Haiti
Atik

Ayiti : Oganizasyon Savanèt chonje Benoit Batraville, 88 lane apre asasinay li sou lokipasyon meriken


Ekri jou jedi 22 me 2008

Savanèt/Plato Santral : 88 lane apre lanmò Benoit Batraville, òganizasyon Savanèt yo pa bliye lit KAKO yo te mennen kont premye okipasyon meriken an 1915.

Yon atik Antonal Mortime

Savanèt (Plato Santral / Ayiti), 22 me 08 [AlterPresse] --- Plizyè òganizasyon nan Savanèt (Plato Santral) mennen divès aktivite, 18 ak 19 me 2008 la, nan lokalite Kowòs, komin Savanèt, pou fè chonje 88 lane depi yo te asasinen Benoit Batraville sou lokipasyon meriken an 1920, dapre sa ajans sou entènèt AlterPresse te konstate.

« An n batay pou yon peyi granmoun, kote tout moun kapab idantifye tèt yo », se sou sa plis pase 200 manm oganizasyon ak abitan nan lokalite Kowòs te diskite nan yon konferans deba, nan sware 18 rive 19 me.

Pou louvri konferans deba a, yon ekip delege enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITEKA), ki t al sipòte aktivite sa a, te fè yon espoze sou listwa batay Benoit Batraville, andedan lame peyizan KAKO yo, kont premye okipasyon peyi d Ayiti soti nan lane 1915 rive 1934.

Espoze a te montre kòman sistèm Eta sivil la malad, lè li pa pèmèt tout moun idantifye tèt yo nan peyi a, espesyalman sektè peyizan an (moun k ap travay nan milye riral peyi a).

Nan lendi 19 me, òganizasyon yo te oganize yon gwo manifestasyon nan Bouk Savanèt kont biwo ofisye Eta sivil komin Savanèt la, yo akize k ap bay popilasyon an fo batistè ak lòt fo papye Eta sivil.

Brase lide sou okipasyon ak sistèm Eta sivil peyi a, dans tradisyonèl (Kalabiyen ak Mannoumba), kont, blag, dans folklorik, teyat popilè ak animasyon mizik angaje : se kèk pami tout aktivite nou te jwenn nan pwogram veye patriyotik la.

Se 2 gwoup kiltirèl ki te anime sware a, yon gwoup mizikal peyizan manm Tèt Kole nan Ti Bwapen ak yon gwoup jèn Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, nan lokalite Kowòs, Komin Savanèt.

Kòmandan an chèf lame peyizan KAKO yo, Benoit Batraville, ki gen ti non batay li rele « Ti Benwa », se te kamarad batay Charlemagne Peralte nan goumen kont okipasyon militè ameriken nan peyi Dayiti, soti 1917 rive 1920.

Peyizan sa yo, se te sèl sektè nan popilasyon Ayisyen an ki te ofri pi gwo rezistans an fas okipan yo, pandan plis pase 3 lane, dapre sa plimeyank Roger Gaillard rakonte nan liv li ki rele « La guerilla de Benoit Batraville ».

Apre militè ameriken yo, ak konplisite fanmi CONZE, te fin asasinen Kòmandan Charlemagne Peralte, nan dat 31 oktob 1919, KAKO yo te lonmen Ti Benwa kòmandan an chèf lame a. Benoit Batraville, limenm, t al mete katye jeneral li nan lokalite baryè wòch, zòn Savanèt, kote okipan yo te asasinen l, nan lannwit 19 rive 20 me 1920.

Se depi nan lane 1991, òganizasyon nan Savanèt yo, Tèt Kole ak Rasanbleman pou avansman Jèn Savanèt (RAJES), pran abitid fè chonje, chak ane, anivèsè lanmò Benoit Batraville ki te gen ti non jwèt Ti Benwa.

Pou ane 2008 la, aktivite yo te jwenn sipò ITECA, yon enstitisyon edikasyon Popilè nan Pòtoprens, k ap travay ak òganizasyon peyizan yo depi nan lane 1976.

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Savanèt, Asosyasyon Peyizan Kowòs (APK), Mobilizasyon Peyizan Batis Savanèt ak Rasanbleman pou avansman Jèn Savanet (RAJES), te mete ansanm pou reyalize, ane 2008 la, aktivite refleksyon, deba ak anbyans kiltirèl, pou fè chonje 88 lane anivèsè lanmo Benoit Batraville (20 me 1920 20 me 2008). [am rc apr 22/05/2008 11:00]