Haiti
Ti chèz ba

Inifòm, zam, sitirans ak enpinite ankouraje polisye pouse zèl nan fè zak vyolans sou fanm


Ekri jou lendi 17 novanm 2003

Nòt pou laprès Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)

15 novanm 2003

Menmjan ak makout, menmjan ak jandam lame dayiti, menjanm ak manm frap yo, anpil polisye konprann yo kab sèvi ak otorite yo epi fè abi pouvwa san kè sote. Polis Nasyonal la pa sispann aji kòm konplis oswa patisipe nan zak represyon ak kriminèl gouvèman lavalas la mande l fè olye li ranpli devwa konstitisyon an ba li.

Jan tout moun kab konstate l, depi byen bonè apre Polis nasyonal la kreye, nou koumanse tande adwat agòch yon seri krim polisye ap fè tankou : Kidnaping ak vòl, mennen aktivite dwòg, regle kòz pèsonèl ak lòt moun, maspinay, fè zak vyolans sou fanm. Pami Zak vyolans sou fanm yo nou jwenn : Polisye ki touye mennaj yo, ki touye madanm yo, Polisye ki fè kadejak endividyèl oswa kolektif sou fanm. Sa rive tèlman lwen, polisye fè kadejak, ansent fanm ki fèmen nan prizon..

Nan kad travay akèy ak akonpayman SOFA ap fè ak fanm ki viktim vyolans, nou resevwa, plizyè fanm ki vin chèche sekou anba zak vyolans yo sibi anba men polisye. Zak fanm sa yo denonse kontre ak anpil lòt zak, òganizasyon fanm yo ak òganis dwa moun yo denonse, mete sou lòt nou tande nan radyo. San nou pa chèche twò lwen, n ap rafrechi memwa tout moun sou kèk nan ka vyolans kote se polisye ki lotè yo:

- Ulysse Denasty, polisye gadyen prizon fanm ak timoun nan Fò nasyonal te fè kadejak sou Natacha Jean Jacques, ki sòti ansent apre zak la ;

- Negupe Simon, komisè polis plato santral touye anba bal, Fernande Jean sou pretèks li te kraze vit machin li tan l t ap goumen ak mari li ;

- James Montas, kidnape, fè kadejak sou Carline Seide ansanm ak 6 lòt kriminèl parèy li ;

- Polisye ki te kidnape ak asasinen 3 pitit gason Vyola Robert yo ;

- 4 polisye sèvis sikilasyon maspinen tout yon fanmi, kraze yon fanm anba baton sou pretèks mari l te dwe yo. Viktim yo deklare zak sa a fèt anba je Evens Saintume, responsab sikilasyon nan dat 28 mai 2002.

Anpil fanm ki madanm polisye oswa ki gen relasyon ak fanmi polisye ap pase tray kote yo menm ak fanmi yo ap pran presyon anba men mari yo paske li se polisye oswa gen akwentans ak polisye

Kòm egzanp n ap site ka : Yon fanm ki monte yon maswife anba mari li ki gen yon frè l polisye. Depi jen 2002, malgre ka a devan lajistis, mesye sa yo sèvi ak konplisite lòt polisye, jij kòwonpi, zam ak machin lapolis pou maspinen, fè vyolans fizik, fè menas lanmò ak pèsekisyon sou fanm sa a. Jouk li sòti ak yon bal nan pye nan mwa fevriye 2003.

Nan Solidarite Fanm Ayisyen, SOFA,
Lè nou gade fason Polis Nasyonal d Ayiti a ap evolye depi li kreye a, PNH la demontre aklè pwoteje ak sèvi, vle di pou yo:

- Pwoteje : pouvwa lavalas la nan fè represyon ak entimidasyon sou popilasyon sivil la,

- Sèvi ak inifòm, zam ak lòt materyèl enstitisyon an pou fè zak kriminèl pou gouvènman ak nan avantaj pèsonèl yo.

Lè nou konsidere jan polisye yo ap sèvi ak otorite yo pou fè vyolans sou fanm, lè n konsidere kantite fanm nan katye popilè tankou Matisan, Site Solèy ka p viktim kadejak anba men chimè ak atache, sa mennen nou deklare se ZAM, INIFOM, TOLERANS ak ENPINITE ki lakòz kriminèl sa yo pran libète pou sèvi ak pouvwa yo genyen pou fè vyolans sou fanm. Menmjan nou toujou ap revandike pou yo arete kriminèl manm FRAPH yo ki te fè kadejak epi dechèpiye fanm nan katye popilè yo, nou di fòk pèp la goumen pou gen yon gouvènman serye ak yon pouvwa jidisyè endepandan pou responsab zak sa yo kab jwenn santans yo merite.

Annatandan, SOFA ap mande, Ofis Nasyonal Pwotektè Sitwayen an pran responsablite li pou l fè otorite jidisyè yo pran dispozisyon pou :

1. Yo arete, jije, pini :

- Ulysse Denasty, gadyen prizon Fò Nasyonal la pou krim li fè sou Natacha Jean Jacques,

- Negupe Simon, komisè Plato Santral ki tire a boupòtan sou Fernande Jean

- James Montas, polisye ak lòt kriminèl ki ansanm ak li fè kadejak sou Carline Seide

- Polisye ki kidnape ak touye 3 pitit gason Viola Robert yo.

2. Pou responsab polis yo bay esplikasyon sou :

- konpòtman konplis lapolis divès fwa lè chimè ap atake sitwayen ak sitwayèn pou anpeche yo jwi dwa yo pou yo pale lib elibè atravè mach, sitin, rasanbleman, manifestasyon pasifik ; anpatikilye sitin òganizasyon fanm yo devan palè jistis jou 29 oktòb 2003 a pou mande jistis pou Madam Daniele Lustin ;

- divès atak lapolis k ap vèse san pèp la nan Gonayiv kote yon ventèn moun pèdi lavi yo ladan yo yon ti bebe 15 jou yo boule vif ak yon jèn fi 16 lane lapolis tire, alòske lapolis t ap paweze lè pou yo te arete Amiot Metayer kriminèl mèsenè lavalas ki mouri sakrifye.

- Atak lapolis fè sou sitwayen fanm kou gason nan rasanbleman Gwoup 184 la jou 14 novanm ki sòt pase yo. Epi fè yo lage prese prese manifestan yo te arete yo.

SOFA ap pwofite lanse yon apèl pou tout òganizasyon nan sektè popilè a, pou tout sitwayen ak sitwayèn konsekan pou yo leve kanpe, fè tande vwa yo, bay dizon pa yo sou sitiyasyon politik peyi a. SOFA rete kwè, tout pwojè kap fèt pou peyi a dwe konsidere revandikasyon reyèl moun ki plis defavorize nan peyi a tan n ap evite tonbe nan pyèj fo pwopagann popilis. Li dwe klè pou nou tout, rejim lavalas la vin lonje lis kantite sanginè, kriminèl dwa komen ki gen pou rann pèp la kont yon jou. N ap di Aristid ak tout tyoul li yo kreyon pèp la pa gen gòm. N ap kontinye goumen pou kenbe flanbo lit pèp la byen wo, pou n rive konstwi sosyete nou vle a. Yon sosyete egalitè, kote dwa moun, dwa fanm yo respekte ; yon sosyete ki gen jistis sosyal, kote moun viv ak diyite, kote volonte ak enterè pèp la respekte.

Lit Fanm nan, se lit tout mas pèp la.

Pòtoprens, 15 novanm 2003 Pou Solidarite Fanm Ayisyen, SOFA

Olga BENOIT

Responsab Nasyonal Komisyon Kont Vyolans sou Fanm