Haiti
Ti chèz ba

Komite 2004 popilè : Pozisyon sou 200 lane " endepandans " Ayiti


Ekri jou mèkredi 19 novanm 2003

Nou resevwa dokiman sa a 19 novanm 2003

1804: mas esklav yo fè Revolisyon

Klas dominant yo fè dap piyanp sou li

2004: 200 lane mizè ak rezistans

Ann leve kanpe pou yon liberasyon tout bon

Nan pa pòt la

Nan dènye moman sa yo, nou tande anpil pale ap fèt sou kesyon 2004 la. Nan divès peyi ki an Ewòp, an Afrik ak nan Amerik la, kesyon an deja ap bouyi. Nan nivo pouvwa lavalas la, gen gwo pwopagann politik ki deja kòmanse fèt pou selebre 2004 ki pral fè nou 200 lane depi nou rache "dwa granmoun’’ nou anba men kolon franse.

Nan nivo sektè popilè yo, poko gen gwo pa ki fèt pou make 200 zan ’’endepandans’’ sa a. Alòske, sitiyasyon dominasyon ak depandans peyi a te konnen nan peryòd kolonyal yo ap kontinye jounen jodi a sou divès lòt fòm.

Li enpòtan pou n raple, rezilta batay esklav yo pa pwopriyete prive okenn moun, enstitisyon, pati politik oswa pouvwa politik. Tout òganizasyon konsekan dwe pote refleksyon pa yo sou gwo eksperyans sa a. Se nan sans sa a, nou menm enstitisyon ak òganizasyon ki nan mouvman demakratik ak popilè a, nou chwazi bay dizon pa nou sou 200 lane depi lame endijèn nan ansanm ak mas esklav yo te kite pou nou yon peyi ki ’’endepandan’’.

Refleksyon sa a p ap fèt nan sousi pou n fè polemik men pito, nan sousi pou n pataje ak lòt aktè ki nan kan popilè a ak mas yo anjeneral, sou nesesite pou nou reflechi sou lit moun yo te fè tounen esklav yo, epi gade ansanm ki wout nou dwe pran nan kalfou difisil Ayiti ap travèse jounen jodi a. Wout ki pou pèmèt nou demaske demagoji nouvo kolon ak tyoul nouvo kolon machann peyi ap fè pou mete peyi a nan yon esklavaj modèn ak tablisman zòn franch yo ki se yon pati nan plan neyoliberal la. Wout ki pou pèmèt nou soti anba dominasyon ak eksplwatasyon nouvo kolon kapitalis ki gen jounen jodi a, nan nivo nasyonal ak nan nivo entènasyonal. Se nan sans sa a, nou fè w jwenn dokiman sa a.

Nan dokiman sa a, w ap jwenn: yon rale sou sans lit esklav yo genyen pou nou, n ap gade tou kalfou danjere nou twouve n jounen jodi a epi pou fini, n ap bay kèk lide sou chimen nou dwe pran nan batay la jounen jodi a, yon mannyè pou n kapab kaba avèk dominasyon ak eksplwatasyon sou kèlkeswa fòm li parèt la.

Veritab sans lit esklav yo pou nou

Premye janvye 2004 pra l fè nou 200 lane depi nou di nou ’’endepandan’’. Pou te rive la a, moun yo te fè tounen esklav yo te goumen anpil. Batay la te long, li te difisil. Men, yo te rive kanmenm. Pou n konprann sans lit moun kolon franse ak kolon espanyòl te fè tounen esklav yo, li enpòtan pou n al foure je nou nan sistèm esklavajis la.

