Haiti
Ti chèz ba

Rèl Fanm nan okazyon 17 oktòb 2003


Ekri jou dimanch 19 oktòb 2003

Kominike Kòdinasyon Nasyonal pou plede Kòz Fanm nan (KONAP)

17 oktòb 2003

17 oktòb, se yon dat enpòtan nan listwa d Ayiti. Depi divès lane, nan à’gazisyon Fanm yo nou selebre Fèt Nasyonal sa a pou : Manifeste sororite nou/solidarite fanm nou ak Fanm Riral yo; Make Jounen Mondyal Alimantasyon an; Rann omaj bay zansèt nou yo epi ranmase rasin memwa fanm nou, nan mete annavan batay ewoyin nou yo; Kore revandikasyon nou te pote sou lamizè fanm, nan Mach Mondyal Fanm 2000 la ; Epi remontre enterè nou kòm sitwayèn pou tout kesyon ki konsène lavi ak lavni peyi a.

15 oktòb, se Jounen Entènasyonal Fanm Riral yo. Depi Leta ayisyen fòme, li meprize popilasyon riral yo ki pa janm ka jwenn sèvis. Peyizà n pa ka mètrès tè kòmsadwa, yo pa ka jwenn fòmasyon teknik ni kredi konsekan. Kòmèsant ap trimen sou move wout ak laperèz pou zenglendo ak chimè pa eskalade ak vyole yo. Se ak gòj seche tifi yo ap monte desann mòn dèyè ti tak dlo ; pen lenstriksyon pa pou yo. Se gras a ladrès matròn fanm rive akouche. Jan Leta mennen bak peyi a, li vle pou fanm riral yo neye anba malsite.

16 oktòb, se Jounen Mondyal Alimantasyon. Ki di alimantasyon di fanm, paske fanm patisipe nan pwodui manje, fanm reskonsab vann manje epi fanm anchanje lamanjay nan fanmi yo. Agrikilti pa janm yon priyorite vre pou Leta ; li fin depafini, pa gen ase manje ki pwodui nan peyi a. Lè manje ra, lè pri manje monte bwa, se fanm ki premye sibi. Fanm yo pa ka viv an sante ak timoun y ap okipe, anjeneral pou kont yo, akòz ireskonablite papa pitit. Se nan fanmi kote se fanm ki rele e ki reponn, gen plis malnitrisyon. Fanm pa ka jui dwa pou yo jwenn manje pou tèt yo ak pitit yo, pou jwenn garanti nan men Leta sou kalite manje k ap vann nan peyi a.

17 oktòb, se Jounen pou Zansèt nou yo. Se gason ak fanm ki te mete ansanm pou ba nou yon peyi. Jan listwa ekri, li kite ewoyin nou yo dèyè rido, men sa pa anpeche Marijà n, Toya, Sanit belè, Pyerèt Jolibwa, Klè Erèz, Sizan Louvèti, Mari Lwiz, Giyonèt Chalo, Katrin Flon, elatriye, te nan batay la tou. Se yon fanm, Defile, ki te ranmase kadav Desalin pou antere l ak diyite. Se jès yon fanm, kòm moun ki toujou nan okipe moun, pran swen moun, chache lavi pou moun. Ala yon bèl foli, se foli pou respè lavi!

17 oktòb, se anivèsè Mach Mondyal Fanm 2000 la, kote Ayisyèn te makònen Rèl yo ak pa lòt fanm sou latè pou denonse lamizè fanm. Pifò pòv nan peyi a se fanm. Lamizè frape fanm pifò akòz Kondisyon sosyete a tabli pou yo kòm fanm; Kondisyon ki fè se sou do yo reskonsablite lafanmi chita; Kondisyon ki fè yo pa ka jui yon seri dwa tankou edikasyon ak fòmasyon; Kondisyon ki fè yo pa ka patisipe kòmsadwa nan pran desizyon.

17 oktòb, se moman pou nou bay dizon nou sou Konjonkti Nasyonal la. Ak lòt zansèt yo, Desalin te goumen, li ban nou yon peyi. Men, depi 1804 move pratik politik pa pèmèt nou fòme yon nasyon kòmsadwa. Se pratik tankou: mete sou kote majorite popilasyon an, bloke patisipasyon nan konstrui peyi a, mete lapat sou pouvwa nan enterè yon ti gwoup moun, mennen politik chèf tou puisan, fè represyon. Ki fè 200 zan endepandans ap rive jwenn yon popilasyon demanbre, nan yon peyi depafini k ap vin pi rachitik.

Gouvènman Lavalas la, ki pran direksyon peyi a, ap mennen yon politik k ap voye peyi a nan twou. Se koripsyon, pèvèsite ak represyon ki se 3 wòch dife li. Politik sa a ap fini ak diyite nou. Nou pa ka viv sitwayènte nou kòmsadwa; anpil pitit tè a pa janm rive rekonèt kòm sitwayen/sitwayèn; epi gen sa move sitiyasyon ap fè detache ak peyi a. 2004 ap jwenn nou ak yon Leta ireskonsab, ki oblije anpil konpatriyòt pati al chache lavi oswa pran ekzil. Leta sa a ap pran angajman kont enterè nasyonal yo. Li pa respekte ti kras angajman à’ganizasyon Fanm yo te oblije li pran sou kesyon dwa fanm nan. 2004 ap jwenn nou anba yon Gouvènman Lavalas k ap donnen gang kriminèl k ap simaye ensekirite ak lanmò. Gouvènman Lavalas la vle fè dappiyanp sou lespri zansèt nou yo, nan detounen sans selebrasyon 2004 la. L ap chache anpeche sitwayen/sitwayèn yo reflechi ansanm sou listwa nou, sou mannyè pou nou travay pou rive mete peyi a sou bon ray. Lavalas ta vle mete lapat sou 2004 alòske, depi eleksyon konteste 2000 yo, toupatou nan peyi a y ap rele chalbari dèyè li. KONAP denonse tout jimnastik, demagoji ak mantò Lavalas ap fè pou drive 2004 nan labou.

Nan KONAP n ap kontinye pouse Rèl Fanm nou, ki se Rèl tout popilasyon yo, pou di nou bouke pase tray anba yon pouvwa Lavalas ki ireskonsab, ensousyan, enkonsyan e k ap fè represyon. N ap pouse Rèl Fanm nou ankò, pou ankouraje mache kontre ant Ayisyen/Ayisyèn ki vle kontinye goumen pou devlope lòt pratik politik. N ap kontinye pouse Rèl Fanm nou, paske se eksperyans ak ladrès fanm ki pèmèt Ayiti kenbe !

Pou Kòdinasyon KONAP

Danièle Magloire (Enfofanm)

Yolette Andrée Jeanty (Kay Fanm)

Oga Benoit (SOFA)