Haiti
Ti chèz ba

Kouman ekriven ayisyen yo wè pwodiksyon kreyòl yo ?


Ekri jou mèkredi 25 jen 2003

Potop., 25 jen 03, [AlterPresse]---Pwodui nan lang kreyòl pou ki moun ? Se sou tèm sa a yon konferans te fèt 18 jen nan jounal « Le Nouvelliste », pami aktivite ki te make 9èm edisyon « Livres en folie ». Plizyè ekriven Ayisyen ki ekri nan
lang kreyòl, tankou Christophe Charles, Baudelaine Pierre, Déita ak Julio Jn Pierre te brase lide ak piblik la.

Baudelaine Pierre, ki fèk ekri yon woman an Kreyòl, ki rele Tètansanm, ankouraje lekòl an kreyòl an Ayiti. Baudelaine, ki t ap site pawòl Yves Dejean, fè konnen gen sèlman 2 al pou 3% moun ki pale fransè an Ayiti. Dapre ekriven an, elit ayisyen toujou itilize lang franse pou fè pase move lide oubyen kòm zam pou domine moun ki pale kreyòl sèlman yo.

Ekriven Baudelaine Pierre fè konnen tou, mache k ap itilize pwodiksyon franse yo pi gwo pase mache k ap itilize pwodiksyon kreyòl yo. Men, li ankouraje entèlektyèl ayisyen yo ekri nan lang kreyòl. Paske, dapre li, kont ayisyen yo, blag yo ak veye yo pa gen lòt lang ki kapab eksprime reyalite sa yo.

Christophe Charles, ki deja pibliye 3 rekèy pwezi an Kreyòl, kwè pwodiksyon kreyòl ayisyen yo vize yon ti elit. Mas pèp ki pale kreyòl la pa kapab itilize pwodiksyon sa yo akòz pi fò ladan yo pa konn ni li ni ekri. Sitirasyon sa a lakòz kliyantèl k ap itilize
pwodiksyon fransè yo, se yo menm tou ki sèvi ak pwodiksyon kreyòl yo. Christophe Charles pwopoze ekriven Ayisyen yo retounen nan "oraliture", sa vle di mete pwodiksyon kreyòl yo sou kasèt, yon fason pou plis moun kapab benefisye.

Pwodiksyon kreyòl yo anfas yon pwoblèm idantite, dapre Déita. Deita kwè se yon
mepri bò kote politisyen ayisyen yo lè yo oblije lekòl riral yo aprann nan lang franse. Ekriven an remake, jis jounen jodi a, fanmi ayisyen yo kontinye ap denigre ansèyman an Kreyòl. Paran sa yo kwè pou timoun yo rive vin yon moun enpòtan nan sosyete a fòk yo pale Franse, dapre sa ekriven an ajoute.

Avèk plizyè egzanp li te pran, Deita montre menm moun ki ale lekòl yo pa rive ekri ak pale franse byen. Dapre Deita, sèl mwayen pou limite dega yo, se ta mete yon pwogram edikasyon an Kreyòl ki marye ak reyalite moun yo.

Julio Jn Pierre, bò kote pa li, ki pibliye premye rekèy pwezi kreyòl li nan okazyon "Livres en folie", fè konnen, pwodiksyon literè se toujou yon liks. Nan kèlkeswa lang la, pwodiksyon literè pa janm enterese tout moun.

Julio Jean Pierre deklare, pwodiksyon li yo konsène etidyan epi tout entelektyèl ki enterese nan pwezi. Men, pi souvan, se ekriven ki li sa lòt ekriven pwodui. Julio Jn Pierre kwè ak ansèyman kreyòl ki ofisyèl nan lekòl yo, ap vin gen plis moun k ap gen posiblite pou li Kreyòl. [rv gp apr 25/06/2003 12:30]