Haiti
Ti chèz ba

7 rèl pou louvri wout pou dwa nou kòm sitwayen ak sitwayèn!


Ekri jou jedi 3 avril 2003

Deklarasyon Kòdinasyon Nasyonal Pledwaye pou Dwa Fanm (CONAP), nan moman manifestasyon li te oganize nan Potoprens jou 3 avril 2003

Jodi 3 avril 2003 a vini ak yon doub komemorasyon

ï‚· Komemorasyon jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyen, ak

ï‚· Komemorasyon dat sasinay Jean Dominique ak Jean Claude Louissant.

CONAP chwazi dat sa a, dat 3 avril la pou nou manifeste pou DWA nou, menm jan lè nou te mache 3 avril 1986 nou menm fanm, nou te vle fè tout nansyon an sonje Fanm Yo Prezan! Fòk sosyete a respekte Dwa Fanm! Jodi a, nou mete ak plizyè lòt òganizasyon soyete sivil la pou nou di Nou Sitwayen ak Sitwayèn, nou la! Nou pa zonbi, nou pap kite zòt pase dwa nou anba pye. Jodi 3 avril 2003 a nou kanpe pou fè respekte dwa nou kòm sitwayen ak sitwayèn!

CONAP chwazi dat 3 avril la tou, paske nou vle make trazyèm anivèsè sasinay Jean Do. Pou nou di yon fwa ankò: Twop se twop atò! Nou konnen ak sasinay Jean Do, fòs fè nwa yo te deside mete baboukèt nan bouch tout popilasyon yo, pou yo sispann di sak k ap fè yo mal. Jodi a n ap di byen fò nou pa aksepte rezilta ankèt jij enstriksyon an. Fòk sistèm jidisyè fè travay li san paspouki, pou veritab asasen yo jwenn pinisyon yo merite!

3 avril 2003, nou kanpe pou dwa nou. Nou sitwayèn ak sitwayen peyi d Ayiti nou pap bay legen sou dwa nou yo. N ap rele, n ap kriye! Se sitwayen ak sitwayèn ki pou di sou ki ray peyi dwe mache.

Rèl pou Dwa Politik nou !

Yon moun sitwayen/sitwayèn tout bon, lè li kapab egzèse, lib e libè, Dwa Politik li. Pami Dwa Politik fondalnatal nou, gen dwa pou nou vote epi chwazi alatèt peyi a ; dwa pou nou bay dizon nou sou fason peyi a òganize epi jere ; dwa pou nou patisipe tout bon. Lè dizon sitwayen/sitwayèn pran an konsiderasyon, se lè sa a Dwa Politik yo respekte, se lè sa a gen demokrasi.

Depi eleksyon ane 2000 la, pouvwa Lavalas ki an plas la montre jan li deside pase anba pye Dwa Politik nou yo. Se nan konsa, Lavalas mete an danje souverennte peyi a, kidonk dwa grandèt majè peyi a ; yon dwa ki ekzije pou alatèt yo suiv direksyon popilasyon yo mande yo. Nou pa p bay legen sou Dwa Politik nou yo !

Rèl pou Dwa pou nou à’ganize nou !

Pou egzèse dwa fondalnatal yo kòm sitwayen/sitwayèn, moun gen dwa òganize nan asosyasyon, sendika ak tout lòt kalite gwoupman yo vle. Lè sitwayen/sitwayèn òganize, yo ka fè tande vwa yo pi byen, yo ka lite ansanm pou jwenn satisfaksyon pou revandikasyon yo, yo ka patisipe tout bon nan bati lavni peyi a.

Jounen jodi a, lè pouvwa Lavalas la derefize pou òganizasyon fè tande soukous yo, li vyole kare bare Dwa pou nou à’ganize. Lavalas anpeche nou sèvi ak ladrès nou, pou nou bati yon sosyete ki chouke nan Lajistis san paspouki. Nou pa p bay legen sou Dwa pou nou òganize nou !

Rèl pou Dwa Lapawòl nou ak Dwa pou nou Enfòme kòmsadwa !

