Atik

Ayiti : Nesesite pou pale Kreyòl nan biwo Leta yo


vendredi 27 juin 2008

Pòtoprens, 27 jen 08 [AlterPresse] --- Yon dividal anplwaye biwo leta resevwa jounen 26 jen 2008 la yon sètifika apre yo te fin pran yon fòmasyon sou lekti ak ekriti lang Kreyòl la, dapre sa AlterPresse konstate.

Se anplwaye nan Sekretèri d Eta Alfabetizasyon (SEA), Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) ak Ministè kilti ak Kominikasyon ki te patisipe nan pwogram sa a.

“Fòmasyon nou pran jounen jodi a pral pèmèt nou tounen yon pi bon sitwayen. L ap pèmèt nou sèvi kominote a pi byen toujou”, daprè Antwopològ Suze Mathieu, direktris BNE.

Se anplwaye Biwo Nasyonal Etnoloji yo ki pran seminè sa a anvan lòt anplwaye nan aparèy Leta a. Biwo premye minis Jacques Edouard Alexis te pote konkou l bay enstitisyon ki te mete pwogram sa sou pye, dapre sa Suze Mathieu fè konnen.

Antwopològ la rete kwè “si tout Ayisyen mete tèt yo ansanm pou rive metrize lang manman yo, y ap kapab kominike pi byen ak tout popilasyon an”, ni sa ki konn li ak ekri ni sa ki pa konn a nan fèy malanga.

“Lè ou pa konn ekri ak li nan lang w ap pale chak jou a, ou pa pran peyi w oserye, ou pa pran kilti peyi w oserye, ou pa pran lang ou oserye”, se sa Carol Joseph, sekrete d Eta Alfabetizasyon an, fè konnen.

Joseph ankouraje tout moun ki okipe pòs sekretarya nan biwo leta yo pou sèvi ak lang Kreyòl la lè y ap resevwa moun yon fason pou evite machwè gonfle bo kote moun ki pa konn li ak ekri.

“Se yon enjistis lè ou pale ak yon moun an Franse aloske ou konnen se Kreyòl li pale. Nou dwe batay pou konstwi peyi a ak sa nou genyen, nou pa dwe aksepte sa yo pote ba nou, paske Kreyòl la se lang inite, se senbòl nasyon an”, daprè Carol Joseph.

Kèk benefisyè bat bravo lakontantman pou enpòtans fòmasyon sa. Anpil nan yo fè konnen yo tanmen itilize Kreyòl nan travay yo e menm lè y ap ekri patnè yo. [do gp apr 27/06/2008 00:30]