lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv lan ap mache. Li prevwa tou bon jan dispozisyon pou kwape koripsyon, sa k pa sa, nan fakilte dwa ak syans ekonomik Gonayiv la. Epitou dwe gen bon jan relasyon ant Rektora Inivésite Leta d Ayiti a ak Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la.
Tousuit apre yo te fin siyen akò 3 jiyè 2024 la, Rektora Inivèsite leta d Ayiti a te enstale, pou yon manda 3 lane (soti 3 jiyè 2024 pou rive 3 jiyè 2027), yon komite jesyon 3 manm andedan Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la.
Faustin Cupidon, Octelus Dorvilien ak Schadrack Saint-Hillien Thelusma, se 3 moun sa yo ki anchaje mennen bak lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la jis rive 3 jiyè 2027. Gen yon konsèy konsiltasyon 5 moun, ki soti nan òganizasyon Gonayiv yo, ki anchaje kore travay komite direksyon Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la.
Malgre zak laterè gang ak zam yo ki mete plat atè anpil biznis sou teritwa Ayiti a, sistèm woulman lajan nan peyi d Ayiti ap eseye kenbe. Malgre peyi d Ayiti sou yon lis peyi ki pa respekte yon seri prensip entènasyonal nan jesyon woulman lajan, dapre rapò Gwoup finans entènasyonal yo (Gafi), gen jefò rezistans pou eseye fè sistèm woulman lajan nan peyi d Ayiti yo rete djanm. Se dizon konseye prezidan pou tranzisyonn an Fritz Alphonse Jean, apre l te vizite Bank tout bank yo, Bank santral, mèkredi 10 jiyè 2024 la.
Ankouraje Inite santral ransèyman sou woulman lajan yo (Ucref) ak Inite lit kont koripsyon (Ulcc) kontinye pran dispozisyon pou kwape zak koripsyon yo nan enstitisyon leta yo. Se te youn nan objektif vizit, konseye prezidan pou tranzisyon an Fritz Alphonse Jean te fè nan Inite lit kont koripsyon, mèkredi 10 jiyè 2024 la.
Mèkredi 10 jiyè 2024 la, nouvo minis zafè sosyal ak travay la Georges Wilbert Franck deklare tout byen l posede, sa yo rele deklarasyon patrimwán nan. Georges Wilbert Franck pwomèt l ap fè menm demach la, kidonk deklare tout byen li posede, lè li p ap minis zafè sosyal ak travay ankò, jan lalwa 20 fevriye 2008 lan ekzije sa. [ppsf emb rc apr 11/07/2024 15:02]
Suivez-nous – Abonnez-vous
MÉMOIRE D’ALTERPRESSE
Depuis 2001
-
Ayiti : Konbyen kriz vyolans prèske 4 an sa a koute? 21 Desanm 2024
-
Chimen eleksyon poko fin byen balize an Ayiti 19 oktòb 2005




