Haiti
Atik

Aktyalite 2007

Ayiti parèt chape anba yon kriz enstitisyonèl, pandan ekonomi an vanse lejèman

Sektè sosyal ak kiltirèl yo miltipliye inisyativ
Ekri jou lendi 31 Desanm 2007

Gotson Pierre

Pòtoprens, 31 des. 07 [AlterPresse] --- Ane 2007 la fini ak pèspektiv eleksyon kab fèt an Ayiti pou ranplase yon tyè sena a manda l ap bout dezyèm lendi janvye 2008 la, sa ki diminye menas kriz enstitisyonèl ki t ap fè peyi a siyon, dapre bilan ajans AlterPresse fè.

An desanm, prezidan René Préval nonmen yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Se Frantz-Gérard Verret ki prezidan l epi Jacques Bernard, tounen kòm direktè jeneral.

KEP a, ki enstale 12 desanm, gen tou kòm manda pou òganize eleksyon endirèk nan nivo kolektivite teritoryal yo, sa k ap ouvè posiblite pou tabli pou premye fwa yon Konsèy Elektoral Pèmanan, jan konstitisyon 1987 la prevwa sa.

An reyalite peyi a parèt chape anba yon kriz enstitisyonèl ki t ap menase l, lè palman an andikape, tandiske te gen gwo chire pit onivo ansyen KEP a epi prezidans la pat alèz pou kite l fè rès eleksyon ki gen pou fèt yo.

Pwosesis la fèt ak patisipasyon divès sektè politik ki reprezante nan palman an ak patisipasyon tou lòt sektè òganize nan sosyete a.

Diplomasi : Yon bann vizit enpòtan

Evolisyon politik Ayiti an jeneral pandan ane a, ak sitirasyon sekirite a ki fè globalman yon pwogrè, fasilite, nan nivo diplomasi, Ayiti resevwa yon bann vizit enpòtan.

Pami vizit sa yo, gen pa vis prezidan irigweyen an, Rodolfo Nin Novoa, an me 2007, vizit premye minis kanadyen an, Stephen Harper, an jiyè 2007, vizit sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-Moon, an out 2007, epi vizit sekretè deta franse etranje Rama Yade, an septanm.

Nan finisman ane 2007 la tou, gen konferans mondyal majistra ki fèt an Ayiti. An novanm, Senmak, nan nò Pòtoprens, resevwa plizyè dizèn reprezantan 12 peyi manm òganizasyon an. Premye minis Jacques Edouard Alexis konsidere reyalizasyon konferans sa a an Ayiti tankou yon jès « solidarite aktif ».

Sekirite a fè yon pa, men tèt chaje a toujou la

Sou plan entèn, yonn nan kesyon ki domine pandan ane a, se zafè sekirite, sitou ak zak kidnapin ki miltipliye pandan gwoup ame ap fonksyone nan kèk katye, sitou nan Pòtoprens. Se an janvye, Misyon Nasyonzini pou estabilize Ayiti (MINISTA) antre nan pi gwo faz operasyon kont gwoup ame yo epi MINISTA ak lapolis rive foure pye yo nan Site Solèy.

Rive mwa avril, lapolis ak MINISTA te deja arete omwen 5 nan prensipal chèf gang nan Site Solèy, san konte dè dizèn arestasyon moun yo sispèk kòm bandi. Pami chèf gang arete yo, gen Belony Pierre, Johnny Pierre-Louis ak Evens Jeune. Men jsikaprezan, fòs lòd yo toujou ap chèche Amaral Duclonat, yo prezante kòm pi gwo chèf gang, ki gen anpil akizasyon sou do l.

Ayiti vin viv yon apèzman nan kesyon zak vyolans yo, men, nan finisman ane a, fenomèn kidnapin repran fòs ankò, menmsi li pa layite menm jan ak anvan. Pou mwa desanm 2007 la, gen plis pase yon trantèn ka kidnapin yo siyale.

