Haiti
Ti chèz ba

Pozisyon Batay Ouvriye sou sitirasyon peyi Ayiti


Ekri jou mèkredi 26 fevriye 2003

Analiz konjonkti Batay Ouvriye, yon enstitisyon ki bay ankadreman nan milye ouvriye an Ayiti

Fevriye 2003

« 2001 ap bon kan menm ». Se sa yo te di… E nou tout wè sa ki pase. Pi rèd, kounye a, 2003 a louvè sou nou nan yon sitiyasyon ki pi mal toujou pase sa nou te janm konnen.

Menm si sitiyasyon an pa bon pou anpil moun, men se pou nou menm nan mas pèp la, li pi pa bon. Se toujou pou nou li pi pa bon. Paske se nou ki esplwate, apovri an pèmanans, kidonk ki gen mwens mwayen pou sipòte difikilte ekonomik yo. Men tou paske se nou leta reyaksyonè a la pou pèsekite, kidonk se nou ki jiskaprezan domine e gen mwens òganizasyon ki rele nou chèmèt chèmetrès k ap goumen nan enterè nou tout bon vre.
Sou yon lòt bò tou, sitiyasyon fizik peyi a vin pi mal jou an jou : se san wont moun ap viv ladan l e, ankò yon fwa, se nan katye pa nou yo li pi mal. E nou menm, n ap bwè dlo santi a, paske, nan sa dirijan yo ofri nou jiskaprezan, se la a menm yo wè pou nou !
Anfen, jan tout moun ap viv li, ensekirite a fin blayi nètalkole men, toujou, se nan katye nou yo e se kont travayè yo, ouvriye yo li piplis pran fòm represyon ak laterè pèmanan.

Sitiyasyon an rive malouk nètalkole pou nou paske, piti piti men san mank, lesplwatasyon ak dominasyon boujwa, gran don mele ak gran manjè vin fè lavi nou rive tèt anba, pandan lesegrennen leta a klase nou nan rigòl dlo santi a, anba represyon ak laterè. Men tou paske politik la vin konplike devan nou, sitou lè tout moun k ap pale yo, di y ap pale onon nou!

Nou menm nan BATAY OUVRIYE, ENTERàˆ TRAVAYàˆ ESPLWATE, SE TOUJOU SàˆL BOUSà’L NOU e LIT NOU, SE SàˆL LEKà’L NOU. Se sa k fè, menm jan nou toujou fè l, se SOU BAZ ENTERàˆ NOU, nou menm ouvriye, nou menm travayè, nou menm mas popilè yo an jeneral, n ap di : JOUNEN JODI, LAVI NOU AN JE ! Kidonk, Fà’K NOU MOBILIZE! Fà’K NOU RANTRE NAN BATAY ! Men se SOU BAZ ENTERàˆ PA NOU POU NOU Fàˆ L !

E, pou nou ka mobilize sou baz pwòp enterè pa nou tout bon vre, fòk nou konprann trè byen sa k ap pase. Kidonk, an n gade ansanm.

Konjonkti Medya yo Prezante / Konjonkti Pa Nou

Nan yon premye aspè, medya yo prezante tout yon seri lit ki konsène BATAY ti boujwazi a, kont yon pouvwa yo konsidere « diktatoryal, abitrè e anti-demokratik ». Se lit anseyan yo, etidyan yo, anplwaye sèvis piblik ki pa gen bon jan kondisyon pou travay pandan yo pa touche nonplis, se lit jounalis yo k ap denonse tou sa, se lit kont ensekirite jeneral ki blayi nan peyi a, se lit kont egzaksyon chimè Lavalas yo tou fè kont tout sektè k ap revandike vre. Tout lit sa yo gen yon enpòtans nan kad lit kont klas dominan yo globalman e konstriksyon Kan Pèp la ki gen pou fèt. Si sèten pa kenbe kont de limit ak deviyasyon ki te prezante depi 1986 e, pafwa, pèmèt rekiperasyon pwòp klas dominan yo nan enterè pa yo, dòt rive fè de distenksyon nesesè : yo kontribye a fè kontradiksyon yo vanse.