Nan lane 1492, nan yon moman kote Ewòp la t ap layite kò l, (pran ekspansyon), klas dominant yo te bay Kristòf Kolon bato, moun ak tout mwayen li te bezwen pou yo te kapab piye majorite richès (epis, lò, elatriyeÂ…) ki te gen sou zile yo te rele Ayiti Kiskeya. Pou pèmèt piyaj sa a, kolon espanyòl yo te fòse endyen yo travay tankou bèt nan fouye min lò ak lòt richès ki te gen sou zile a. Endyen yo te mouri pa pil ak pa pakèt, tèlman yo te travay di. Listwa rapòte te gen plis pase 1 milyon endyen sou zile a. Kolon yo te tèlman fè yo travay di, nan lane 1535, 48 lane apre dat debakman an, te rete sèlman 500 endyen sou zile a. Apati lane 1659, majorite endyen yo te gentan fin disparèt sou zile a. Ak masak endyen yo, zile a vin konnen youn nan pi gwo krim ki te fèt kont limanite.

Pou konble vid sa a, epi kontinye piyaj la, kolon Franse ak Espanyòl te blije al chache nèg jouk ann Afrik pou fè yo travay kont volonte yo. Kolon yo te fòse nèg sa yo travay tankou bèt. Kolon yo te bat moun yo te fè tounen esklav yo, maltrete yo osnon touye yo nenpòt lè lide yo di yo. Yo pa t konsidere yo tankou moun, yo pat gen okenn dwa, menm dwa pou yo gen tè pou yo travay.

Pou fini ak sitiyasyon esklavaj sa a epi ak kolonizasyon an, moun yo te fè tounen esklav yo te mennen divès fòm batay kont sistèm esklavajis la. Nan kad batay sa yo, esklav yo te touye tèt yo, touye pitit yo, mawon, koupe tèt boule kay jiskaske yo te rive nan yon soulèvman jeneral nan lanwit 21 al pou 22 dawout 1791.

Soulèvman sa a fèt kèk jou apre gwo kongrè esklav nan Nò yo te fè nan bwa kayiman nan dat 14 dawout 1791. Apati moman sa a, batay la vin pran yon vitès siperyè. Konsa, lame fransè a, pi gwo lame ki te gen sou tè a nan moman an, kase dan l devan zansèt nou yo nan kad yon gwo batay yo te mennen Vètyè, nan dat 18 novanm 1803. Se ansanm batay sa yo ki ta pral ban nou 1e janvye 1804 ki se dat pwoklamasyon ofisyèl ’’Endepandans’’ peyi nou an.

Moun yo te fè tounen esklav yo te mennen batay sa a pou se yo menm ki mèt tèt yo epi mèt tè yo. Kidonk, se te yon batay kont kolonyalis la epi kont sitiyasyon esklavaj yo t ap viv ladan an. Nan kad batay sa a, zansèt nou yo te vle viv lib, yo te vle jwenn tè pou yo travay. Sa vle di, libète pou esklav yo se travay sou yon tè ki se tè pa yo san rigwaz osinon baton ak zam okenn kolon. Kidonk, ansyen esklav yo te vle viv nan solidarite ak egalite.

Kontrèman ak pwojè libète mas esklav yo, gwo chèf lame endijèn nan tabli nan peyi a yon sistèm demwatye. Kidonk, apre ’’lendepandans’’, moun yo te fè tounen esklav yo te toujou anba lavi di nan sistèm feyodal la. Majorite ladan yo te vin tounen ti peyizan ki t ap travay demwatye sou tè grandon. Menm jan ak moun yo te fè tounen esklav yo, peyizan yo te mennen anpil gwo batay kont sitiyasyon sa a ki t ap devlope apre ’’lendepandans’’ lan. Nou sonje tout batay Goman, Akawo ansanm ak mas peyizan yo te mennen sou kesyon tè a. Nan kad batay sa yo, anpil chèf leta tonbe, anpil lòt pran pouvwa a tou sou baz pwomès yo te fè peyizan yo swadizan pou fè yo jwenn tè pou yo travay. Men, tout pwomès sa yo, se te pwomès blòf, pwomès van.

