Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : “Agresivite pouvwa Preval / Alexis a pou privatize antrepriz piblik yo”


Ekri jou sanmdi 14 jiyè 2007

Pozisyon plizyè òganizasyon nan sektè popilè a sou kesyon privatizasyon antrepriz piblik yo

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 13 jiyè 2007

Noumenm manm òganizasyon ki soti nan diferan depatman nan peyi a, nou mete vwa nou ansanm pou nou denonse epi rele anmwe kont agresivite pouvwa Preval / Alexis a pou privatize antrepriz piblik yo. Nan premye manda prezidan Preval la, prezidan an te deja kòmanse privatize antrepriz leta yo. Konsa, Minotri Dayiti ak Siman Dayiti ki te 2 antrepriz Leta vin tonbe anba ponyèt sektè prive a. Jounen jodi a, farin ak pen vin pi chè epi malere paka achete siman pou konstui kay pou yo rete, tèlman siman vin chè. Yon sak siman ki te konn vann pi piti pase 100 goud koute 250 goud pou pi piti jounen jodi a.

Nan dezyèm manda Preval la, nou konstate prezidan an kontinye ap anonse volonte li pou privatize antrepriz leta yo kòm si se antrepriz pa li yo te ye. Konsa, TELECO, EDH APN, ONA ak anpil lòt antrepriz leta sou lis privatizasyon prezidan Preval la. Menm BNC ki pami Bank k ap mache pi byen nan peyi a sou lis privatizasyon an. Alòske, ajan neyoliberal yo toujou fè kwè se paske leta move jesyonè ki fè yo vle privatize antrepriz leta yo.

Pouvwa Preval Alexis a ap pran inisyativ de grenn dwat sa a nan moman l ap tabli relasyon ak yon seri peyi tankou Venezyela k ap nasyonalize yon seri antrepriz prive ki gen yon wòl estretejik pou leta a ak pou ekonomi an. Peyi sa yo ap koupe fache ak politik remèd chwal enstitisyon finansyè entènasyonal yo, alòske Preval ap foure remèd chwal la pi fon nan gòj moun ki te vote l yo. Gouvènman Preval / Alexis a bay mas popilè yo bèl vag nan kalite desizyon l ap pran yo. Pifò desizyon pouvwa a ap pran, se desizyon ki kont enterè mas yo. Kalte politik sa a ap pral kreye plis mizè ak chomaj nan peyi a kote pifò deja nan chomaj. Kidonk, Preval chwazi yon politik pete fyèl kont mas moun ki te mete li sou pouvwa a. Noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou kwè antrepriz leta yo gen yon wòl enpòtan yo kapab jwe pou pèmèt mas popilè yo jwenn sèvis pou amelyore kondisyon lavi yo. Sektè prive a pa gen vokasyon bay sèvis. Enterè sektè prive a se fè plis benefis, se pa bay sèvis. Nan sans sa a, se sèl leta ki kapab jere antrepriz yo nan lide pou bay popilasyon an bonjan sèvis. Sou baz sa a, yon leta ki vle bay sèvis pa kapab ap privatize antrepriz piblik yo. Sa k pi grav, pouvwa anplas la vle privatize antrepriz yo san li pa anvizaje okenn espas pou pèmèt pèp la bay pozisyon li sou yon gwo desizyon konsa.

Pou tout rezon sa yo, nou òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou mande popilasyon an sitou mas popilè yo pou yo leve kanpe pou anpeche prezidan Preval likide antrepriz leta yo bay sektè prive a. Tout òganizasyon konsekan, ouvriye, peyizan, etidyan, elèv, ti machann, fanm ak gason nan katye popilè yo ak anplwaye antrepriz leta yo, nou tout dwe pote kole nan tout leve kanpe pou bare politik remèd chwal Preval la ki gen ladan privatizasyon antrepriz piblik yo, ouvè vant mache a bay pwodui pèpè pou kraze pou kontinye kraze pwodiksyon nasyonal la. N ap pwofite okazyon sa a pou nou mande pouvwa Preval Alexis a:

1) Fè bak sou lide pou privatize antrepriz leta yo

2) Pran dispozisyon pou redrese jesyon antrepriz sa yo

3) Tabli nan peyi a yon seri konsiltasyon popilè pou pèmèt pèp la bay dizon li sou yon seri gwo desizyon k ap angaje avni nasyon an (privatizasyon, pwojè byokabiran a elt…)

4) Kontinye ranfòse relasyon ant peyi Dayiti ak peyi tankou Kiba, Venezyela, Bolivi ak divès lòt peyi nan amerik latin nan pou ede nou rezoud sèten pwoblèm sosyal k ap brase bil nasyon an

5) Koupe fache ak enstitisyon finansyè entènasyonal yo tankou FMI ak Bank Mondyal ki se majò jon politik remèd chwal yo.

12 jiyè 2007

Moun ki siyen :

Depatman Lwès;

MORAP;
Maximilien Ernesto

MODEP;
Nixon Boumba

KRD;
Joseph Patrick

MOVE;
Jean Léon Santerre

FGPB;
Marius Thélusmond

CMD-OD;
Beaugé Frantzy

Depatman Nò;

GREDESH;
Jean François Jacky

Depatman Sid;

OLAJEKA;
Robert Ordéus

BROPS;
Lizima Fito Serge

Federasyon Tèt Kole Sid;
Edmond Saintius

Depatman Latibonit;

MITPA;
Adisson Chérilus

OPDAK;
Sauveur Piersinat

Fondation Jacques Roumain;
Pierre Louis Nicolas

Depatman Sant;

RGPB;
François Louis

RAJES;
Tranquille Vilassant

MPMD;
Novembre Altide

Depatman Nòdès;

KRPN;
Pierre Walnick

RAMSO;
Ben Saint-Jacques

Depatman Nòdwès;

Federasyon Tèt Kole Nòdwès;
Manicile Jean Baptiste

Depatman NIP;

KPN;
Fed Blema