Lè nou pran lapawòl, se pou fè konnen lide nou, pou boukante pawòl nou, pou di sa nou vle. Lè Laprès ap chache ranmase dizon popilasyon yo nan nenpòt ki domèn, se Dwa Enfòmasyon li l ap egzèse ; se dwa pou popilasyon yo jwenn enfòmasyon Laprès ap respekte.

Lè pouvwa Lavalas la plede ap kraze manifestasyon òganizasyon sitwayen/sitwayèn yo, lè Lavalas ap maspinen moun k ap manifeste, lè Lavalas ap anpeche moun patisipe nan aktivite politik, lè Lavalas ap plede atake jounalis k ap fè travay yo, li atake Dwa Lapawòl nou ak Dwa pou nou Enfòme kòmsadwa. Nan aji konsa, Lavalas ap chache mete baboukèt nan bouch nou. Nou pa p pran baboukèt ankò ! Nou p ap bay legen sou Dwa Lapawòl ak Dwa Enfòmasyon nou!

Rèl pou Dwa pou nou jwenn Jistis ak Sekirite !

Se dwa tout sitwayen/sitwayèn alawonnbadè, pou jwenn jistis san paspouki ; ki vle di pou Lajistis bay dizon li san fòs kote, kèlkanswa kategori sosyal moun nan, sèks li, relijyon li ak fason l ap viv. Se dwa tout sitwayen/sitwayèn pou viv nan yon peyi kote yo ka mennen tout aktivite yo, san sibi presyon, entimidasyon ak tout kalite vyolans anba men zenglendo ak atoufè chimerik. Se dwa tout sitwayen/sitwayèn pou jwenn pwoteksyon nan men Lapolis ki, li menm, gen pou devwa pou li kwape ajisman zenglendo ak chimè.

Depi kèk lane, tout ankèt nan peyi a ap rapousuiv, san yo pa janm kapab bout ! Lè rezilta yon ankèt fin resi pa bay, se yon souflèt pou viktim yo, pou fanmi yo ak pou tout rès sosyete a. Vre koupab yo pa janm akize, ni jwenn kondanasyon yo. Okontrè atoufè fijitif, ki pete pòt prizon pou sove, ap pawaze nan lari, san kè sote. Lajistis an degraba, ensekirite ap vale teren epi enpinite kontinye ap blayi. Tou sa fè nou pa fouti jwi dwa nou kòm sitwayen/sitwayèn, pou nou jwenn jistis san paspouki, pou nou kapab sikile epi viv san kè kase tout tan. Nou p ap bay legen sou Dwa pou nou jwenn Jistis ak Sekirite !

Rèl pou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl nou

Tout sitwayen/sitwayèn alawonnbadè gen dwa pou jwenn mwayen pou viv ak diyite nan peyi a ; pou pa sibi okenn mete sou kote poutèt sa li ye a ; pou benefisye tout sèvis Leta gen reskonsablite mete kanpe pou byennèt popilasyon yo epi avansman peyi a ; pou se ak respè yo fè rekonèt, trete epi respekte tradisyon yo.
Nan konjonkti jodi a, se lavi chè ki pale. Pri pwodui premyè nesesite, espesyalman lamanjay, pa sispann ogmante ; pri transpò monte bwa ; depans pou lekòl, pou kay, pou swen sante, se rèl. Lavi chè ap depafini lavi moun, alòske anjeneral mwayen popilasyon yo ap vin pi fèb, akòz goud la k ap plede degrenngole epi akòz chomaj ki kontinye ap blayi.

Popilasyon yo, espesyalman sila k ap viv nan zòn riral yo, pa ka jwenn sèvis yo bezwen nan men Leta. Pou jwenn dlo, limyè, swen sante, edikasyon, wout, elatriye, se yon maswife.

