Español English French Kreyòl

Español English French Kreyòl

Gwoup Médialternatif ak AlterPresse : 25 lane istwa, yon avni pou n bati

Editoryal

Gotson Pierre

P-au-P., 20 oktòb 2026 [AlterPresse] --- Tankou chak ane, 20 oktòb se yon dat ki gen anpil siyifikasyon pou nou.

Depi 25 lane, nou pran randevou sa a chak fwa ak memwa ak refleksyon sou lavni.

Sa gen 25 lane depi Gwoup Médialternatif plante. Kreyasyon ajans enfòmasyon sou entènèt AlterPresse, yon rezo enfòmasyon altènatif ayisyen, nan menm moman an, te reprezante yon premye aksyon konkrè.

Lòt inite te vin ajoute sou sa, tankou Accès-Médias, MédiaTIC ak AlterRadio, ki te kòmanse fonksyone sou entènèt an 2015, anvan li te kòmanse emèt sou frekans radyo an 2018.

Vennsenk lane apre, gen yon istwa pou nou rakonte, yon patrimwàn pou nou prezève ak yon avni pou reflechi sou li epi kontinye bati.

Videyo editoryal Gotson Pierre pou 25 lane Gwoup Médialternatif ak AlterPresse

Istwa sa a travèse plizyè epòk : epòk « pale ak siy », sou tan diktati makout la, nan ane represyon brital yo ; epòk kote pawòl te pete toupatou, nan ane 1970 yo ; epòk « pale depale », nan peryòd apre Duvalier, apati 1986 ; epi epòk « enfòmasyon an dezòd » n ap viv jodi a.

Depi ane 1960, 1970, 1980 ak 1990 yo rive nan ane 2000, 2010 ak 2020 yo, nou pran tan pou resevwa, aprann epi fè eksperyans ak konesans nou ranmase yo bay bon jan rezilta, pandan nou sèvi ak mwayen nou genyen.

Istwa sa a nou poko rakonte l nan tout richès li. Yon lè sa va fèt.

Pandanstan, ala anpil non moun ki make chemen sa a! Ala anpil modèl, ann Ayiti, nan rejyon an ak pi lwen toujou, ki sèvi kòm referans pou nou eseye fòje yon apwòch kominikasyon sosyal ki adapte ak reyalite nou yo, ki chita sou respè dwa moun, patisipasyon ak itilizasyon tout mwayen ki disponib oswa nou kapab rive jwenn.

Menm bagay la valab pou jounalis enklizif ki konsidere tout kategori moun, jounalis endepandan epi ki respekte prensip yo, yon metye nou fè efò pou nou pratike epi pataje, pandan n ap chèche fè l « fè pi byen » tout tan.

Se yon kous sou distans ki long, se yon maraton ki mande anpil souf nan yon sosyete k ap lite pou l vanse epi ki sanble ap plonje nan yon echèk tankou twou san fon, malgre espwa solid moun ki kontinye kwè nan yon douvanjou tou nèf.

Jodi a, lespwa a se yon defi, nan tout peyi d Ayiti ak nan sektè pa nou an tou.

Vyolans lan kontinye ap fè nou pèdi sè ak frè nan metye a, moun ki sèvi ak plim, mikwo ak kamera. Asasina, kidnaping ak divès kalite atak ap pran chè, sa ki lakòz moun abandone metye a oswa oblije kouri kite peyi a.

Espas ak kondisyon jounalis yo ap travay ap vin pi mal jouwanjou, pandan pwodiksyon enfòmasyon endepandan ap febli, malgre jefò ki fèt.

Volonte pou kontwole enfòmasyon an bay gwo kè sote tou, sitou lè nou konsidere dekrè sou difamasyon 18 desanm 2025 lan.

Malgre menas sa yo, nou pa kapab vire do bay angajman nou pou enfòmasyon ki gen kalite, enfòmasyon ki demokrasi a bezwen tankou san pou li ka viv.

Nou konnen nou se aktè nan yon peyizaj medya k ap transfòme tout tan, ak yon vitès ki ogmante san rete. Nou soti byen lwen, ak konesans ak konpetans pratik nou devlope apati fondman metye a, pandan n ap pran tout plas pa nou kòm aktè nan domèn dijital la.

Nou evolye nan yon ekosistèm enfòmasyon ki sibi gwo transfòmasyon, kote moun k ap pwodui divès kalite kontni ak enfliyansè pran yon plas nou pa ta dwe fè kòmsi nou pa wè.

Se egzakteman pou rezon sa a, gen anpil travay ki rete pou fèt, pou evite konfizyon ant enfòmasyon jounalis verifye ak kontni ki pa kadreak bon jan prensip enfòmasyon, men tou pou anpeche fo enfòmasyon pran pye nan yon kontèks kriz k ap lonje epi ki gen plizyè dimansyon.

Jodi a, se yon ijans pou nou « sove enfòmasyon ».

N ap toujou sou teren sa a, demen ak apre demen, pou nou kontinye yon batay ki pa konsène jounalis yo sèlman. Se tout sosyete a ki konsène, paske, rive jwenn bon jan enfòmasyon moun kapab fè konfyans se yon kondisyon nesesè pou garanti patisipasyon sitwayen ak sitwayèn yo, deba piblik la ak egzèsis dwa demokratik yo.

Se konviksyon sa a ki chita nan fason aksyon Gwoup Médialternatif la pran rasin epi layite. Pi lwen pase enfòmasyon, nou angaje nan sansibilizasyon, edikasyon, pwomosyon kominikasyon sitwayen ak sipò pou demach pledwaye, nan kolaborasyon ak divès sektè nan sosyete a.

AlterPresse, AlterRadio, Accès-Médias ak MédiaTIC se diferan pòt pou antre nan yon sèl eksperyans, ki mare ak divès konpetans.

Yo kontribye pou amelyore aksyon nou tout tan, ak pou reyalize misyon nou nèt al kole. Esperyans ak konpetans sa yo sèvi tou enstitisyon, òganizasyon sosyete sivil la, divès kominote ak medya.

Jounalis ki respekte prensip moral metye a, kominikasyon sosyal ak angajman sitwayen mare ansanm pou kontribye nan ranfòsman patisipasyon sitwayen yo, transparans ak demach pou rive nan devlopman imen dirab.

Men, nou pap twonpe tèt nou : travay la gwo anpil.

Istwa a la, ak sa nou reyalize, eprèv nou travèse ak leson nou tire.

Avni an, bò pa li, rete pou n konstwi l, ak tout lide pwogrè ak tout enèji eksperyans vennsenk lane sa a kapab ede rasanble.

Se nan travay kolektif sa a nou vle kontinye patisipe.
[gp apr 20/10/2026 06:00]

MÉMOIRE D’ALTERPRESSE


Depuis 2001

Explorer toutes les archives