Men, vreman vre, nan tan ki sot pase yo e, yon sèten mannyè, jouk jounen jodi, nan tout radyo, nan tout medya, lit yo piplis pale de li a, se sila politisyen « Lopozisyon » yo ap fè kont rejim Lavalas opouvwa a. Eske se lit politik sa a ki pi enpòtan pou nou menm ouvriye, travayè tout kalite, mas popilè yo, Kan Pèp la an jeneral ? Li pa oblije sa… E, nou menm ka di, kare bare: non!

Medya yo, globalman, se pwopriyete klas dominan yo e, an jeneral, se enterè lènmi nou yo y ap defann. Men, etan done wòl ideyolojik pèmanans sijè sa a nan medya yo jwe, li vin ba li yon enpòtans objektif nou gen pou nou fè fas a li.

Pandan majorite medya yo ap difize lit ant Lopozisyon ak Lavalas la kòm pi enpòtan, nou menm nou konnen gen yon pakèt lòt pwoblèm ki rete enpòtan, pi enpòtan pou nou. Se sila ki konsène nou dirèkteman: pri gaz, enjistis jeneralize kont nou, ensekirite nan katye nou yo (ki pi rèd e pi pèmanan pase sila lòt klas yo ap viv), sitiyasyon jeneral malouk n ap viv nan katye nou rete yo - tankou dlo lapli ki anvayi nou, bon dlo ki manke, kouran ki pa rive jwenn nou …-, dominasyon ak abi ti peyizan ap sibi san rete, lavichè k ap monte tèt nèg e ke gran komesan ap òganize yo ansanm ak leta pou kontinye ap ogmante pi rèd, e sitou lesplwatasyon n ap viv an tan ke OUVRIYE e ke n ap sibi gras a enpinite patwon yo jeneralteman ansanm ak konplisite leta … … Pwoblèm sa yo, apa sèten radyo trè ra oswa kèk grenn pwogram pwogresis ki difize yo gras a lit kèk jounalis ki plase yo nan Kan Pèp la e ki oze pale de yo, nou pa tande yo. Sòf tou lè yo ka sèvi pou lit global klas dominan yo, oswa lè yo vle fè kwè nan mit « objektivite » yo a, pa egzanp. Ki fè nou gen lenpresyon tout vre pwoblèm nou yo pa jeneral. E poutan, se yo ki piplis pwoblèm POU NOU TOUT MAS POPILàˆ YO, NAN TOUT PEYI A! [1]

Ki jan pou nou konsidere 2 kesyon sila yo : lit ant politisyen klas dominan yo e revandikasyon serye pa nou yo? Ki jan pou nou bay yo chak enpòtans ak plas chak merite, NAN KAD ENTERàˆ PA NOU? Kidonk, ki jan pou nou konprann konjonkti a nan enterè PA NOU, TOUTAN, TOUT KOTE, NAN TOUT SITIYASYON?

Se nan kad pwoblèm jeneral sila a, jounen jodi, BATAY OUVRIYE ap fè sòti yon POZISYON sou konjonkti jeneral la, men ki marye, ki baze, sou ENTERàˆ PA NOU, NOU MENM OUVRIYE, NOU MENM TRAVAYàˆ, NOU MENM NAN MAS POPILàˆ YO, NOU MENM NAN KAN PàˆP LA AN JENERAL.

Lavalas / Lopozisyon

Jan nou kapab wè nan lari, jan nou kapab konnen apati tout medya, sitiyasyon politik ant 2 gwoup politisyen sila yo rive nan afwontman. Yo chak vle fè kwè si y ap goumen, se pou fè tout moun patisipe nan lavi politik ak ekonomik peyi a, nan enterè tout moun, nan avantaj tout moun. Se sa yo rele « demokrasi » yo a. Men, nou menm ouvriye, je nou, se sa li wè li ban nou. E, pou nou menm, BATAY NOU, SE PI GWO LEKà’L NOU.