Malgre tout batay zansèt nou yo te mennen, anvan ak apre ’’lendepandans’’, dirijan restavèk nou yo te peye Lafrans pou rekonèt endepandans lan. Se kòmkwa batay zansèt nou yo pa t vle di anyen pou kalte dirijan sa yo. Kidonk, menm jan zòt ap fè sa jounen jodi a, kalte dirijan sa yo te trayi batay zansèt nou yo. Se kalte dirijan restavèk sa yo anmajorite ki toujou gen bak peyi a nan men yo pandan prèske tout 200 zan sa a.

Nan moman premye okipasyon meriken an nan lane 1915, sitiyasyon depandans lan te retounen pi rèd. Sak pi grav, se klas politik la ak boujwazi a ki pral konplote pou mete peyi a yon lòt fwa ankò nan depandans, anba okipasyon meriken. Pou memwa ak pou listwa, n ap raple anvan menm militè meriken yo debake nan peyi a, enperyalis meriken te gentan sezi tout dènye rezèv lò ki te rete nan Bank Santral la sou gouvèlman Davilma Teyodò nan mwa desanm 1914. Kidonk, lajan sa a, enperyalis meriken dwe nou l. Ak okipasyon 1915 lan, nou soti anba konlon franse ak espanyòl, nou tonbe anba kolon meriken ki gen antèn yo nan nivo lokal. Peryòd sa a make yon etap enpòtan nan istwa nou. Kapitalis la kòmanse rantre pi fon nan chapant sosyete a. Ak okipasyon sa a, okipan meriken yo ak konplisite klas politik la pral mete tè yo anba kontwòl yon seri gwo konpayi meriken ki t ap tabli nan peyi a.

Sitiyasyon tounèf sa a, te blije mas peyizan yo ak kèk lòt militan konsekan nan moman an te mennen gwo batay kont okipasyon an. Nou p ap bliye batay Chalmay Peral ak lame kako a te mennen kont okipan yo. Menmsi gen moun ki kwè Chalmay Peral t ap defann pozisyon grandon l nan moman an poutèt okipan yo te vle mete peyi a sou vitès kapitalis la, nou kwè batay sa a, se yon moman istorik nou pa dwe janm bliye.

Apre lanmò Chalmay Peral, yon lòt gwo potorik gason, Benwa Batravil ki te pi pre mas peyizan yo, te kontinye batay la ansanm ak lame kako a, bò kote mas peyizan yo. Batay sa a te vize non sèlman konbat okipasyon an ak kesyon kòve a, men tou, pèmèt mas peyizan yo gen nan men yo tè pou yo travay.

Ansanm batay ki mennen anvan, pandan ak apre okipasyon an blije anpil chèf leta pran desizyon pou separe kèk moso tè. Sepandan, jiskaprezan manman pwoblèm yo toujou la. Alò nan sans sa a, li enpòtan pou n kanpe gade epi reflechi sou kalfou sa a ki chaje ak pikan kwenna depandans, enjistis, enpinite ak lavichè.

Ki kote nou ye?

Katchouboumbe gwo peyi enperyalis yo, klas dominant yo ak klas politik tradisyonèl la mete Ayiti jounen jodi a, mande pou nou reflechi anpil sou li. Nou make anpil pa sou plas, nou vanse men nou fè anpil bak tou. Gen yon ti ponyen moun k ap pi rich chak jou pi plis, alòske mas popilè yo ap viv nan mizè, nan kras. Esklav yo te batay pou dwa granmoun peyi a te respekte, pou yo te gen dwa pou yo viv tankou moun, pou se yo ki met tè y ap travay la. Apre 1804 jouk rive nan moman n ap pale la a, travayè yo ak lòt militan konsekan pa janm sispann mennen batay sa yo. Ki peyi nou genyen jounen jodi a? Eske nou ka di nou gen yon peyi granmoun? Eske nou ka di nou gen yon peyi kote moun ap viv tankou moun?

Pou reponn tout kesyon sa yo, nou gen dwa di non. Nan moman n ap viv la a, sitiyasyon depandans lan ap kontinye pirèd. Kesyon endepandans Ayiti a tounen yon mo vid. Se enperyalis meriken ki di monte, se li k di desann, malgre yo pa prezan militèman nan peyi a tankou sa te fèt nan lane 1915 kote yo te vin mete peyi a sou ray kapitalis la epi nan lane 1994 kote plis pase 21 mil sòlda te debake pou mennen Aristid vin lolo mas popilè yo pandan l ap aplike politik neyoliberal la.

