Wanament (Ayiti), 13 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Byen bonè, anvan jou vandredi maten 12 oktòb 2024 la, yon kantite asayan, yo poko rive idantifye, blese ak bal 3 sou 4 natif natal Ayiti ki t ap travèse zòn La Vigía, sou fwontyè Dajabón ak Wanament lan. Se yon zak agresyon jounal dominiken Listin Diario rapòte.
Asayan ak zam sa yo t ap eseye vòlò sa natif natal Ayiti yo posede.
Youn nan natif natal Ayiti yo, ki blese ak bal anvan jou vandredi maten 12 oktòb 2024 la, rele Hilton Desantus, 28 lane.
Desantus resevwa 2 bal, youn ki soti nan lestomank la, ak yon lòt dèyè janm gòch li.
Lòt natif natal Ayiti a, ki blese ak bal nan mis gòch li, rele Petit Homme, 22 lane.
3zyèm natif natal Ayiti a, ki blese ak bal nan bra dwat li, rele Charis Philippe, 30 lane.
Se sa jounal dominiken Listin Diario ekri.
Listin Diario ajoute militè dominiken, ki nan pòs kontwòl El Laurel la, te mennen 3 natif natal Ayiti, ki blese ak bal yo, nan lopital Ramón Matías Mella, nan Dajabón, kote y ap ba yo laswenyay nesesè. [rc apr 13/10/2024 11:00]
Suivez-nous – Abonnez-vous
MÉMOIRE D’ALTERPRESSE
Depuis 2001
-
Ayiti : Pòtoprens prèt pou tounen yon vil danje 20 jen 2005




