Haiti
Ti chèz ba

Ayiti-Tranblemantè/Rekonstriksyon : « Koupe fache nètalkole»


Ekri jou jedi 18 mas 2010

Pozisyon mouvman sosyal ayisyen yo sou demach PDNA (Evalyasyon bezwen apre katastwòf) ak kesyon rekonstriksyon nan peyi nou an

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 18 mas 2010

15 fevriye ki sot pase la a Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn lan lanse yon pwosesis nan lide pou evalye bezwen peyi nou an apre dezas 12 janvye 2010 la. Nan lèt li voye bay Nasyonzini Mesye Bellerive presize egzèsis sa dwe debouche sou yon plan devlopman nasyonal estratejik pou yon tan ki long. Travay sa te reyalize soti 17 fevriye pou rive 11 mas la nan sant Konvansyon Karibe Nan Petyonvil e te gen 150 teknisyen gouvènman an ak 90 reprezantan enstitisyon entènasyonal yo ak yon gwo prezans òganis miltinasyonal yo.

Òganizasyon ak mouvman sosyal nan peyi nou an denonse demach sa a ki mete prèske tout aktè ayisyen yo sou kote ak yon patisipasyon byen fèb san kòdinasyon reprezantan egzekitif la.

Nou refize apiye rezilta travay sa a, nou klè reyinyon ki prevwa pou 19 mas la ak òganizasyon sosyete sivil la pa ta ka meyè fason pou divès sektè ki konpoze sosyete ayisyen an patisipe nan definisyon avni nou tout.

Sa fè lontan depi n ap asiste yon seri konferans entènasyonal sou peyi nou an sitou depi lane 2004. Rankont sa yo ki anpil fwa koute anpil lajan, ki reyini reprezantan gwo potanta gouvènman enperyalis yo ak enstitisyon finansye entènasyonal ak sistèm Nasyonzini yo vin tounen yon seri operasyon medyatik ki pa pèmèt nouvo mòd koperasyon ak Ayiti men tou yo vin ranfòse rapò dominasyon sou leta ak tout sosyete ayisyen an.

Nou pa ka admèt yon plan 240 teknokrat entitisyon entènasyonal yo peye byen chè pou fè swadizan pou peyi a, al diskite devan bayèdefon yo anvan li nan Sendomeng kote yo pral fè pwomès lajan nan kad rankont ki prevwa nan syèj Nasyonzini 31 mas la.

Silans total Prezidans lan ki montre li pa bay egzèsis sa twòp enpòtans, Primati a ki pa enplike fòmèlman epi lòt Ministè kle yo ki senpman voye kèk konsiltan mete sou sa absans kòdinasyon ki parèt klè nan gwoup tematik yo sanble vin mete aklè koze ki fè konnen desizyon estratejik yo te prepare lòt kote, nan lòt espas ki gen pouvwa nan men l tout bon an.

Pèp ayisyen deja viv echèk CCI (2004) ak DSNCRP (2007). Move eksperyans sa yo pouse nou rejte egzèsis sa ki pa gen okenn lejitimite nan jan l fèt la epi ki chita sou menm modèl kwasans neyoliberal la parapòt ak plan li pwopoze a. Pou moun ki sou pouvwa a modèl sa a se pi bon modèl ki egziste epi bò kote reprezantan klas politik tradisyonèl la y opa gen pwoblèm avè l malgre gwo kriz sitèm kapitalis la ak dekonpozisyon politik ki chita sou sistèm neyoliberal la.

PDNA ak plan devlopman yo anonse a fè pati demach pou kontinye pase dwa granmoun leta ayisyen an anba pye nan kad okipasyon militè dous ki nan peyi a depi 2004 ki vin mete apse sou klou nan kriz ki gen pou wè ak sistèm lan ak lòt fòm kriz ankò ki bloke devlopman peyi a. Plan sa yo anpeche tout demach pou n ta gen yon planifikasyon nasyonal natifnatal.

Pèp ayisyen an pa ka aksepte rete otaj mòd plan lanmò ak destriksyon sa yo ki déjà lakoz ekonomi ak enstitisyon peyi nou an ap depafini.

Nou dwe reprann destine nou e nou dwe koupe fache ak lojik mizè ak polarizasyon vyolan sa.