Demokrasi te pati, demokrasi tounen. Ala demokrasi ponmennen papa! Demokrasi sa a donnen plis ensekirite, baboukèt, krim politik, enpinite, kòripsyon, mizè, elatriye. Tout bagay sa yo ap fèt anba bab sa yo rele ’’kominote entènasyonal’’la. Pandanstan, pouvwa lavalas la ap siyen tout kalte akò ak enperyalis meriken, OEA pou mete peyi a nan plis depandans toujou. Se yo, ak yon ti ponyen lajan nan men yo, ki deside pou nou, ki moun ki merite arete, ki lòt ki merite jije epi ki konpòtman pou opozisyon an genyen. Kidonk, pouvwa a, opozisyon an, òganizasyon ki di se yo ki sosyete sivil la, tout ap resevwa lòd nan men enperyalis la.

Pandanstan, pouvwa lavalas la ap wete tè ki ka fè manje nan men peyizan pou fè zòn franch pandan l ap fè diskou tèt anba sou Tousen Louvèti. Kòripsyon fè kenken nan administrasyon leta yo, enpinite ap vale tèren, represyon ak baboukèt ap mache sou lestomak jounalis ak anpil lòt sitwayen ki pa dakò ak kalte jesyon pouvwa lavalas la ki sanble tèt koupe ak diktati Franswa Divalye a.

Kidonk, jounen jodi a, mas popilè yo anba grif yon bann lòt kalte kolon. Nouvo kolon sa yo, se gwo peyi enperyalis yo, boujwazi nasyonal ak entènasyonal la ak tout tyoul yo gen pa bò isit tankou: pati politik tradisyonèl yo ak tout enstitisyon k ap repwodui diskou ak pratik klas dominant yo. Nan sans sa a, èske jounen jodi a pa gen nesesite lite pou tabli yon lòt kalte sosyete? Yon lit ki ale pi lwen pase 1804. Yon batay ki dwe pèmèt nou efase tout fòm dominasyon ak eksplwatasyon. Pou rive nan kalte sosyete sa a, nou dwe pran yon lòt chimen.

Ki chimen nou dwe pran?

Batay moun yo te fè tounen esklav yo te mennen pandan tout peryòd kolonyal la te pèmèt yo rache anpil gany. Batay sa a yo te pèmèt yo tabli yon lòt kalte sosyete ki te pèmèt yo retire peyi a anba grif kolon franse. Malgre tout pwoblèm peyizan yo te genyen ak kalte sosyete sa a ki te chita sou sistèm demwatye a, yo te rache kèk lòt gany tankou kèk moso tè pou yo travay. Menm si nou kwè gen nesesite pou yon refòm agrè serye fèt nan peyi a, nou kwè tou gany sa yo te enpòtan.

Konsa nou kwè, peyizan yo apre ’’lendepandans’’, sitou pandan premye okipasyon ameriken an te deja kòmanse trase chimen an. Ansanm batay mas popilè yo (peyizan, ouvriye, ti machann elatriyeÂ…) te mennen anvan ak apre 86 yo kontinye trase chimen an. Nou p ap bliye batay anpil òganizasyon tankou Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen [1], ANOP [2] ak anpil sendika ouvriye mennen nan peyi a apre 86. Oganizasyon sa yo, nan batay yo t ap mennen, yo tout te di yo pa vle mòd leta sa a, yo vle yon peyi granmoun, yon peyi kote ki gen sante ak edikasyon pou tout moun, yon peyi kote moun ka manje, kote ki gen sekirite ak travay.

