Gotson Pierre
Pòtoprens, 20 avril 2024 [AlterPresse] --- Kite yon bato ki chwe, pou monte nan yon lòt., alòske tan an toujou move.
Sezon siklòn nan pa fini an Ayiti.
Gouvènman defakto a lonmen finalman 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, pami yo 7 ki gen dwa vote pou pran desizyon.
Pase pouvwa a, se depoze yon chay pwa senkant sou do nouvo dirijan yo. Prèske 3 an kataslwòf, nan nivo sekirite, ekonomi ak divès branch sosyal, san konte Leta a ki ajenou.
Se yon malad pou pouvwa tranzisyon an rive fè kanpe pou l mache. Se yon gwo malè pou l fè tounen yon avantaj.
Ayiti bezwen tounen gen lespwa. [gp apr 20/04/2024 08:00]
Suivez-nous – Abonnez-vous
MÉMOIRE D’ALTERPRESSE
Depuis 2001
-
Ayiti : Kisa k pou fèt pou dezantòtye tranzisyon an ? 27 juillet 2024
-
Ekzijans kalandriye tou nèf eleksyon yo an Ayiti 27 novanm 2005
-
Ayiti/Sekirite : Kesyon dwòg la 26 me 2024
-
Ayiti-Medya/Kidnapping : Lage jounalis Edner Décime! 27 jiyè 2022