Edikasyon se yon dwa pou tout moun, gason kou fi, kèlkanswa kote y ap viv nan peyi a. Jouk jounen jodi a, pifò moun pa konn li ak ekri, pifò timoun pa ale lekòl. Yon pouvwa ki chwazi tounen yon rejim bout di, pa enterese nan ofri bon jan kondisyon pou moun aprann ; okontrè l ap chache mete kontwòl sou lespri moun ak sistèm ki depaman ak reyalite epi ak bezwen sosyete a. Lè edikasyon lage nan machanday; lè inivèsite pa gen otonomi paske li sou lobedyans pouvwa politik la ; lè pwofesè, elèv ak etidyan/etidyant pa gen mwayen pou yo travay kòmsadwa; lè pwofesè pa gen sekirite nan travay yo ; lè Leta derefize respekte angajman li pran ak pwofesè yo; lè nan kote y ap fòme moun chimè ka rantre vin kraze brize, sa tou vle di Dwa Edikasyon nou pase anba pye.

Pouvwa Lavalas la nan yon pakèt kalbenday : ireskonsablite, enkonsekans, vol, koripsyon epi aplike politik ekonomik ki pa anfavè popilasyon yo. Kalbenday sa yo pote anpil move konsekans pou lavi popilasyon yo, espesyalman sila ki pi frajil yo, tankou fanm ak timoun, akòz pozisyon yo nan sosyete a, e sa vin ogmante kolòn pòv nan peyi a ak kantite moun k ap pèdi kapasite pou yo fè fas a bezwen yo.
Kilti yon pèp se nanm li. Kilti yon pèp pèmèt li kenbe rasin memwa li. Se nan demagoji sèlman pouvwa Lavalas la pale de lakilti. Nou pa bay legen sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl nou!

Rèl kont Vyolans Leta sou popilasyon yo ! Rèl kont Vyolans sou Fanm !

Depi kèk tan, sanble peyi a lage bay chimè ak Lapolis k ap travay kòtakòt pou kraze zo popilasyon yo, desounen yo anba zak represyon. Olye li arete atoufè, se nan Palè gouvènmam Lavalas la ap resevwa chèf gang k ap matirize moun, ki fè kadejak sou fanm, san kè sote.

Malgre tout ladrès yo mete deyò pou bare wout vyolans sou fanm nan, òganizasyon fanm yo pa sispann jwenn baryè bò kote otorite yo. Lwa kont vyolans sou fanm ap dòmi nan tiwa, dispozisyon pa ka pran pou garanti fanm ki viktim vyolans yo ap trete kòmsadwa, enpinite pou batè fanm ak kadejakè vle fè kwè vyolans sou fanm se zak bannal. Ensekirite ki blayi nan peyi a, vyolans Leta ap fè sou popilasyon yo fè fanm plis viktim vyolans. Nou pa p bay legen sou dwa pou nou viv san nou pa sibi okenn fòm vyolans !

Rèl pou Dwa pou nou Viv nan Anviwonnman ki Sen !

Peyi nou an aladriv. Fatra monte 17 wotè nan tout vil, e se sou fatra moun blije ap viv, se sou fatra machann ap chache lavi yo. Pa gen lijyèn piblik. Mòn nou yo fin dekale epi dlo ap fin bwote tè a ale nan lamè. Larivyè ak sous nou yo ap fin seche. Kou lapli tonbe, lavalas dlo bwote tout sa ki gen valè: bon tè, kay elatriye. Lè anviwonman yon peyi depafini, se venn peyi a ki louvri, se lavi ki prale ; se lespwa k ap fennen.

Otorite yo pa pran okenn dispozisyon serye pou yo pwoteje anviwonnman an tout bon vre. Koze anviwonnman peyi a lage nan kalbenday ak demagoji. Nou pa p bay legen sou Dwa pou nou Viv nan yon Anviwonnman ki Sen!

N ap kontinye pouse Rèl, makònen Rèl nou ansanm pou Dwa nou kòm Sitwayen/Sitwayèn respekte!

N ap kontinye pouse Rèl, makònnen Rèl nou ansanm, pou nou ka pèse wout pou demen Ayiti!

Pòtoprens, 3 avril 2003

Pou CONAP,

Myriam Merlet
ENFOFANM

Yolette Mengual
Fanm Yo La

Yolette Jeanty
Kay Fanm

Eveline Larieux
SOFA