Se sa k fè nou pap janm bliye ki kalite vyolans (je fèmen, kout bwa tribò babò…), Kò Leyopa, anba komannman kolonèl Rebu, te konn fè, an 1988, sou nou menm ouvriye nan Pak Endistriyèl, nan Pòtoprens. Nou pap janm bliye, pandan koudeta a, se Deronceray ki te ekzije retounen ak chèf seksyon pou maspinen ti peyizan. Ni nou pap janm bliye Manigat, se nan san pèp la li te monte prezidan e ke se nan ti bout tan li te fè sou pouvwa a Kazèn Desalin te konn desann regilyèman nan izin, ap kraze ouvriye ki t ap revandike. Ni Reynold George ki te konseye prensipal Dupiton e tan dòt, e tan dòt , e tan dòt…, nan swadizan lopozisyon an, LàˆNMI NOU DIRàˆKTEMAN ! E ki pa janm di yon mo nan malè nou, nan mati grandon, boujwa ak enpeyalis ap fè tout kalite travayè pase. E ki pa janm di yon mo sou destriksyon tout pwodyi agrikòl nou yo. E ki pa janm di yon mo sou pwojè zòn franch yo vle tabli sou do tout travayè k a va andedan lanfè sila yo. E ki pa janm di yon mo sou lesplwatasyon n ap sibi anba boujwa, nan kad ENPINITE KLAS SILA A JWI NAN PEYI A JOUNEN JODI! Lopozisyon: LàˆNMI NOU, DIRàˆKTEMAN!

Ni nou pap sispann denonse « 184 » sila yo ki gen alatèt yo Apaid, yon boujwa ki toujou voye sekirite li yo fè presyon sou ouvriye k ap revandike dwa jis e legal yo nan izin l ap dirije a e ki menm rive rale zam li kare bare sou militan BATAY OUVRIYE ki t ap mennen pratik nan zòn izin li a. De ki « kontra sosyal » ekip sila a ap pale, lè depi toutan, dwa ouvriye yo pa respekte nan izin y ap dirije yo e kote pratik legal ouvriye yo pou revandike dwa yo toujou reprime lakay yo san gade dèyè ? Ki « sektè sendikal » ki nan mitan yo, lè nou wè se eleman menm santral pouri yo ki la, yo menm ki toujou te konn ap vann lit klas ouvriyè a bay patwon, nan negosiyasyon fo mamit oswa nan tripatit ak lenmi ?

Men, depi Aristid tounen a tou, tout moun wè se pi gwo boujwa yo k ap byen mennen, se pi gwo makout yo k ap penpennen. Gwo bank, ponp gazolin, pi gwo biznis, kit se nan telefòn, kit se nan konstriksyon kokennchenn kay… Toujou : eskandal diri, tòl, vòlè kòb moun nan koperativ. Ekzekitif, palmantè, se blòf sou blòf, manti sou manti, pandan granmanjè ap plen pòch yo. Tou sa, anplis yon enkapasite kronik pou leta a jere kwakseswa. Ki fè se nan fatra n ap viv, pi piti lapli se inondasyon nan katye pa nou yo, lopital piblik nan yon dezòd total kapital, anplwaye tout enstitisyon leta pa ka touche pandan granmanjè tou sèl ap byen mennen... Egal : TOUT TRIBILASYON SE POU NOU MENM TRAVAYàˆ, NOU MENM MAS YO !

Nou menm ouvriye, se nou ki konnen se anba Aristid SIMO debake vin kraze zo ouvriye nan izin Baker, se anba Aristid atoufè masakre peyizan-travayè ki t ap revandike dwa yo nan Gwasimal, sou ribrik « teworis », kote gouvènman an menm rive deklare li la pou defann tè diplomat ( !!!) e kote palmantè, ki vle fè kwè yo ‘nasyonalis’, al mennen yon ankèt tèt chat nan objèktif trè klè POU PRAN DEFANS KOLON FRANSE !!! Yo tout, granmanjè, pou kapab reyalize alyans yo ak gran boujwa nasyonal kou entènasyonal, yo deklare ti peyizan yo « teworis », pou anplwaye menm fòmil George Bush, patwon yo, ap itilize kont tout moun ki pa dakò ak briganday l ap fè nan lemonn.

Se sou Aristid, lòtre jou la a, grandon ansanm ak yon ekip atoufè boule kay plizyè manm BATAY OUVRIYE nan Nòdwès, apre tribilasyon sou tribilasyon yo fè òganizasyon ti peyizan yo pase. Se sou Aristid, ankò, chimè sot nan lameri Akayè pou chache kraze manifestasyon travayè k ap reklame dwa yo devan grandon. Vreman vre, sou Aristid, grandon kou boujwa frape travayè jan yo vle. E leta lavalas la la pou defann grannèg sa yo trè klè.

