Haiti
Ti chèz ba

GRALIP mande yon leve kanpe pou rete apranti diktatè yo sou kous yo


Ekri jou sanmdi 3 me 2003

Pozisyon GRALIP

3 me 2003

Nan okazyon 3 me 2003 a, ki se yon jounen senbòl nan istwa batay anfavè
Libète Laprès toupatou sou latè, Gwoup Refleksyon ak Aksyon Pou Libète
Laprès (GRALIP) voye yon gwo pinga bay chanprèl, tèt san kò politik yo, ki
fin wè mò, fòk yo ta retire lavi youn nan figi popilè nan Laprès la an Ayiti
: nou vle pale de konsè jounalis Lilianne Pierre-Paul.

Konsè Lilianne Pierre-Paul se direktris pwogramasyon Radyo Kiskeya. Sa fè
apeprè 30 an depi l ap feraye kòm jounalis. Mèkredi 30 avril 2003, pandan li
t ap prezante jounal 4 è a sou Radyo Kiskeya, yo voye ba li yon lèt ki gen
ladan yon bal chasè fizi 12. Gwoup moun ki ekri lèt la mande pou « lafrans
ta remèt kòb dèt endepandans peyi d Ayiti a ».

GRALIP, ki santi l estomake devan kalite zak san parèy sa a, konstate menas
lanmò dirèk sa a marye nètalkole ak demann pouvwa lavalas la ap fè depi dat
7 avril 2003.

Nan je GRALIP, delenkan politik yo toujou ap fè tèt di nan peyi a. Yo
toujou ap fè tèt yo pase pou avoka k ap defann kòz pèp la, alòske se politik
y ap mennen an menm k ap fè peyi a fè bak. GRALIP ap lonje dwèt sou politik
2 vitès pouvwa a: youn, ki se diskou ofisyèl la, ki vle fè konprann y ap
defann demokrasi, lòt la limenm, ki nan reyalite a chak jou, k ap rale
rigwaz, k ap sèvi ak metòd rejim bout di, rejim san manman ki pa respekte
dwa moun, pou fè se limenm sèlman ki sèl kòk chante.

GRALIP chonje ki jan patizan lavalas yo te atake jounalis Lilianne
Pierre-Paul nan dat 9 janvye 2001, pandan yo t ap fè tèt yo pase pou manm Ti
kominote Legliz Sen Jan Bosko nan Pòtoprens, legliz Sen Jan Bosko brasa wouj
te boule 11 septanm 1988. Jounalis Lilianne Pierre-Paul pa ka konte kantite
pwojè delenkan politik yo ap mare sou do l depi kèk tan, tankou : pwojè pou
touye l, pwojè pou sal imaj li, pou ba l pwazon, pou fè l mouri nan aksidan,
elatriye.

Tout zak sa yo antre nan pratik politik pouvwa an Ayiti, dapre GRALIP.

N ap viv nan yon sitiyasyon, kote metye jounalis gen malè lanmò ki pandye
sou tèt li. Tanzantan, Libète Laprès ap pran pataswèl nan peyi a. Nan achiv
li, rejim ki la a deja genyen plizyè dizèn jounalis ki sètoblije anbake pou
ekzil, ak yon bann lòt ki sibi divès kalite agresyon ak pèsekisyon ki rete,
jiskaprezan, san pinisyon.

Nan je GRALIP, klima lapèrèz toujou rete tenn fas. Pou sèlman mwa avril 2003
a, jounalis Ba altibonit yo resevwa menas sou menas nan men bandi lavalas ki
pote non « chimè ».

3 an apre kò sasinay ki te fèt sou Jean Dominique ak gadyen Radyo Ayiti a
Jean Claude Louissaint (se te nan dat 3 avril 2000), pwose krim sa yo toujou
rete kwoke, menm jan tou ak dosye kò sasinay ki te fèt sou jounalis Brignol
Lindor jou ki te 3 desanm 2001. Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès
ap mande tout jounalis sere kole, pou kontinye goumen epi mare chenn
solidarite youn ak lòt, pou evite lakwa tonbe yon lòt fwa ankò sou metye
jounalis la an Ayiti.

3 Me 2003 a, se yon lòt dat ki mete Laprès ki granmoun tèt li a, anfas tout
kalite sousi, tout kalite pwoblèm, tout kalite enkyetid, kè kase, kè sere, k
ap travèse l toulejou.

Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès ekzije yon pwen final nan tout
lagè deklare ak lagè anbachal k ap fèt kont Laprès ki granmoun tèt li a.

GRALIP konstate zòt vle rann Laprès ki granmoun tèt li a koupab, dèske Près
sa a pa vle mare sosis li ak pè pap, dèske li pa deside mache tèt bese devan
kèlkilanswa pouvwa a, dèske li toujou vle goumen anfavè Dwa piblik la pou
jwenn yon enfòmasyon lib, li vle goumen pou anpeche rejim kanson fè repran
jarèt nan peyi a.

Pou GRALIP,

Vario Sérant, Kowòdonatè prensipal

Stéphane Pierre-Paul, Asistan Kowòdonatè

Ronald Colbert, Administratè