Haiti
Ti chèz ba

Rèv bèl Karayib (...) tounen chimè


Ekri jou jedi 6 mas 2003

Prezantasyon jounalis Colette Lespinasse, ki t ap anime 21 fevriye 2003 nan Pòtoprens seyans lansman travay pou Asanble Pèp Karayib ki pral fèt Okap nan mwa out 2003

Mesye Dam lasosyete bonjou,

Tanbou nou sot tande la a, li soti lwen, byen lwen, nan kontinan kote yo t al chache nou an, an Afrik, pou mennen nou nan Karayib la, pou mennen nou sou zile Ayiti.

Yo te fè dappiyanp sou nou, pati ak nou, de men n, de pye n. Yo pa t kite n pran anyen. Men nou te mache ak yon bagay kanmenm, nan fon kè n, yon bagay pèsonn pa p ka janm retire. Nou te pati ak diyite n kòm moun, ak rèv nou pou lalibète, pou lajistis. Nou travèse lanmè, gen nan nou ki mouri nan wout, nou rive nan Karayib la.

Yon bann ti zile, bèl kote, bèl pyebwa, bèl lanmè. Lè nou rive pèp ki te la a, endijèn yo, te gen tan prèske fin disparèt. Yo di nou, anvan gwo zwazo yo te vare sou yo, tout ti zile sa yo te fè yon sèl, yo t ap viv an amoni youn ak lòt, te gen anpil alevini antre yo. Yo di nou, tout pèp ki te la yo t ap jwi sosyete abondans, yon sosyete plezi. Te gen manje pou moun manje, te gen dlo pou moun bwè, te gen pyebwa, te gen anpil, anpil bèl bagay. Zile ki rele Ayiti a menm, yo di nou se te yon bijou, tèlman l te bèl.

Sosyete ki te peple Karayib la, se pa t yon sosyete esplwatasyon, peze-souse, yon pati pa jwenn yo pati gonfle, jan sa ye jounen jodi a. Se te yon sosyete ki te òganize l pou tout moun jwenn lavi.

An nou pran kèk minit pou nou sonje tout pèp endijèn yo, tout fanm ak gason ki te peple Karayib la, anvan Kristòf Kolon te debake.

(Silans)

Depi dappiyanp la fin fèt an 1492, Karayib la fann an miyèt moso. Chak gwo pisans yo pran moso pa yo: franse pran pa l, angle pran pa l, Espayòl, Olandè, ameriken… yo chak pran pa yo. Yo mete nou anba lesklavaj. Yo wonfle nou anba kout fwèt, yo fòse nou travay pou anrichi yo.

Sou youn nan zile sa yo, gen yon lòbèy ki pete. Gen moun ki leve kanpe pou di non, sa pa ka fèt. Nou pa dakò pou yo fè n tounen bèt, nou pa dakò ak sistem bourik travay pou chwal galonnen sa a. Nou gen diyite, nou se moun !

Se te nan Ayiti/Kiskeya/Boyo, rèl liberasyon sa a te pati. Moun yo lite, yo lite, joustan yo mete do sistèm lesklavaj la ak sistèm kolonyalis la atè. Yo di non kont tout fòm krazezo, maspinay, kout rigwaz ! Yo di non ak zafè bourik travay chwal galonnen. Yo deklare libète jeneral pou tout esklav. An 1804, yo deklare moso tè sa a se pou nou. Yo di nou pral konstwi l pou tout moun jwenn lavi.

Nan moman sa a, se te yon gwo lespwa pou tout pèp nan Karayib la, pou tout pèp sou latè. Nouvèl la pati, li rive jous nan Ginen. Anpil moun tande l, anpil moun fremi.

Lè sa a, tout esklav nan Karayib la ki t ap kouri pou chape pou l yo anba krazezo, te jwenn bèl akèy, 2 bra louvri pa bò isit. Se te yon tèritwa libere, yon peyi pou tout moun ki pa dakò ak esklavaj ak kolonizasyon. Se te yon gran revolisyon.

Onè respè pou zansèt esklav yo ! Onè respè pou nèg ak nègès mawon yo !

Revolisyon an fèt, revolisyon an toufe. Byen bonè, yo vòlò l nan men nou, jous jounen jodi a.

Karayib la ki te fann depi lè kolon yo te fin fè dappiyanp sou li, pa rive rekoud tèt li. Nou toujou yon bann ti zile, yo chak pale yon lang, yo chak gen yon patwon. Gen nan yo ki anba metwopol toujou. Li difisil pou n kominike youn ak lòt.

Pa bò isit menm, an Ayiti, flanbo revolisyon ki te limen an febli nèt. Rèv bèl Karayib, kote gen lanmou, lapè, kè kontan, kote tout moun jwenn lavi a, tounen chimè. Alòske nan koumansman, Ayiti t ap akeyi moun, jounen jodi a, li tounen yon avadra, yon ti lendi k ap pwomennen kwi l toupatou. Pitit li yo pa ka viv. Tout lajounen, y ap ranmase moso kadav yo sou lanmè, reken fin manje yo nan al chache lavi lòt kote.

Men kote nanm nou ? Kote rèv nou te gen nan fon kè nou an? Sa nou fè ak eritaj zansèt nou yo? Kote rès fanmi nan Karayib la?

Kote nou ayisyen, ayisyèn, fanm vanyan, gason vanyan? Eske n ap kite peyi a fini nan men nou? Eske n ap kite dlo lavalas bwote nou tout al charye nan lanmè? Eske se eritaj sa a, endyen yo, mawon yo, esklav yo te ba nou ?

Non, flanm nan pa mouri, flanm nan toujou la. Se paske li la toujou ki fè nou reyini jodi a. Gen moun ki gen diyite toujou ! Gen moun ki gen rèv toujou. Ayiti pa mouri, Karayib la pa mouri.

Nou nan yon kontèks globalizasyon pou machandiz ak lajan ka sikile pi byen, pou kapitalis ki gen lajan ka fè plis lajan toujou, pou gwo ka kontinye vale piti pi byen toujou. Se nan jwèt sa a, divès moun ki te gen mayèt peyi a nan men yo depi 1804 te pran, joustan yo mennen nou kote nou ye la a, nan lòbèy sa a.

Karayib la deside pa kontinye fè jwèt lanmò sa a ankò. N ap globalize pito rèv nou, solidarite nou, pou n kase chenn ki mare nou an depi lontan, twò lontan.

Se poutèt sa an 1994, plizyè òganizasyon, enstitisyon ap gwoup politik nan Karayib la te mete ansanm pou kreye Asanble Pèp Karayib la.

An Ayiti, nou gen privilèj ane sa a, pou n akeyi 3èm asanble a, nan yon moman kote n ap selebre 200 lane batay kont sistèm lesklavaj ak sistèm kolon an.

Selebrasyon sa a bare nou nan yon moman kote nou an ranyon, nou an ti lendi, nou dènye nan tout bagay nan zòn nan. Eske n ap leve defi a ? Eske n ap leve defi!

Si nou di wi, annavan mesye dam, pou yon lòt Ayiti, pou yon lòt Karayib.

Janvye 2003