Se sou Lavalas lajistis plis kondane travayè nan benefis boujwa. Se sou Lavalas gouvènman an ap vann peyi a nan zòn franch, yon lanfè k ap tann travayè. Sou ribrik « bay travay » y ap vann travayè ayisyen : nan epòk lakoloni tou, kolon yo te « bay travay ». Bay travay, se youn, nan ki kondisyon, se yon lòt!

Blofè, vòlè, enkapab, granmanjè arivis, kowonpi, grandon sanginè, boujwa esplwatè, kapitalis etranje enpeyalis k ap vin pran avantaj bab e moustach nan san travayè ayisyen : se SA, Lavalas.

Se sa k fè nou menm, nan BATAY OUVRIYE, kote SE JE NOU KI BA NOU, SE LIT NOU KI SE SàˆL LEKà’L NOU, nou deklare aklè : Lavalas ak Lopozisyon, se 2 marasa, 2 matlòt, 2 bò bounda pouri nan yon menm kanson chire! Pou nou menm : TOU LE 2 NAN MENM KAN AN ! KONT NOU !
Men, sa k fè y ap goumen ?

Sa Y ap Regle

Nan kan sa a, lè nou gade, lè nou reflechi byen, sa k ap regle, an reyalite, se kesyon KI REPREZANTAN KLAS DOMINAN YO AP METE ALATàˆT LETA YO A ?

Lavalas piplis chita sou yon dappiyanp tout pòs, jeneralteman, nan leta a. Paske manm li yo poko sanble ase lajan oswa fin sanble yon ase gwo valè lajan dekwa pou, lò li rive anpil tout bon, ka tounen KAPITAL nan lesplwatasyon ouvriye, jan Divalye, Franck Romain, Cambronne, Cinéas… te rive reyalize. Ki fè, jounen jodi, pou Lavalas, LETA a, se poko janm yon estrikti ki la pou bay sèvis, men, pito, toujou yon SOUS pou akimilasyon lajan, kapital. Se sa boujwa ki gen endistri, faktori jounen jodi a, te reyalize, gras a okipasyon ameriken 1915 la, sou Vincent, Lescot, Borno… ; se sa gwo makout yo reyalize sou Divalye. Se sa gwo dirijan Lavalas yo ap chache reyalize jounen jodi a, nan asosye nan gwo biznis, nan gwo bank, nan kontrebann, nan dwòg, nan kooperativ…

E, akimilasyon sila a, se toujou sou do Pèp la dirèkteman, sou mati ak tribilasyon Pèp la, nan san Pèp la menm li toujou reyalize.

Gen moun ki poko wè sa. Se paske sèten eleman Lavalas poko fin sanble ase lajan dekwa pou yo ta parèt milyonè aklè : yo toujou parèt kòmkwa yo jiskaprezan « pwòch Pèp la », poutan « pwòch pèp la », se sa ki dèyè yo, sa ki devan yo, se pi pwòch boujwa. Vreman vre, eleman Lavalas sila yo, ki yon lè te parèt ap goumen sou kote oswa menm pafwa ak Pèp la, pou pòte e defann de revandikasyon jis e pwogresis, lò yo rive nan tèt pouvwa a, se jwisans pa yo tou sèl yo wè. Lè yo te « jèn », yo te konn ap pale de « Pèp », men lè yo rive « bò tab la » ak Biggio, Brandt, Mevz, Novella… YO TRAYI !

An reyalite, an final, sa yo te vin regle vre, SE AKIMILASYON PA YO NAN LETA A. Se sa k fè, an bon jan makout modèn, y ap fè tou sa ki nesesè pou rete nan pouvwa a pou kapab reyalize SA e, nan fè sa, YO PA GEN PWOBLàˆM VRE NI AK ANSYEN MAKOUT NI AK BOUJWA! Okontrè, y a kraze ouvriye, peyizan, travayè, pwogresis, y a kraze nou tout sou teren a pou defann nouvo alye yo, sila k ap pèmèt yo « reyalize tèt yo » ! Se yon verite istorik. Ki pwouve nan yon pakèt ka, kote sa ki pase Gwasimal la, se sèlman youn ladan yo.

