Haiti
Ti chèz ba

Rèl Fanm Kont lanmò pou granmesi


Ekri jou mèkredi 29 oktòb 2003

Kominike Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede Kòz Fanm (KONAP)

28 oktòb 2003

6 oktòb, bandi rantre lakay Daphne Berthold epi asasinen li,

14 oktòb, chyen devore Jonathan Louisma, yon ti gason 16 lane ki te nan lari, anndan Komisarya Pòtoprens la, apre Lapolis te fin arete li epi bat li.

Nan lannuit 21 pou 22 oktòb, bandi ak zam rantre lakay Danièle Lustin epi asasinen li ak bal.

23 oktòb, Marie Claude Fétiche mouri nan akouchman, paske li pa t ka jwenn swen sante.

23 oktob, Komisè Ench la touye Fernande Jean ak yon bal nan tèt, swadizan paske Fernande te kraze retwovizè ak vit machin li.

26 oktòb, Lapolis touye Josema Pierre, nan Raboto, Gonayiv.

27 oktòb, Joceline Pierre mouri nan Raboto, anba bal Lapolis.

Depi plizyè semèn Lapolis ap tire sou popilasyon sivil Gonayiv la. Pakèt moun blese ak mouri. Lapolis pa ezite fè represyon, alòske se swadizan pou evite san koule li pa t fè travay li pou ale arete bandi ki te pete pòt prizon epi kanpe an kwa kont desizyon Lajistis.

Ala zak sanginè ki pase nan yon ti bout tan tou piti ! Tout zak sanginè sa yo vin mete sou tout pakèt lòt zak ki plede ap fèt, toupatou nan peyi a, san sa pa menm pale. Tout zak sanginè sa yo vin ajoute sou tout lòt tray popilasyon yo ap pase ; sou kalvè popilasyon yo lè lavalas dlo ak labou ap bwote moun, jaden ak kay chak fwa lapli tonbe.

Yon lòt fwa ankò fanm yo ap fè tande Rèl yo. N ap pouse Rèl fanm nou kont tout lanmò pou granmesi sa yo. Nan peyi d Ayiti, tout sitwayen ak sitwayèn ap viv san okenn pwoteksyon, kòm si yo lage nan yon savann. Nou pa gen pwoteksyon kont bandi ak zam k ap rantre lakay nou. Nou pa gen pwoteksyon kont lapli k ap bwote nou. Nou pa gen pwoteksyon kont Lapolis ak chimè k ap fè abi sou nou. Nou pa ka jwenn sèvis nou bezwen. Se kòmkidire, pa gen okenn otorite ki reskonsab.

Lapolis ki sipòze la pou pwoteje popilasyon yo, ap tire sou manifestan ak manifestant k ap fè tande vwa yo. Lapolis ap eskòte bann chimè k ap fawouche epi maspinen popilasyon yo. Pandan tan sa a, gouvènman an menm, ki sipoze la pou òganize Leta epi bay popilasyon yo sèvis, ap pran tout dispozisyon pou kenbe yon pouvwa kont volonte popilasyon yo.

Tout sityasyon sa yo ta vle rive pouse do popilasyon yo pou yo ale ; pou yo kite pouvwa Lavalas la layite kò l nan peyi a, kontinye banboche, fè koripsyon epi gaspiye tout ti lajan peyi a nan fè vye pwopagann. Se sou kadav popilasyon yo, se sou labou ak fatra Lavalas deside fete 200 zan lendepandans peyi a ak sèl parèy li yo.

Nou pa gen okenn kote nou prale !. Peyi a se pou nou tou ! Nou pa ka kontinye mouri pou dan griyen ! Chak grenn moun ki mouri nan move kondisyon konsa, se yon pèt pou peyi a. Chak lanmò pou gramesi sa yo, dwe boulvèse konsyans tout siwatyen ak sitwayèn. N ap di yon lòt fwa ankò : Pa wè, pa tande, pa pale se pa yon solisyon ! Nan sitiyasyon sa a, pa gen okenn fanm, okenn gason nan peyi a ki alabri. Jodi a se tou pa Danièle, Jonathan, Marie-Claude, Fernande, Joceline ak Josema; demen se va tou pa nenpòt ki lòt nan nou ! Nou tout nou konsène. Fòk tout sitwayen ak sitwayèn leve kanpe pou nou reklame dwa nou. Nou pa ka kontinye ap mouri mal konsa !

An nou tout mele Rèl nou, pou tout lanmò pou gramesi sa yo sispann nan peyi a. Sitwayen, sitwayèn se reskonsablite nou tout, pou nou ekzije sekirite ak jistis pou tout moun nan peyi a!

Pa wè, pa tande, pa pale, se pa yon solisyon !

Pòtoprens, 28 oktòb 2003

Pou CONAP

Yolette Mengual, Fanm Yo La

Myriam Merlet, ENFOFANM

Yolette Jeanty, Kay Fanm

Olga Benoît, SOFA