Jodi a tranbleman tè 12 janvye a egzije pou nou mete an plas yon demach ki redefini yon nouvo pwojè pou peyi nou an. Pou nouvo oryantasyon sa ka byen chita e pou l reyini kondisyon k ap pèmèt li reyisi – Sa ki vle di pou n soti nan kriz tout bon epi antre nan yon demach pwogrè- gen 2 kondisyon nou wè ki parèt pi enpòtan: Se koupe fache nètalkole ak yon seri pratik epi deklannche yon pwosesis mobilizasyon nan tèt ansanm ant divès sektè.

Yon koupe fache nètalkole ak estrikti ki gen kounye a. kidonk:

Koupe fache ak esklizyon (zafè mete moun sou kote). Peyi nou an konstwi sou yon rapò esklizyon anraje ki vin reyalize tout bon atravè yon vyolans estriktirèl kont klas popilè yo yo fèmen nan yon sitiyasyon mizè menm bèt pa ta dwe ap viv. Gen sa tou nan rapò lavil ak milye riral, Pòtoprens ak andeyò, fanm ak gason, rapò ant jenerasyon, granmoun kont jèn ak timoun e nan refize mete sèvis sosyal pou tout moun jwenn. Koupe fache ak kesyon esklizyon an se kondisyon ki pi enpòtan pou tout entegrasyon ki chita sou jistis sosyal e ki vle rive nan ranfòsman inite nasyonal la. Sa mande chavire estrikti leta peze souse ki gen la epi envante yon nouvo leta.

Koupe fache nètalkole ak depandans. Malgre Repiblik Ayiti a egziste kòm antite endepandan depi 1804, nou te reantre touswit nan yon pozisyon enferyè nan may sistèm kapitalis mondyal la sitou ak zafè dèt vyolan an ak nan rapò depandans ki vin parèt ni nan depandans estritirèl fas ak peyi enperyalis yo, ni nan nivo atitid tèt bese yon gwo pati nan klas politik tradisyonèl la ki montre yon obeyisans ou pa jwenn fasil.

Koupe fache ak yon modèl kwasans ki twò konsantre, ki kont peyizan e ki kont enterè nasyonal la. Depi okipasyon amerikèn 1915 lan ki te vle enplante yon seri agwo-endistri pou ekspòtasyon ki te konstwi sou yon lojik esklavaj, pase nan modèl soutretans entènasyonal rejim Divalye a te enplante an 1969 e ki jounen jodi a jwenn plis jarèt lè nou tande diskou ak tèz Rober Zoellick, Paul Collier, Bill Clinton ak sistèm Nasyonzini yo ak anpil defansè divès vèsyon lwa Hope la. Nou toujou nan pwopozisyon ki chita sou eksplwatasyon anraje mas popilè yo ki fèt nan migrasyon fòse pa pil ak pakèt e nan salè bon mache. Nou dwe konstwi yon modèl kwasans ki chita sou agrikilti, agwo-endistri ki ale nan satisfaksyon bezwen ki pi enpòtan mache nasyonal la pandan l ap reponn ak bezwen alimantè yo (sereyal, viv, lèt, fwi ak pwason) mete sou sa bezwen nou genyen nan kesyon enèji. Tout sa yo dwe fèt nan mete an plas yon nouvèl matris enèjetik ki depann mwens de enèji fosil e ki ap mete an valè pil rezèv enèji renouvlab ki disponib nan peyi nou an (solèy, van, idwoelektrisite, maremotrisite, tretman dechè kap pwodui byogaz). Yon modèl ekonomik ki koupe fache ak lojik rant ak espekilasyon e ki fèt nan lide pwodui richès, bay kilti nasyonal la valè epi rejwenn kapital bwaze nou an.

Koupe fache nètalkole ak rapò ki chita sou pwopriyete prive. Sa ap pèmèt nou devlope espas piblik, byen sosyal, e ki gen rapò ak kolektif la. L ap pèmèt nou redefini wòl ak fonksyonman leta nan reyalize sitou yon refòm fonsyè tout bon.