Men, anfas yo, devan ENKAPASITE ak GAGà’T akimilasyon de grenn gòch sila a vin mennen (dwòg, kontrebann, vòl, rakèt tout kalite… pandan, globalman, anpil moun nan rèv te fin kwè peryòd sa a te fin pase), kidonk anfas yo, nan zafè pouvwa a, anba labannyè « Lopozisyon », nou vin jwenn pi gwo ansyen makout yo. Yo menm, yo fin sanble lajan pa yo - kidonk fin akimile - e fin tounen boujwa. Moman pa yo mande pou yo ta envèsti ansanm ak ansyen boujwa yo. Yo tout ansanm yo viv moman akimilasyon Lavalas la vin « anplis ». Menm si yo konnen trè byen moman akimilasyon pa yo a se te menm gagòt la, jounen jodi, menm pwosesis sa a vin bloke yo, li pa pèmèt yo reyalize lesplwatasyon yo a kòrèkteman, « syantifikman », nan sa yo rele « modènite » yo a, kidonk : y ap pwoteste.

Pandan Aristid toujou vle rete nan ansyen fòm blòf klas dominan yo ki se bay manti, fè pwomès, bay pawòl van sou pawòl van, sèktè klas dominan ki rele tèt li « Lopozisyon » a, piplis panche sou yon nouvo fòm leta “demokratik†, kote leta a dwe fonksyone pi « drèt » (sa yo rele « leta de dwa » a), dekwa pou pèmèt envèstisman yo reyalize nan yon anbyans, yon « klima », yon « lòd » kapitalis « kòrèk ».

Eleksyon yo

Menm si, jounen jodi, yo pa dakò sou jan sa yo rele « eleksyon demokratik » la ta dwe reyalize (poutèt diferans aktyèl yo menm, sa nou te rele diferan ‘moman’ yo), Lavalas ak Lopozisyon antann yo sou yon pwen: se « eleksyon » ki se demokrasi a menm. Dapre yo tou 2, dayè, depi gen eleksyon « lib e onèt » nan yon peyi, demokrasi tabli. Eleksyon chak 4 an, chak 5 an, se pi enpòtan, pou nou pa di sèl, paramèt pou demokrasi !

Nan tande pale de eleksyon nan peyi Etazini, nou menm, k ap gade, nou konnen ki kalite rakèt ak blòf ki mache ak fòm sila a boujwa yo vle fè parèt kòm « fondamantal e egzijib nan yon sosyete ‘sivilize’ » ! Men, pi rèd, nou menm nan KLAS OUVRIYàˆ a, nan BATAY nou nan lemonn antye, nou fin tire leson e wè, vreman vre, Pati Politik boujwa yo la pou DIVIZE Mas Pèp la, BLAYI KORIPSYON nan mitan nou, fè nou tout AL KOURI DàˆYàˆ DJà’B (se sa k fè chak grenn nèg ta renmen se « Pati » kote li « enskri » a ki rive opouvwa) e, konsa, lè n a va fin mete reprezantan yo a sou pouvwa, y a toujou kapab di se nou ki te mete l la. Kidonk, san nou pa konprann anyen, oswa nan tonbe nan yon opòtinis ra pye tè : SE NOU KI VA BA YO LEJITIMITE YO BEZWEN A POU ESPLWATE NOU, KONTINYE KRAZE NOU E DOMINEN NOU PI BYEN !

Kidonk, finalman, yo rive jwe nan tèt nou tout nan Kan Pèp la e DETOUNEN ouvriye, travayè tout kalite, mas popilè yo an jeneral, de vre objèktif nou ki se : BATAY POU RACHE DWA NOU E, NAN MOUVMAN KONBA SA A MENM, KAPAB à’GANIZE NOU POU RIVE JWI TOUT FWI TRAVAY NOU, Kà’RàˆKTEMAN, JAN LAVI A MANDE L LA.

Nan moman an, jan tout moun kapab wè, Lavalas ak Lopozisyon pa gen menm vizyon sou kouman pou zafè REPREZANTAN ESPLWATàˆ YO alatèt leta a regle. Se sa k fè dominasyon klas yo a AN KRIZ. E kriz « reprezantativite » a, rantre nan, fè pati de, estriktire menm kriz jeneral, politik ak ekonomik klas dominan yo genyen nan peyi a jounen jodi.

