Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : Libète demokratik yo anba chal


Ekri jou madi 6 me 2003

Entèvyou direktris enfòmasyon Radyo Ayiti, Michèle Montas, madan defen jounalis Jean Dominique, bay Marie Hélène Léotin, jounalis Radyo Ase Plere An Nou Lite (APAL), an Matinik, jou 16 avril 2003.

Nan entèvyou sa a, Michèle Montas fè yon rale dosye jistis pou Jean Dominique ki te tonbe anba bal nan lakou estasyon li a, Radyo Ayiti, an avril 2000. Li esplike pouki li pa vle aksepte òdonans lajistis mete deyò sou dosye sa a, ki pa di kilès ki peye pou te fè krim nan. Michèle Montas esplike sitirasyon Radyo a, ki blije rete fèmen depi fevriye pase, nan yon kontèks kote menas fè kenken sou tèt jounalis radyo a, kote tou libète demokratik yo anba chal. Michèle Montas konfime li pa kab tounen an Ayiti kounye a.

ML - Ki eta dosye ankèt la apre lanmò mari ou ?

MM - Bon, sa fè kounye a 3 zan depi yo tire mari mwen. Ankèt la kounye a swadizan rive nan òdonans. à’donans la sòti e sepandan n al an jistis nou refize òdonans sa a. à’donans sa a, ki di sèlman gen moun ki tire e gen konplis moun ki tire a. Yo pa janmen mache sou moun ki peye pou krim nan fèt e yo pa janmen pale pouki sa moun yo fè sa yo fè a. Pou nou se yon bagay inakseptab. Paske, lè ankèt la t ap vanse te gen yon seri akizasyon ki te fèt, enkilpation ki te fèt, gen moun ki te dezigne di dwa, te gen yon senatè, te gen yon seri lòt moun ki enfliyan non yo te site. Aparaman jij enskriptyon an te jwenn bagay kont yo ki fè yo te enkilpe yo.

Jodi a tout non sa yo disparèt. Sèl non ki rete se non moun ki te fè bagay la. Pou mwen tankou pou lòt kolaboratè mwen yo, tankou pou tout moun ki enterese nan kesyon demokrasi ak kesyon laprès an Ayiti, òdonans ki soti a se pa yon òdonans nou kapab aksepte, paske ou pa ka di m yon moun ki touye Jean Dominique pou plezi touye li, yon moun antre li fè baw epi fini.

Oke. Noumem sa nou di, moun ki tire a te gen yon kontra. Te menm gen chif pou kontra. Moun sa a pa enterese nou. Evidaman fò l jije tou. Men, moun ki enterese nou, se moun ki peye l pou l vin fè sa li fè a. Pou nou se sa ki enpòtan kounye a. Se sou sa n ap bat.

ML- E sitirasyon Radyo Ayiti Entè jodi jou ?

MM- Jodi a nou oblije fèmen radio a. Poukisa, paske te gen yon seri menas ki t ap fèt kont jounalis Radio Ayiti yo. An desanm yo eseye asasinen mwen epi yo tire gad di kò mwen, ki se Maxim Seide, jèn gason 26 zan ki te avèk mwen depi lanmò Jean, ki t ap pwoteje m depi lanmò Jean, e li bay lavi l pou mwen.

Apre sa m panse li te ka posib pou nou kontinye kanmenm. Mwenmenm mwen te sòti nan mikwo. Alòske mwen te asire jounal le matin an toulejou, m kite mikwo a, pansan se mwen ki t ap atire danje sou moun mwen yo. Malgre mwen sòt nan mikwo, menas la toujou kontinye sou jounalis radyo a. Moun ki nan lari, moun k ap fè repòtaj, yo vin di yo : menm bagay ki rive ak Maxim Seide se li ki pral rive nou (…). Mwen reyalize kounye a fòm te proteje la vi kolaboratè mwen yo. Se pou sa nou deside - se yon bagay nou deside ansanm - n ap fèmen radyo a, radyo a pap pale ankò.

Sa pa vle di radyo a fèmen. Radyo Ayiti egziste toujou. N ap eseye kontinye travay, eseye jwenn kòb pou nou kab fè yon seri pwogram, pou nou kontinye bay pwogram
nou yo bay radyo kominotè, pwogram sou sante, anvironman eksetera. Men nou pa ka
fè nouvel ankò. Sètadi, vin gen twòp danje sou nou pou nou ka kontinye fè nouvel.

ML- Ki mannyè ou ka esplike sitirasyon tala ? Ou pe di demokrasi a pratikman li disparèt an Ayiti?

MM- Pou kesyon libète laprès mwen kapab di nou pa gen sansi (NDLR : baboukèt) tankou nou te geyen sou Duvalier. Sa vle di pa gen moun nan gouvènman ki di w ou pa gen dwa ekri sa, w pa gen dwa ekri sa. Se pa sitiyasyon an. Sityasyon an se yon sitirasyon kote gen yon fòm anachi, kote gen moun, gwoup vyolan, e gen gwoup politik ki sèvi ak gwoup vyolan sa yo pou yo fè aksyon. Gen jounalis ki resevwa menas. Te gen jounalis an 2001 yo te touye ki te rele Brignol Lindor. Misye, yo te lenche l.

Pou nou, mesaj yo voye a lè yo pa bay ankenn rezilta sou ankèt Jean Dominique la, mesaj ki voye lè yo touye Brignol Lindor, yo di kiyès ki fè l yo pa ale jiska moun ki bay lòd fè l, tout
bagay sa yo se yon mesaj jounalis ayisyen ap resevwa, pou yo konnen yo gen dwa pale yo gen dwa di sa yo vle, men si lè w di sa w vle a ou konnen se lanmò k dèyè l, ou blije reflechi. Se la a sitiyasyon an pa yon sitiyasyon sansi, men se yon sitiyasyon vyolans ki fè libète demokratik yo bije anba chal.

M L- E oumenm, ou ka viv Ayiti ?

MM- Non, m pa kapab. Gen yon kontra sou tèt mwen, yo eseye tire m de fwa déjà , e m pa
ka tounen Ayiti kounye a.