MINISTA : Nouvo chèf, nouvo manda, epi … 2 gwo eskandal

Pou sa kikonsène MINISTA, an septanm, yon nouvo chèf sivil pran direksyon l, se diplomat tinizyen Hedi Annabi, ki ranplase gwatemaltèk Edmond Mulet. Sa rive menm moman ak yon rankont minis defans peyi amerik latin ki gen twoup nan MINISTA, tankou Ajantin, Brezil, Chili, ekestera.

15 oktòb, Nasyonzini renouvle manda MINISTA an Ayiti pou 12 mwa, epi li laji manda fòs la pou li kab ede kontwole fwontyè Ayiti.

Nan Nasyonzini, an out 2007, prezidan Preval te bat bravo pou pèspektiv renouvèlman manda MINISTA, men li te pou reyenvante MINISTA a, pou li kab kontribye nan devlopman peyi a.

Yon lòt pa, 2 gwo eskandal make evolisyon MINISTA an 2007 la. Se zafè abi seksyèl ak kòripsyon. 3 novanm, misión an blije voye lakay yo 108 sòlda sri lankè poutèt yo te fè abi seksyèl sou fanm ak ti fi an Ayiti. Minis Kondisyon Fanm nan, Marie Lawrence Jocelyn Lassègue, mande pou Leta ayisyen patisipe nan jijman ki dwe fèt nan srilanka, pandan divès sektè nan sosyete a leve lavwa epi mande sanksyon pou koupab yo ak dedomajman pou viktim yo.

An desanm, laprès revele gen senk anplwaye nan MINISTA ki patisipe nan konfyolo pou fè konpayi ayisyen Distribitè Nasyonal SA jwenn yon kontra vann gaz pou 10 milyon dola, dapre rapò Nasyonzini.

Ekonomi : Ayiti fè progrè, men popilasyon an pa santi sa

Nan kesyon ekonomi, Ayiti fè pwogrè, dapre chif yo, men jesyon resous yo pa pèmèt fanmi yo santi amelyorasyon tout bon, malgre chif yo di enflasyon an soti anviwon 14% an 2006 pou li pase a anviwon 8%.

Pwodiksyon peyi a ogmante 3,3%, alòske pou 2006, li te ogmante 2,3%. Dapre rapò ofisyèl ki soti, se aktivite nan sektè agrikòl, konstriksyon ak komès ki pèmèt kwasans sa a, malgre gwo katastwòf natirèl ki frape peyi a epi ki fè plis pase yon santèn mò.

Men toujou gen gwo dezekilib nan komès Ayiti ak etranje. Peyi a espòte pou plis pase 700 milyon dola, li enpòte pou plis pase 2 milya dola.

Bon nouvèl pou Ayiti tou an 2007 la, sèke li kite kategori peyi ki gen devlopman fèb pou li pase nan peyi ki gen devlopman mwayen, dapre rapò Nasyonzini sou devlopman imen, ki soti an novanm. Sou 177 peyi, Ayiti twouve li nan 146èm plas.

2007 tou, se te ane pou Ayiti siyen akò patenarya ekonomik (APE) ak Inyon Ewopeyèn, atravè Kominote Ekonomik Karayib la. An desanm nan, Ayiti bay dizon li pou siyen akò sa a ak restriksyon ki konsène sèten pwodui li konsidere kòm estratejik epi yon dèle pou li kapab òganize ekonomi li.

Sektè sosyal yo ki te konsidere akò sa yo pa nan avantaj Ayiti, òganize yon kokenn mobilizasyon ak pledwaye kont siyati akò sa yo, atravè konferans, manifestasyon, sitin, eksetera. Apre inisyativ mouvman sosyal yo, deba rive fèt ant plizyè sektè sou akò sa yo.