Ale Vini yo ak Enpeyalis yo

Vreman vre, jan nou kapab wè aklè, nan aspè sa a, klas dominan yo an kriz tou louvè. E, nan sa, tankou nan tout kriz ki tou louvè, tout moun parèt aklè. Se sa k fè, sou kote diskou nasyonalis tou le 2 pati sila yo, se toujou a Enpeyalis la yo fè referans (ONU, OEA, peyi ‘zanmi’), se anba lòd Enpeyalis yo y ap fonksyone. Sou pretèks se peyi enpeyalis yo « ki gen demokrasi – ak lajan ! – lakay yo », se anba zòd yo, règleman yo, ‘rezolisyon’ yo, … kontwòl yo, yo tou 2 fonksyone.

Lè Enpeyalis la piplis apiye sou « Lopozisyon » (paske gwoup sila a, ak tout fonksyonè « syantifik » li yo, ta vle reprezante garanti pou de mekanis pi « modèn » e pi mye òganize pou yon esplwatasyon kapitalis an vigè e an rigè), Lavalas rele. Li vin tounen piplis ouvriye pase pwòp ouvriye, pandan l ap chache tou fè bliye jan li te toujou kraze zo ouvriye, maspinen travayè e ap toujou kraze zo e maspinen Pèp Ayisyen, chak fwa enterè Kapital la prezante l tout bon, jan sa demontre nan tout kalite konfli ki egziste jounen jodi, e ki pa de blòf, ni de pawòl van.

Sou yon lòt bò, Enpeyalis la apiye anpil tou sou Lavalas paske se gwoup sa a ki, jounen jodi, non sèlman gen piplis kapasite pou represyon sou mas yo, non sèlman se li menm ki, gras a pratik blòf pèmanan li, pis kapab detounen mas yo, men tou se paske li toujou bay tou sa Enpeyalis la yo mande, pi patikilyèman : bak sou tout aki lit sosyal demokratik yo [dwa pou mete sou pye òganizasyon - sitou nan ka travayè yo -, dwa pou manifeste-revandike, dwa pou pale, pwoteste…] ; kontwòl teritwa a [sou lanmè, nan lè, sou fwontyè, ki mache ak dwa pou fòs lame pa yo rantre nan peyi a, « entèvni », lè lide yo di yo]; zòn franch [ki di lesplwatasyon san limit travayè yo, etap kapital pou dominasyon neo-kolonyal la] ; devalyasyon total goud la [dekwa pou pwodiksyon nasyonal la fin tonbe nèt e, sitou, pou salè reyèl ouvriye yo vin lepli ba posib e menm rive a yon « salè flotan » - pwen ki te deja nan ‘Liv Blan’ Lavalas te mete deyò an franse a - ]. Kidonk, lè, devan avantaj bab e moustach sa yo, Enpeyalis la, se sou Lavalas la li wè natirèlman pou l apiye, lè sa a, se Lopozisyon ki rele !

Men, toujou, yo tou 2, se plan Enpeyalis yo yo deside y ap egzekite, se lajan yo y ap mande charite, se swiv y ap swiv lèzòd yo pye pou pye. Pi pwofondeman: yo tou 2, SE LESPLWATASYON AK DOMINASYON ENPEYALIS LA Y AP GARANTI AN PREMYE LYE! Se sa k fè, dayè, Lopozisyon an PA JANM DI YON MO SOU KESYON Zà’N FRANCH LA, kote se sou tout longè fwontyè a lame dominiken a pral layite kò l, SOU TERITWA AYISYEN A, pou pwoteje enterè miltinasyonal kapitalis yo, nan de kan konsantrasyon kote travayè yo pap gen pyès dwa òganize, ankò mwens revandike, kote pyès Ayisyen pap gen dwa pou foure bouch, ale wè pou deside. E se pa lwa swadizan Palman pèpè a vote a, k ap manke anpeche dominasyon total y ap chache a fèt nan zòn franch sila yo, jan sa pwouve klèman nan tout peyi Amerik Latin.

Yo Pa Gen Solisyon

Malgre tout basès yo devan Enpeyalis yo, malgre tout apèl yo pou lapè oswa la rekonsilyasyon, tout apèl yo pou linyon – san lit de klas ! -, tout fo diyite yo ak nasyonalis grenn mango y ap klewonnen, malgre tout 1804 ak tout zansèt y ap konvoke pou 2004 ka bèl : YO PA GEN SOLISYON !

