Haiti

Ayiti : Libète demokratik yo anba chal

Ekri jou madi 6 me 2003

Entèvyou direktris enfòmasyon Radyo Ayiti, Michèle Montas, madan defen jounalis Jean Dominique, bay Marie Hélène Léotin, jounalis Radyo Ase Plere An Nou Lite (APAL), an Matinik, jou 16 avril 2003.
Nan entèvyou sa a, Michèle Montas fè yon rale dosye jistis pou Jean Dominique ki te tonbe anba bal nan lakou estasyon li a, Radyo Ayiti, an avril 2000. Li esplike pouki li pa vle aksepte òdonans lajistis mete deyò sou dosye sa a, ki pa di kilès ki peye pou te fè krim nan. Michèle Montas esplike sitirasyon Radyo a, ki blije rete fèmen depi fevriye pase, nan yon kontèks kote menas fè kenken sou tèt jounalis (...)

GRALIP mande yon leve kanpe pou rete apranti diktatè yo sou kous yo

Ekri jou sanmdi 3 me 2003

Pozisyon GRALIP
3 me 2003
Nan okazyon 3 me 2003 a, ki se yon jounen senbòl nan istwa batay anfavè Libète Laprès toupatou sou latè, Gwoup Refleksyon ak Aksyon Pou Libète Laprès (GRALIP) voye yon gwo pinga bay chanprèl, tèt san kò politik yo, ki fin wè mò, fòk yo ta retire lavi youn nan figi popilè nan Laprès la an Ayiti : nou vle pale de konsè jounalis Lilianne Pierre-Paul.
Konsè Lilianne Pierre-Paul se direktris pwogramasyon Radyo Kiskeya. Sa fè apeprè 30 an depi l ap feraye kòm jounalis. Mèkredi 30 avril 2003, pandan li t ap prezante jounal 4 è a sou Radyo Kiskeya, yo voye ba li yon lèt ki gen (...)

7 rèl pou louvri wout pou dwa nou kòm sitwayen ak sitwayèn!

Ekri jou jedi 3 avril 2003

Deklarasyon Kòdinasyon Nasyonal Pledwaye pou Dwa Fanm (CONAP), nan moman manifestasyon li te oganize nan Potoprens jou 3 avril 2003
Jodi 3 avril 2003 a vini ak yon doub komemorasyon
ï‚· Komemorasyon jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyen, ak
ï‚· Komemorasyon dat sasinay Jean Dominique ak Jean Claude Louissant.
CONAP chwazi dat sa a, dat 3 avril la pou nou manifeste pou DWA nou, menm jan lè nou te mache 3 avril 1986 nou menm fanm, nou te vle fè tout nansyon an sonje Fanm Yo Prezan! Fòk sosyete a respekte Dwa Fanm! Jodi a, nou mete ak plizyè lòt òganizasyon soyete sivil la pou nou di Nou Sitwayen (...)

Bandi lavalas fin dechennen sou peyizan Papay

Ekri jou jedi 20 mas 2003

Yon atik Ronald Colbert
Papay, Ench, 20 mas 2003 [AltèPrès]--- Plis pase 30 bandi lavalas ki te chaje ak zam nan men yo plis baton ak rigwaz te maspinen, nan apremidi 20 mas 2003 a, anpil peyizan ki te soti nan kongrè Mouvman Peyizan Papay te fèk sot oganize nan Papay, soti 17 pou rive 20 mas la.
Sa te pase toupre yon ekip polisye SIMO, ki te mete yo an maskay sou wout ki mennen nan Papay la. Se te yon operasyon kote chimè lavalas te sènen tout vil Ench, espesyalman wout ki mennen nan Papay, dapre sa viktim ak temwen fè ajans AltèPrès konnen.
Militan lavalas yo atake yon machin ki t ap pote (...)

Li lè, li tan pou tout politisyen yo koute vwa pòv yo

Ekri jou madi 11 mas 2003

Nòt pou laprès Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè
5 mas 2003
« Politisyen yo panse tout moun ap fè politik, yo pa bezwen manje ». Se konsa Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè te di nan okazyon Asanble jeneral li, jou ki te 6 desanm 2002. Depi lè a, anyen pa chanje.
Moun sila yo ki t ap goumen yon jou pou demokrasi e respè moun nan peyi a, jodi a twouve yo dozado. Se entolerans ak vyolans nan mitan yo k ap vale devan. Se pèp la k ap soufri. Se lòt, se sa k pa t janm te kwè nan demokrasi ak patisipasyon toutbon, se yo k ap pwofite e ki vin pi rich ak pi awogan chak jou.
Jodi a, Komisyon (...)

0 | ... | 465 | 470 | 475 | 480 | 485 | 490 | 495 | 500 | 505 | ... | 515