Haiti
Ti chèz ba

"Derasinen pouvwa lavalas la se yon etap enpòtan (...) men (...) se pa sa sèlman k ap pote chanjman"


Ekri jou jedi 18 Desanm 2003

Pozisyon gwoup refleksyon ki nan inisyativ
pou kanpe fwon nasyonal popilè Ayisyen sou konjonkti a

Jedi 18 Desanm 2003

Nou menm ansanm òganizasyon ki nan gwoup refleksyon pou mete kanpe yon fwon nasyonal popilè Ayisyen, nou konstate mobilizasyon pèp la jounen jodi a vize depa Aristid nan pouvwa a. Eslogan ki alamòd la "Aba Aristid"! genyen gwo kapasite pou mete moun nan lari. Sepandan demaske diktatè popilis kòwonpi pouvwa lavalas la, sou sèn politik la pap pote yon solisyon pou kriz la, ni oryante lese frape k ap fèt sou beton an nan enterè mas yo.

Menm lè nou menm òganizasyon nan gwoup refleksyon an, nou kwè, derasinen pouvwa lavalas la se yon etap enpòtan nan lit la, ke nou kore, men pou nou menm se pa sa sèlman k ap pote chanjman mas yo ap chache a.

Pou kisa ? Paske pèp Ayisyen an rantre nan yon batay san pran souf, ki gen plizyè etap e ki chita sou plizyè kontradiksyon fondamantal ki mande rezoud.

Kòman Pèp la pral kòlte ak lide epi enterè moun k ap domine sosyete a pou l reyalize chanjman kondisyon lavi l? Nan ki tan sa ka fèt?

Kòman li pral souke leta tradisyonèl la pou l sòti nan represyon, diktati ak vyolasyon dwa fondamantal li?

Kòman l ap fè fas kare ak plan neyoliberal la e kwape tout dirijan restavèk k ap egzekite l yo.

Kòman l pr al defann pwodiksyon nasyonal la, bon jan ledikasyon, lasante elatriye Â…, pou pitit pèp la.

Kòman l ap konstwi tèt li fas a machin eksplwatasyon klas dominant yo?
Fòk nou poze tout sektè, tout moun ki vle pran pouvwa a jounen jodi a, kesyon sou ki pwojè yo genyen, ki bò yo vle mennen peyi a? Jis jounen jodi a eslogan k ap chofe mobilizasyon an se: Aba Aristid kriminèl machann dwòg epi anyen ankòÂ….

Kilès ki pale de revandikasyon Peyizan, Ouvriye, Etidyan, Ti komèsan yo ak mas la an jeneral? Alòske, lavalas pase tout anba pye. kòman y ap rezoud revandikasyon fondamantal pèp la?

Fòk mobilizasyon an grandi, fòk revandikasyon de baz yo sòti. N ap kenbe men ak tout lòt moun pou defann dwa ak libète piblik yo, men nou pa kwè altènativ la se wete yon moun pou mete yon lòt. Nou pa kwè tou, se sa k ap soti mas yo anba dominasyon piyajè yo, anba aplikasyon plan neyoliberal la, anba leta tradisyonèl la.

Nou menm gwoup refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen, n ap konstwi yon zouti batay ki dwe pèmèt pèp la jwenn repons konkrè sou fason peyi a dwe òganize, pou pote repons ak revandikasyon fondamantal li yo.

Nou mande tout òganizasayon ak militan konsekan pou yo pote kole nan konstriksyon inite sa a pou kontinye akonpaye mas yo.

Oganizasyon ki nan gwoup refleksyon pou mete kanpe Fwon Nasyonal Popilè Ayisyen an:

Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A)

Regwoupman òganizasyon Popilè Granmoun yo

Mouvman Inisyativ Apui Popilè (MIAP)

Komite Inisyativ Jèn Machan Desalin (KIJD)

Gwoup Refleksyon ak Aksyon Patriyotik (GRAP)

Efò ak Solidarite pou Konstwi yon Altènativ Nasyonal Popilè (ESKANP)

Mouvman Inite Pèp Okay (MUPAC)

Fwon Rezistans pou otonomi inivèsite Leta a ak transfòmasyon sosyete a

Rasanbleman Militan Solidè Otwou (RAMSO)

Kòdinasyon Rezistans Grandans (KOREGA)

Mouvman Fanm Latibonit pou Devlopman ak lavi Miyò (MOFADEM)

Kmite Jèn Sitwayen Senmichèl de latalay (KOJESMA)

Rasanbleman Peyizan Ayisyen (RANPA)

Konbit òganizasyon Peyizan (KOP)

Pou otantifikasyon:

Joseph J. JASMIN

Antonal MORTIME

Robert BARON

Polycape WESTNER