Nancy Roc
18 me rive, e avèk li yon kesyon ke anpil Ayisyen ka pa ta renmen poze tèt yo: kisa yon drapo toujou reprezante pou yon pèp ki pa konnen gade tèt li tankou yon pèp ankò?
Ble ak wouj la ta dwe fè nou sonje inite, memwa, sakrifis, ak diyite nou reprann nan gumen pou soti nan esklavaj. Men, kisa k ap rive yon drapo lè nasyon li pretann ini a dechire, blese, vyole, epi touye pa pwòp pitit li yo - kit se manm gang, moun ki finanse gang, konplis ki fè silans, politisyen sinik, oswa sitwayen ki twò lontan abitye blame lòt moun san yo pa janm kesyone pwòp pati responsablite pa yo?
Èske Ayiti se toujou yon peyi lè katye antye pa sou kontwol otorite Leta a ankò? Lè fanmi yo ap dòmi deyò, lè yap kouri kite yon komin pou ale nan yon lòt, lè yo rekòmanse egzile pwop tèt yo nan pwòp peyi yo?
Dapre OIM, gen plis pase 1,45 milyon moun ki deplase anndan Ayiti jodi a, nan yon kriz ki pran yon dimansyon istorik. Pami yo, gen plizyè santèn milye timoun, ki fèt nan laperèz, ki leve nan kouri, ki kondane aprann twò bonè ke kay ka boule, lekòl ka fèmen, lari ka touye.
Pandanstan, yon lòt kote, dyaspora a ap selebre Haitian Heritage Month (Mwa Eritaj Ayisyen) an. Y ap selebre kilti a, gastronomi a, drapo a, memwa a, Dessalines, Vertières, ak fyète ke se Ayisyen yo ye. Yo gen rezon pou yo vle prezève sa ki rete nan grandè nou an.
Men, kijan yon moun ka inyore gwo kontras sa a? Yon bò, drapo k ap flote nan lari Nouyòk, Miami, Monreyal, oswa Pari; yon lòt bò, plizyè milyon Ayisyen ki prizonye grangou, laperèz, imilyasyon ak abandon.
Yon bò, nostalji pou Ayiti; yon lòt bò, efondreman Ayiti.
Yon bò, peyi nou reve a la; yon lòt bò, reyalite a.
Verite a brital: se pa etranje sèlman ki detwi Ayiti. Ayiti devore tou anndan, nan zantray li.
Nou pase twòp tan ap chèche refij nan akizasyon san fen: kolon franse yo, Ameriken yo, Dominiken yo, Blan yo, milat yo, nwa yo, rich yo, pòv yo, boujwazi a, politisyen yo, ONG yo, dyaspora a. Yo tout pote yon pati nan listwa, enfliyans oswa responsablite.
Men fòs nou depanse ap akize tout moun, nou bliye gade tèt nou nan glas.
Kiyès ki livre katye yo bay gang? Kiyès ki finanse zam yo? Kiyès ki achte konsyans yo? Kiyès ki bat bravo pou kriminèl yo lè yo t ap sèvi yon kan politik? Kiyès ki aksepte rayisman klas ranplase sitwayènte? Kiyès ki mete Ayisyen youn kont lòt jis li fè fratènite tounen yon mo vid?
Deviz nou di : « L’Union fait la force ». Men jodi a, deviz sa a sonnen tankou yon akizasyon.
Ki inyon ? Ki fòs ?
Èske se fòs fanmi deplase yo ? Èske se fòs timoun san lekòl yo? Èske se fòs jèn ki pa kwe nan rèv ankò pou konstwi peyi yo, men sèlman pou yo kouri kite l? Èske se fòs yon sosyete kote twòp moun vle vin rich vit, ak nenpòt mwayen, paske yo konprann an Ayiti onètete pa pwoteje w, travay pa sifi, krim souvan peye pi byen pase efò?
Epi gen pi mal toujou: mo inyon an menm vinn sal. Lè yo akize gang yo de masak, vyòl, kidnapin ak deplasman fòse yo reprann ekspresyon "Viv Ansanm" nan, se yon envèsman obsèn nan vrè siyifikasyon sans li.
Yo pa viv ansanm anba laterè.
Yo pa konstwi yon kominote ak kadav, ranson, fanm yo vyole, timoun yo rekrite, fanmi yo chase. Mo yo gen pwa yo. E lè yon peyi kite bouwo li yo vòlè mo fratènite yo, sa vle di dekonpozisyon moral la deja rive byen lwen..
Kidonk wi, nou dwe oze poze kesyon entèdi a: èske pi gwo lènmi Ayisyen an pa pafwa Ayisyen an li menm? Pa paske se nati nou, pa paske se fatalite, pa paske nou kondane pou vyolans oswa echèk. Men paske se yon rayisman ki toujou ap renouvle, ki transmèt, ki manipile, ki rete san pinisyon, ranplase piti piti santiman nasyonal la.
Nou aprann meprize youn lòt anvan nou aprann respekte youn lòt. Nou konfonn debwouyadiz ak sinis, riz ak entèlijans, enpinite ak reyisit.
Nou tolere ti aranjman yo jiskaske yo pwodui gwo krim yo.
Kijan pou rekonstwi yon peyi nan kondisyon sa yo ? Avèk ki siman moral ? Avèk ki enstitisyon ? Avèk ki jenès, si jenès sa a pa wè Ayiti lòt jan ke tankou yon pyèj pou kouri kite oswa yon mache pou piye ? Avèk ki sitwayen, lè plizyè milyon moun twomatize pa menm konnen yo twomatize, pandan y ap pote an silans mak laperèz, dèy, egzil anndan peyi yo, imilyasyon chak jou ?
Petèt sa ap pran de jenerasyon pou geri blesi envizib kriz sa a ap make nan kò ak lespri moun. E menm sa, sèlman si nou finalman kòmanse rele mal la pa non li.
Se poutèt sa 18 me pa ta dwe sèlman yon fèt. Li ta dwe yon egzamen konsyans nasyonal.
Leve drapo a pa sifi ankò.
Mete l sou rad, afiche l sou yon pwofil, chante l nan yon seremoni oswa pote l sou sèn nan yon konsè pap sove Ayiti. Yon drapo pa yon twal majik. Li gen sans sèlman si moun k ap salye l yo aksepte tou devwa li mande yo : verite, responsablite, solidarite, jistis.
Ayiti pa mouri toutotan gen Ayisyen ki kapab refize manti. Men Ayiti pap renèt si nou kontinye ap selebre inyon pandan n ap kiltive rayisman, pale de patri pandan n ap piye l, envoke pèp la pandan n ap abandone l.
Drapo a ap gade nou.
E ane sa a, petèt plis pase tout lòt ane, li pa mande nou sèlman pou nou onore l: li fòse nou mande tèt nou kisa nou toujou pare pou nou fè pou nou merite l.
Imaj : Nancy Roc avèk EA
Suivez-nous – Abonnez-vous
MÉMOIRE D’ALTERPRESSE
Depuis 2001
-
Haïti face à l’IA : Souveraineté ou dépendance ? 14 mai 2026




