Haiti
Ti chèz ba

Lèt tou louvri pou prezidan Jean Bertrand Aristide Nan okazyon 13zyèm anivèsè Lavalas sou pouvwa


Ekri jou sanmdi 20 Desanm 2003

Nasyon Ginen

18 Desanm 2003

Mesye Prezidan,

Jodi a peyi a twouve l devan yon kafou ki enpòtan anpil nan listwa pèp Ayisyen.Se yon moman ki difisil anpil, se yon moman eprèv.Men se yon moman espesyal ki gen yon pakèt siyifikasyon e ki alafwa nesesè nan devni peyi a.Moman sa a ap kesyone konsyans chak sitwayen pi patikilyèman oumenm ki se prezidan peyi aÂ…defakto,konteste eksetera antouka prezidan kanmenm piske tout aparèy leta yo nan men w, se oumenm ki ap dirije.

Wi nou kanpe devan dènye kalfou kote pou nou repran definitivman wout zansèt nou yo te trase pou nou depi Bwa Kayiman an.

Jodi a pèp la ta dwe ap komemore 200 zan viktwa li sou loksidan esklavajis, rasis la pandan li ap selebre anpil lòt viktwa ankò.Men an nou admèt ansanm ke se desanzan lagè chen manje chen, batay san grandè pou pouvwa ak laglwa ki jouk jodi a ap kontinye, 200 zan esklizyon pèp peyizan an nan zafè peyi a (moun andeyò).

200 zan esklizyon ak represyon sou kilti pèp la, sou kwayans li.Nou poko ka bliye divès kanpay rejte pèp la sibi san reparasyon.N ap mande reparasyon, se byen.Men fòk nou kòmanse fè reparasyon sou pwòp tèt pa nou.Nou bezwen libere nou de dappiyanp loksidan jidewokretyen (Judeo-chrétien) fè sou lavi nou ak konsyans nou antanke pèp ki gen dwa pou l diferan.Oligachi tradisyonèl la ak tout lòt klas dominant yo te konplis e se yo ki responsab tribilasyon pèp la depi 200 zan.

Jodi a, nou bezwen yon gran inite tout ayisyen san esklizyon pou nou ka leve defi bati nasyon an tout bon pou nou pran yon nouvo depa, pou nou ka ranpli kòrèkteman misyon istorik nou genyen an nan syèk sila a ak nan nouvo milenè sa a.Men gran inite total sa a selon lòd ak prensip desalinyen an dwe fèt nan jistis ak reparasyon.Paske rezistans pèp la pa gen bout e se li k pou pot laviktwa.

1) Jistis la pou nou vle di:

-  Mete fen ak separasyon esklizyon ki mete pèp peyizan an deyò zafè peyi a depi digdantan.

-  Remèt pèp la tè li ak tout byen li eskanmòtè te vòlò .

-  Rekonèt kilti pèp la ak mòd lavi li konsève nan lakou yo ak nan bitasyon yo tankou yon gwo wòch e se sou gwo wòch sa a menm nou dwe bati nouvèl sosyete entegre nou bezwen an.

2) Reparasyon an vle di :

-  Pou klas dominant yo ak oligachi tradisyonèl yo ta dabò rekonèt tout tò yo fè pèp la ak peyi a epi olye yon nouvo kontra sosyal se pou yo ta ka pwopoze pèp la pito yon mòd redistribisyon richès ak byen peyi a epi pran yon desizyon solanèl mache ak batay bò kote pèp la kont tout tanta ak pwojè lanmò gwo pisans yo sou lavi nou ak souverènte peyi a.

-  Fòk nou tout ayisyen alawonnbadè ta dakò rezoud ansanm tout malantandi ak tout sa k pa janm di nan listwa nou !

ï ¬ Jodi a apre trèzan grabji, gagòt, briganday ak deblozay, pouvwa lavalas la diskalifye tèt li antanke antite ki pou ta ap kondui moman istorik sa a.Se sa nou repwoche w, ou pat janm konprann sans ak fondman mistik moman an. Lavalas pat janm kapab ni menm moutre yon volonte pou menm elve tèt li alawotè ekzijans istorik ak politik peryòd tranzisyon sa a.

ï ¬ Jodi a, tout leve kanpe k ap fèt atravè tout peyi a la a tradui jan tout sektè nan lavi nasyonal la rekonèt oumenm ak tout rejim lavalas la kòm obstak ki bare li devan kafou istorik sa a.

ï ¬ Jodi a, pèp la bezwen pouse bourik li pou pi devan anndan yon lòt espas ak yon lòt dinamik sosyo politik ak kiltirèl.Se nan sans sa a, nan lèt tou louvri sa a, nou vin di w ak anpil sajès : Retire kò w! ale, kite listwa fè chimen l, kite pèp la mache.

ï ¬ Si nou pèmèt nou ekri w pou nou di w sa, se pa rayi nou rayi w.Okontrè, se paske nou pa ta renmen sa fini pi mal pou ou, yon fason pou sa ta ofanse aspirasyon pèp la te manifeste nan revolisyon 2 men vid li te fè 16 Desanm 1990 lan.

Fè nou konfyans, se pa ni ògèy ou, ni maji, ni sakrifis, ni represyon ki ap ka kenbe w ankò.

Pèp la deja anmach sou wout laviktwa.
Solèy la pral leve!

viktwa a se pa sou ou, men se sou tèt nou
antanke ayisyen, antanke pèp.

San rankin, ni pasyon, ak anpil lanmou.

Pou Nasyon Ginen:

Ernst Jean-Pierre