Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Ameriken ap pran teren, men kòmandan Charlemagne Péralte pa remèt yo Leyogàn

Ekri jou madi 11 out 2015

Depi 12 out 1915, yon nouvo prezidan pran mayèt la an Ayiti. Se Sudre Dartiguenave. Militè ameriken, yomenm, y ap konsolide espas yo okipe epi y ap vanse nan operasyon okipasyon an.
Anbasad Etazini nan Pòtoprens anonse Ameriken nonmen yon reskonsab kontwol militè, se kolonèl Eli Cole, epi yon reskonsab zafè sivil, se kapitèn Beach k ap travay ak amiral Caperton depi okoumansman.
Ameriken revoke tout sòlda nan lame, dezame tout kako ki te nan kapital la epi fè yo tounen an pwovens. Yo deja mete men sou Kazèn Desalin ak Fò nasyonal.
Nan lari, yo wè marin ameriken k ap fè patwouy. Y ap fouye machin, (...)

1915/100an : Okipasyon militè ameriken an akouche yon premye prezidan

Ekri jou lendi 3 out 2015

Militè ameriken koumanse okipe kapital la piti piti finisman apremidi 28 jiyè a. Men, gen yon Komite Revolisyonè Pòtoprens ki pran pouvwa a apre lanmò Vilbrun Guillaume Sam. Alatèt li Charles de Delva. Li gen ladan l Charles Zamor, Edmond Polynice, Léon Nau, Ermane Robin, Eribert Saint-Vil Noel ak Samson Monpoint. Li deklare etadsyèj, li entèdi moun pote zam epi li bay kouvrefe.
Caperton voye kapitèn Bleach pran kontak ak divès notab nan kapital la epi vizite jounal yo. Pandanstan, li mande ranfò nan Washington. Marin kontinye debake.
Nan nò fòs kako Rosalvo Bobo yo toujou kanpe sou pwenn fè pa. (...)

1915/100an : Ameriken debake an Ayiti

Ekri jou lendi 27 jiyè 2015

Sanble pye gouvènman an ap pèdi tè nan Pòtoprens, kote gwoup kako ap marinen yon konplo pou jete Vilbrun Guillaume.
Fòk nou di, depi yon ti tan, gouvènman an koumanse fè represyon, epi moun ki santi yo menase, pran anbasad. Yon valè moun chita nan anbasad Lafrans, Angletè, konsila Pòtigal…
Wi, nan konsila Pòtigal, se la sèvo konplo a ta chita. Nouvèl yo fè konnen, nan apremidi 26 jiyè, konplotè yo ap antre ti gwoup pa ti gwoup nan lakou konsila a pou al kache nan yon ti rak bwa ki dèyè kay la. Men, konsil la pa la, li malad, li Petyonvil epi madanm li al wè l.
Temwen rakonte, vè 2 :30 dimaten, nèg ame yo (...)

1915/100an : Ameriken ap prepare debakman militè an Ayiti (ekri/odyo)

Ekri jou madi 21 jiyè 2015

Alòske an Ayiti se twoke kòn pou pouvwa epi rezistans Rosalvo Bobo anfas volonte Ameriken pou pran kontwòl finans Ayiti, nan peyi Etazini, deklarasyon ap fèt pasi pala pou prepare opinyon piblik la pou apiye entèvansyon militè ameriken an Ayiti. Apre deklarasyon otorite ameriken fè ale pou vini nan laprès ameriken, nan koumansman 1915, yo rive anbake opinyon an nan pwojè yo.
« Tanzantan n ap resevwa apèl k ap mande nou pou nou pwoteje vi ak byen ameriken, gwoup revolisyonè k ap opere an Ayiti ak Repiblik Dominikèn mete an danje » : sa a se deklarasyon ki soti nan yon nòt pou laprès sekretè deta (...)

1915/100an : Vilbrun Guillaume pran pouvwa, Rosalvo Bobo mande pèp la pran zam kont Ameriken (ekri/audio)

Ekri jou lendi 13 jiyè 2015

Gouvènman Davilmar Théodore la an difikilte.
Rosalvo Bobo, minis enteryè, poto mitan gouvènman an, monte bato Leta ayisyen Pacific 8 fevriye 1915. Yo panse l al nan nò. Menm kòmandan militè ameriken ki chita sou bato Wheeling, k ap veye nan bè Pòtoprens la, panse sa tou. Li voye enfòmasyon Washington pou di Rosalvo Bobo al Ouanaminthe ak Monte Christi pou deklanche yon lòt revolisyon pou jete gouvènman an.
Poutan, se yon misyon l al fè an Repiblik Dominikèn pou chèche konkou gouvènman dominiken, kòm anvwaye estwòdinè pouvwa Davilmar Théodore. Dapre enfòmasyon yo, li jwenn bon akèy nan men gouvènman (...)

0 | 5 | 10