Kominike Jistis ak Lapè
AlterPresse resevwa dokiman sa a 21 jiyè 2005
Lavèy antèman jounalis, atis ak powèt Jacques Roche, Komisyon Jistis ak Lapè a eksprime kondoleyans li ak senpati li bay tout fanmi ak zanmi militan pou chanjman sila a.
Komisyon an leve vwa l byen wo pou l denonse yon lòt fwa ankò tout vyolans k ap fèt nan kapital la ak nan tout peyi a. Komisyon an mande : Jous kilè moun ap sispann tonbe viktim anba zak vyolans sa yo nan peyi a ? Jous kilè ap gen moun nan peyi a ki kwè yo bezwen defann enterè yo, etan y ap fè lòt sibi anba tout kalite zak? Jous kilè youn ap sispann fè lòt soufri ? Eske nou tout se pa moun nou ye ak pitit yon menm peyi ?
Lanmò brital sa a fè n poze tèt nou anpil kesyon. Non, vyolans sila a pa kab kontinye konsa. Moun pa fèt pou aji konsa ak moun parèy yo.
Kilès ki reskonsab zak brital ak sovaj sila a ?
Poukisa otorite yo pa t fè anyen pou sove Jacques nan men bouwo yo ?
Ki sa k pouse moun aji ak moun parèy yo pi mal pase bèt ?
Eske nou devan yon lòt ka enpinite ankò ? Kilè enpinite sa a ap fini ? Kilè kriminèl ap blije rann kont pou zak y ap fè yo ? Kilè ap gen jistis san fòs kote ak san voye monte ?
Jacques Roche te angaje tèt li pou chanjman tout bon vre nan peyi a. Li te nan tout batay pou fè yo anile dèt peyi a, pou fè yo respekte anviwònman an, pou tout moun respekte prodiksyon lokal, pou tout moun respekte tout moun.
Li te gen yon gwo rèv pou Ayiti kapab bèl, e pou peyi a kapab yon sous lavi pou tout pitit li yo, sitou pou sa k sou kote yo. Lanmò l pa dwe fè n pèdi pwojè sila a, okontrè se pou tout pitit peyi a met men pou l kab reyalize.
Pòtoprens, 20 jiye 2005
Pou Komite Direktè Nasyonal la,
P. Jan Hanssens, Direktè
Suivez-nous – Abonnez-vous
MÉMOIRE D’ALTERPRESSE
Depuis 2001
-
Ayiti Anba Menas Yon Twazyèm Okipasyon 29 janvye 2004
-
Ayiti-Eleksyon : Pati Kan Pèp mande « goumen pou chanje Leta » 14 décembre 2010
-
Etazini-Eleksyon : Match la rèd 10 novanm 2020
-
Ayiti : 28 lane batay SOFA nan lit pou egalite fanm ak gason 22 février 2014