Yon nouvo Ayiti ap posib sèlman nan batay pou reyalize 4 koupe fache sa yo. Sa ap ka fèt sèlman sou baz yon gwo mobilizasyon kouch popilè yo ki gen enterè nan desantralizasyon ak aksè ak byen piblik yo tankou: sante, edikasyon, dlo potab, asenisman, kominikasyon, enèji elektrik). Kouch eksplwate yo mete sou kote yo ap prensipal aktè pwosesis sa e yo dwe mete an plas yon seri kanpay mobilizasyon, anpil rezèv fòs sosyal ke fanm yo, peyizan yo, jèn yo, atis ak atizan yo reprezante.

Mouvman sosyal yo, sektè pwogresis ak popilè yo ki siyen deklarasyon sa deja lanse yon apèl pou mobilizasyon e yo angaje yo pou reyalize nan yon tan ki pa twò lwen yon asanble pèp ayisyen ki dwe bay dizon l sou yon konstriksyon altènativ peyi nou an ki dwe laji nan yon gwo pwosesis konsiltasyon ak konsètasyon kap pote nouvo souf e ki ap gen ladan eksperyans ekonomi sosyal òganizasyon popilè yo nan yon nouvo pwojè nasyonal.

Kont PDNA a, viv yon altènativ demokratik ak popilè nan yon pwojè patisipatif pou liberasyon nasyonal.

Oganizasyon ki siyen :

Pou otantifikasyon

Guy Numa (MODEP): 38409034

Jesi Chancy Manigat (KONAP)

NON AK SIYATI ÒGANIZASYON OU AKTIVITE

1-Marc-Arthur Fils-Aimé Inisyativ Pati Kan Pèp la

2-Mie Eveline Larrieux SOFA (Solidarite Fanm Ayisyen)

3-Hugue Célestin FEMODEK (Federasyon Mouvman Demokratik Katye
Moren)

4-Vladimir Gousse Pati MASLA (Mouvman Altènativ Sosyalis pou
Liberasyon Ayiti)

5- Jean Sylvain Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

6- William Thélusmond CRAD (Centre de Recherche et d’Action pour le Développement)

7-Margo Joseph GATAP (Groupe d’Appui Technique et d’Action Pédagogique)

8-Nixon Boumba MODEP (Mouvman Demokratik Popilè)

9-Patrice Florvilus CEAAL (Konsèy pou Edikasyon Granmoun Amerik Latin)

10-Nicolas Pierre-Louis KONAREPA (Kòdinasyon Nasyonal Revandikatif Peyizan)

11-Annecy Vixamar Federasyon Tèt Kole Ti Peyizan Wo Nòdwès

12-Jacques Charlemagne ROZO

13-Gustave Salomon ROZO

14-Olga Benoit Inisyativ Pati Kan Pèp la

15-Jean Fritz Beaubrun Antèn Ouvriye

16-Allen Henry Inisyativ Pati Kan Pèp la

17-Sony Esteus SAKS (Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal)

18-Jane Regan SAKS

19-Germy Emmanuel Mushi Jean-Batiste KROS (Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès)

20-Franck Saint Jean PAPDA (Platfòm Pledwaye pou Depvlopman Altènatif)

21-Frantzy Beaugé CMD-OD (Kòdinasyon Militan pou Devlopman Onzyèm ak Douzyèm Tigwav)

22-Roosevelt Jean-Félix CMD-OD (Kòdinasyon Militan pou Devlopman Onzyèm ak Douzyèm Tigwav)

23-Maxime Magloire KSIL (Kolektif Solidarite pou Idantite ak Libète)

24-Frantz Dupuche IPKPL (Inisyativ Pati Kan Pèp la)

25-Antoine Dieubon ROZO

26-Rosemond Joseph CHANDEL

27-Carmel Fils-Aimé ICKL (Institut Culturel Carl Lévêque)

28-Petit-Jean Derinx CHANDEL

29-Jean Wilson Junior

30-James Beltis Sèk Gramsci

31- Jean Rénol Elie Pwofesè FASCH-Inivèsite Leta Ayiti

32-Vrigneau Gina MODEP

33-Cilencieux Benoit MITPA (Mouvman Inite Ti Peyizan Ayisyen)

34-Lenz Jean-François SAJ (Solidarite Ant Jèn)

35-Jesi Chancy Manigat KONAP (Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede kòz fanm yo)