Haiti
Ti chèz ba

Mesaj Enfofanm pou Fowòm Fanm nan 3èm APC


Ekri jou lendi 18 out 2003

Mesaj ENFOFANM, à’ganizasyon Defans Dwa Fanm nan Kad FOWà’M Nasyonal FANM

TWAZYàˆM ASANBLE PàˆP KARAYIB

Medam Onè !

ENFOFANM bese chapo l byen ba devan kokenn travay òganizasyon feminis yo pou mete kampe Fowòm Fanm nan nan kad preparasyon Twazyèm Asanble Pèp Karayib la. ENFOFANM konnen ki kokenn defi Fowòm sa reprezante nan kontèk nasyonal ak entènasyonal jounen jodi a. Reyisi Fowòm Fanm nan se yon gwo defi pou òganizasyon Fanm yo ak pou tout Pèp la pou konsolide yon Mouvman Sosyal ki chita sou otonomi, egalite, ekite, jistis ak lapè. Reyisi Twazyèm Asamble Pèp Karayib la se yon gwo defi pou konsolide solidarite ak soworite nan mitan Pèp Ayisyen an ak nan mitan Pèp Karayib la, san demagoji ni rekiperasyon !

ENFOFANM salye inisyativ sa a. Reyalizasyon Fowòm Fanm nan se yon lòt nan efò pou tabli yon kòdinazyon ant tout òganizasyon fanm yo, ant tout fanm nan peyi d Ayiti, pou dizon fanm yo sispann mete sou kote. Nou tout ki la a konnen kouman depi nan kreyasyon Sosyete Ayisyèn nan, sistèm patriyakal la mete ansanm ak sistèm politik ekonomik yo pou eksplwate epi mete sou kote divès kategori nan popilasyon yo. ENFOANM gen konsyans sistèm k ap eskplwate epi mete sou kote fanm, travayè/travayèz, peyizan/peyizà n, eltariye chita sou menm prensip sistèm patriyakal la. ENFOFANM gen konsyans yon lòt lavi nan peyi d Ayiti ak nan Karayib la pa posib si nou tout nou pa mete men pou kwape sitèm patriyakal la. Se pou sa ENFOFANM ak divès òganizasyon feminis te mete kanpe CONAP -Kòdinasyon Nasyonal pou fè Pledwaye sou Dwa Fanm- ki gen nan Komite li Fanm Desise Jakmèl, ENFOFANM, Fanm Yo La, Kay fanm ak SOFA. Nou swete travay Fowòm nan ap konsidere Plan Pledwaye CONAP te tabli an oktòb 2002 lan. Fowòm Fanm nan dwe kapab tabli sou yon estrateji pou kesyon rapò debalanse ant fanm ak gason an se youn nan premye eleman nan konstriksyon yon veritab Mouvman Sosyal pou yon lòt kalite lavi!

Reyalizasyon twazyèm Asanble pèp ap fèt nan yo kontèk trè difisil pou Pèp Ayisyen an. Ane 2004 la ap make 200 zan kreyasyon Leta Ayisyen an. Malgre tout tan sa a sosyete a kontinye mete sou kote divès kategori nan pèp la. Mete sou sa Twazyèm APK a ap fèt nan yon konjonkti politk difisil anpil, kote yon ti gwoup moun ki fè dapiyanp sou pouvwa a deside tounen ak yon sistèm bout di k ap maspinen popilasyon yo epi pase anba pye prensipal aspirasyon Pèp la.

APK dwe yon espas kote òganizasyon mouvman pwogresis k ap goumen andedan rejyon an kapab jwenn posiblite pou pote kontribisyon pa yo nan angajman sektè sosyal altènatif k ap travay, aji, reflechi nan zile Karayib yo pou trase wout ki pou pèmèt entegrasyon ak solidarite ki te pwoklame nan dezyèm APK a. Nan sans sa a, gen yon pi gwo jefò mobilizasyon ki pou fèt andedan peyi a ak nan divès kalte sektè ki di yo se pwogresis tout bon, ki konprann enpòtans entegrasyon nasyonal ak rejyonal peyi d Ayiti nan rejyon an, nan respè idantite ak divèsite kiltirèl popilasyon yo, san demagoji ni rekiperasyon.

Pou sa ka fèt kòmsadwa, òganizasyon ki gen pou patisipe nan twazyèm APK a fèt pou gen pi plis kapasite konseptyèl ak lejitimite politik pou pran pozisyon aklè sou keksyon nasyonal nou an, san mistifikasyon fasa politik gògmagò gouvènman Lavalas la ap fè sou de keksyon fandalnatal tankou selebrasyon 2004 ak dosye « reparasyon / restitisyon », sou wòl ak plas pati politik ak òganizasyon sosyete sivil la parapòta Leta ak sektè prive, kondisyon fanm, sitirasyon jèn yo ak sektè ki pi plis defavorize yo.

Mèmman parèyman, òganizasyon APK a fèt pou gen yon pozisyon klè kou dlo kòk sou sitirasyon politik pèp k ap lite kont dominasyon enperyalis meriken nan lòt zile tankou Kiba ak Pòtoriko, dominasyon enperyalis franse a nan zile Matinik ak Gwadloup, okipasyon peyi Lagrenad depi sasinay premye minis Maurice Bichop, elatrye. à’ganizatè twazyèm Asanble a pa fèt tou pou vle enpoze yon sèl konsepsyon idantite ak kilti pou pèp yo.

Pou sa ka fèt, entèvansyon k ap gen pou fèt nan APK a dwe chita sou pratik konkrè òganizasyon yo genyen antre yo, ak konesans konkrè yo sou kondisyon popilasyon yo nan zile yo. Sa, se pa yon travay ki ka fèt nenpòt kijan. Nou menm òganizasyon fanm yo ki manm rezo feminis Amerik Latin ak Karayib, ki manm RSMALC ak ki gen relasyon travay ak kèk òganizasyon sè nan lòt zile, se nan sans sa a nou konprann patisipasyon n nan APK, se nan sans sa a nou toujou pote temwayaj ak solidarite nou nan chak espas kote n ap prezante keksyon nasyonal peyi d Ayiti, lit pèp ayisyen an, batay mouvman òganizasyon fanm ayisyèn yo. Twazyèm APK dwe kapab charye tout keksyon fondalnatal sila yo, pou rebay 2004 vrè sans politik li nan listwa limanite !

Pòtopren, 13 aout 2003, pou ENFOFANM,

Myriam Merlet, Direktrik Ekzekitif