Lavalas pa gen solisyon paske dirijan l yo deplizanpli enkapab, deplizanpli paseyis, deplizanpli akayik, pandan baz sosyal li deplizanpli enstab, deplizanpli redyi : an gwo, moman popilis lavalas la fin demaske, fin demistifye !

Pati politik Lopozisyon yo pa gen solisyon poutèt opòtinism kronik yo, alyans retwograd e kriminèl yo, bagay ki ba yo yon flou politik konstan (fò n pa bliye, se nan kad « Lopozisyon » a, ansyen nèg lame yo te pran lari ak drapo Divalye a an tèt, san pyès nan lòt « lidè » yo pa t denonse sa, ankò mwens mande separe de gwoup sa a).

Boujwazi a, klas ki ta sanse PRAN larelèv ejemonik sosyete akayik XIXe syèk ayisyen a, nonplis pa gen solisyon : globalman, li fin transfòme l an yon « soutretan », yon tchoul Enpeyalis la, bagay ki rann li totalman depandan, li menm tou : yon valtay, yon dechè sosyal.

Yo pa gen solisyon ! Paske pwojè sosyal jeneral klas dominan yo pa kenbe kont, pa ka kenbe kont, de ENTERàˆ TRAVAYàˆ YO, ENTERàˆ MAS PàˆP LA, ENTERàˆ PEYI A. Vreman vre, nan kad feblès yo, depandan yo vin depandan totalman de Enpeyalis la konkrètman, ekonomikman, politikman e ideyolojikman (malgre pawòl van nasyonalis yo tou 2), yo PA KA reprezante yon minimòm lavni pou sosyete a globalman, ni sitou yon garanti pou amelyorasyon lavi nou menm travayè, nou menm mas popilè yo tout bon vre. Tout alemye yo TA kalkile onon nou, alaverite, se yon blòf pou pi mye lolo nou nan moman an e, konsa, pi mye garanti a pi lon tèm pwofi anraje yo sòti pou reyalize sou do nou !

Vreman vre, si lopital pap fonksyone, se pa pou yo sa, si lekòl ak inivèsite pa mache, se pa pou yo sa, si ata yon minimòm lwazi pa egziste nan peyi isit, se pa pou yo sa… : lopital pa yo, lekòl ak inivèsite pitit yo, ata sinema yo, se Miyami yo tout ye ! Wout pa yo asire : se yo sèl ki se leta, kouran otonòm yo asire : lesplwatasyon fasil y ap egzekite san limit e ak total enpinite a pèmèt yo sa.

Men, pi rèd, lè pwodyi agrikòl tout kalite sot Sen Domeng fin anvayi peyi a (bannann Sen Domeng fin anvayi ata Lakayè !), se pa grandon yo ki gen solisyon (sistèm dimwatye yo a pa reprezante pyès avantaj, sosyal kou teknik), se travayè yo nan lit yo nan moman an pou 3 lo a (youn pou travayè tè a, youn pou ‘pwopriyetè’ a, youn pou divès depans ki pou fèt la yo, semans, angrè…), kidonk, nan lit ponktyèl moman sa a mande, se sèl travayè yo ki egzije konkrètman, sou teren a, de nouvo rapò nan pwodiksyon a, yon nouvo kontra sosyal konkrè, ki lese antrevwa yon posib amelyorasyon kondisyon travay yo, kidonk yon posib amelyorasyon pwodiksyon a an li menm.

Klas dominan yo pa gen solisyon, ankò, paske pwojè boujwa a, a tout fo ‘nouvo kontra sosyal’ y ap klewonnen a, nan lefèt menm klas sila a baze sou soutretans la prensipalman (enkli jouk zòn franch), pa gen reyèl bezwen amelyorasyon kapasite pou achte mas yo (pouvwa d acha) : machandiz izin y ap dirije yo fè a, se pou lavant lòt bò dlo ! Ni nonplis, yo pa enterese globalman a amelyorasyon - revitalizasyon – jeneralizasyon pwodiksyon nasyonal la : yo pa gen okenn moman nan pwodiksyon yo (matyè premyè, kou machin…) ki chouke isit. Kidonk yon reyèl pwogrè jeneral pa ditou fè pati lojik yo a konkrètman. Nan kad prensipal aspè sa a, kounye a, menm boujwa ki ta vle devlope yon pwodiksyon lokal, pa ka soti nan lojik global kapitalis la ki mande yon to pwofi mwayen jeneral, kidonk : salè y ap pwopoze (e chache pa tout mwayen enpoze) a ouvriye yo pap ka twò diferan nonplis a sila nan soutretans la.