Pou sòti Ayiti nan sitiyasyon mizè, ensekirite ak chomaj, nan depandans gwo peyi enperyalis yo ak klas dominant yo mete l jounen jodi a, batay sa yo dwe kontinye. Batay sa yo dwe kontinye ak bonjan òganizasyon peyizan, ouvriye, ti machann, chomèÂ…, finalman, yon mouvman popilè solid ki bay tèt li pwòp zouti politik pa l. Konsa, na kapab fòse peyi tankou Lafrans, Lespay ak Etazini peye dèt kolonizasyon an, dèt masak ki te fèt sou endyen yo ki se yon gwo krim kont limanite, dèt Lafrans te fòse dirijan Ayisyen yo peye a, dèt sou tout kalte dega okipasyon amerikèn yo fè nan peyi Dayiti. Se sèlman yon mouvman popilè solid konsa k ap ka mennen veritab batay ki dwe mennen kont dega remèd chwal FMI ak BANK MONDYAL yo fè nan peyi a.

Se pa ni peyi zanmi k ap maltrete Ayiti yo, ni eleksyon, ni opozisyon tradisyonèl sa a, ni pouvwa lavalas la, ni konferans nasyonal, ni kontra sosyal ak boujwazi a, ni plan neyoliberal la k ap wete n nan sitiyasyon enperyalis yo ak klas dominant yo mete n la a. Si n gade byen tout pwopozisyon k ap fèt yo la a, swadizan pou rezoud kriz politik la ki limenm se yon pati nan kriz la ki pi global, nou ka konstate, pa gen youn ladan yo ki poze vrè pwoblèm yo, pa gen youn ladan yo ki mete an kesyon kalte sosyete pouri nou gen la a. Yon kalte sosyete kote pigwo ap toupizi pipiti, kote dominasyon ak eksplwatasyon se sèl kòk chante.

Pou noumenm, pa gen lòt chimen, se chimen batay la menm nou dwe pran. Esklav yo te batay pou tabli yon peyi granmoun, yon sosyete kote ki gen jistis sosyal ak ekonomik. Jounen jodi a, moman an rive pou reprann batay esklav yo, mennen l pi lwen sou wout liberasyon an. Moman an rive pou n kontinye angaje batay pou yon peyi granmoun, batay kont lavichè, zòn franch ak plan neyoliberal pouvwa lavalas la ap aplike la a. Moman an rive pou n angaje batay ki pou pèmèt nou konstwi sosyete nou vle a. Moman an rive pou nou di non kont enpinite, ensekirite, kòripsyon, dominasyon ak kolonizasyon sou tout fòm.

Chimen an long, refleksyon sa a ka pèmèt nou gen yon lide sou chimen batay k ap mennen nou nan solidarite, egalite ak libète a. Men, se sèlman nan goumen n ap kapab fin trase l.

Lis konplè òganizasyon ki nan Komite 2004 popilè a

1) Enstiti Teknoloji ak Animasyon ( ITEKA )

2) Enstiti Kiltirèl Kal Levèk ( ICKL )

3) Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal ( SAKS )

4) Pwogram pou yon Altènativ Jistis ( PAJ )

5) Gwoup Rechèch-Aksyon sou Animasyon ak Edikasyon Popilè ( GRAEP )

6) Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen

7) Aksyon Katolik Ouvriye ( ACO )

8) Regwoupman Oganizasyon Popilè Granmoun yo

9) Antèn Ouvriye

10) Inyon Nasyonal Nòmalyen ki nan peyi Dayiti ( UNNOH )

[1Tèt Kole, se youn nan pigwo mouvman peyizan ki genyen nan peyi a. Se yon mouvman ki kòmanse kanpe depi anvan lane 86 yo, men, li parèt ofisyèlman nan mwa sektanm 1986 kòm yon mouvman nasyonal.

[2ANOP: Alyans Nasyonal Oganizasyon Popilè yo. Se yon regwoupman nasyonal divès òganizasyon Popilè ki pran nesans nan peyi a apre eleksyon rate novanm 1987 yo. Regwoupman sa a te mennen anpil batay nan peyi a apre 87. Sepandan, depi ane 90 yo, Regwoupman sa a pa egziste ankò.