Difikilte pou sektè sosyal yo makònen lit yo, men gen espwa

Pou sa ki konsène sektè sosyal yo ankò, yo toujou anfas difikilte pou makònen lit yo kòmsadwa, malgre jefò kontinye fèt pou ranfòse òganizasyon ki sibi anpil, nan kontèks difikilte ekonomik ak konfizyon politik.

Sepandan, yon kantite òganizasyon rive devlope aktivite nan tètansanm. Nan sans sa a,
menmjan mouvman fanm nan fè sa deja, mouvman peyizan antre nan yon pwosesis konsètasyon pou rive konstwi sektè yo a tout bon.

Se konsa an desanm nan, 4 gran mouvman nasyonal ak rejyonal : Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP), Tèt Kole Ti peyizan ayisyen, Mouvman Peyizan Papay (MPP) ak Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès (KROS), rive nan yon antant pou fini ak chirepit ki te brase bil sektè a nan tan pase yo, sitou nan moman gwo anje politik, epi vanse ansanm.

Ranfòse dyalòg ant Ayisyen ak Dominiken

Bò kote sektè sosyal yo toujou, gen jefò ki fèt pou ranfòse dyalòg ant Ayisyen ak Dominiken sou relasyon ant 2 peyi yo, alòske nan nivo Leta yo, pa gen gwo pwogrè ki fèt sou kesyon an.

Nan mwa avril, Dyalòg dominiko-ayisyen Legliz yo òganize yon konferans entènasyonal nan Pòtoprens ak patisipasyon pèsonalite nan 2 peyi yo epi reprezantan peyi Nòvèj pou chèche amoni nan relasyon ant Ayiti ak Repilik Dominikèn. Konferans sa a te poze pwoblèm anviwonman, ki se yon kesyon enterè pou 2 peyi yo.

An novanm, se Groupe Médialternatif (Ayiti) ak Espacinsular (Repiblik Dominikèn) ki mete jounalis nan 2 peyi yo chita ansanm nan Pòtoprens pou analize fason laprès 2 bò fwontyè a trete kesyon ayisaynodominiken yo, dapre etid 2 òganizasyon yo fè ak konkou Gwoup pou Apiye Rapatriye ak Refijye (GARR). Apre kritik yo fè, jounalis yo vini ak pwopozisyon pou ranfòse kalite travay yo ansanm.

Gen inisyativ tou ki pran an Ayiti ak lòt peyi pou denonse sitirasyon ayisyen ap viv nan batey dominiken. Yonn nan aktivite ki te gen plis eko, se espozisyon foto « Esklav nan Paradi », ki rive Pòtoprens an desanm apre li te fin pase an Frans ak nan Kanada.

Anpil evènman kiltirèl mobilize Ayisyen

Sou plan kiltirèl, gen anpil evènman ki mobilize Ayisyen an 2007, tankou dives aktivite pou selebre 100 an gran ekriven ayisyen Jacques Roumain, premye festival jazz nan Pòtoprens ak gwo konsè Alpha Blondy, Luck Mervil, Mario Canonge, an mas, virewon chantè ayisyen Belo an Afrik, an vril, apre li te fin ranpòte pri dekouvèt RFI an 2006, rantre literè an novanm, ki reyini ekriven ayisyen ak etranje, menm jan ak festival literè « Etonnants voyageurs » ki fèt an desanm.

Okazyon kè kontan nan zafè espò

Nan espò, plizyè nouvèl fè Ayisyen yo kontan epi montre peyi a ap chèche repran plas li nan echikye entènasyonal la. An janvye Ayiti te chanpion Karayib la nan Foutbòl. An avril Ayiti kalifye pou Koupdimonn epkip foutbòl ak jwè ki gen pi piti pase 17 an epi an jen Ayiti patisipe nan Gold Cup. [gp apr 31/12/07 14:00]

Son bilan sa a disponib epi li pase sou Radyo APAL, an Matinik, pandan finisman ane 2007 la ak koumansman ane 2008 la.