Yo pa gen solisyon PASKE SE ENTERàˆ TRAVAYàˆ YO SàˆL KI KA SOTI PEYI SA A NAN TWOU KOTE PWà’P KLAS DOMINAN YO, YOUN DàˆYàˆ Là’T, FIN FOURE NOU TOUT!

Men, YO PA GEN SOLISYON, sitou, SITOU, paske NOU PAP DAKà’ ! Nou pap JANM dakò, NOU PAP JANM KA DAKà’ ak sistèm lesplwatasyon, sistèm dominasyon yo tout vle foure nan gagann nou, kote se nan kad yon « mendèv a pi bon mache », yon lamizè jeneralize, yon peyi kraze, yo deside kalkile de miyèt pou nou ! Miyèt anba tab ! Lè yo vle nou jwenn yo, si yo vle nou jwenn yo ! Tankou chen ! Pandan se yo sèl k ap paweze, nan yon peyi !, kote nou menm, TRAVAYàˆ !, nou menm ki konnen SE NOU KI Pà’TE PEYI A SOU DO NOU !, n ap swe SAN pou ba yo pwofi maksimòm san limit yo ta vle a!

à’ganizasyon ak Lit Otonòm Nou

Kidonk, devan latwoublay tout LàˆNMI menm kan sa a yo vle foure nan gagann nou, yon sèl modòd : à’GANIZASYON PA NOU, SILA KI RELE NOU CHàˆMàˆT CHàˆ-METRàˆS, ANBA LABANNYàˆ ENTERàˆ PA NOU, TOU SàˆL !

NAN YON OTONOMI TOTAL PA RAPà’ A REPREZANTAN KLAS DOMINAN YO, MOBILIZASYON PA NOU! LIT PA NOU! NOU MENM OUVRIYE, TRAVAYàˆ TOUT KALITE, CHOMàˆ, PWOGRESIS KONSEKAN : KAN PàˆP LA ! KAN PàˆP LA TOUT BON ! KAN PàˆP NOU A ! TOUT BON, TOUTAN, TOU SàˆL ! OTOU E SOU BAZ KONKRàˆ TOUT REVANDIKA-SYON IMEDYA PA NOU, NAN KAD LIY NOU E ENTERàˆ NOU A LON TàˆM ! TOU SàˆL!-

Revandikasyon Nou yo: Lavi Nou!

Vreman vre, si nesesite lavi a pòte devan nou toujou egziste, jounen jodi, degradasyon jeneral ki blayi nan peyi a e gravite sitiyasyon sa a pòte pou nou, pou nou sitou, enposibilite total kapital ki chak jou parèt sou nou, vin fè li vin jwe wòl yon konjonkti an swa: chomaj jeneral e, pou moun k ap “travay†yo, touche jodi, se al nan plann demen (si rete pou sa). Egal : LAVI NOU TOUT VIN BLOKE NàˆTALKOLE.

Lesplwatasyon ap ogmante san rete, ansanm ak dominasyon sou nou. Pandan klas dominan yo ap goumen pou konsolide pouvwa yo, malgre difikilte yo genyen. Leta pa gen pyès sèvis li ka bay, pyès sèvis li soti pou bay, ni pou dlo, ni pou twalèt, ni pou kay, ni pou laswenyay, ni pou ledikasyon, ni pou lamanjay, pandan l ap derefize reskonsabilite l nètalkole, prensipalman nan lage tout sèvis piblik nan men boujwa: privatizasyon an, e ke l ap vann teritwa a mòso pa mòso nan tabli zòn franch sou tout longè fwontyè a, anba reskonsabilite kapitalis dominiken, nan avantaj konpayi miltinasyonal.

Pou leta sa a kapab reyalize travay sa a pi byen, represyon, laterè ak ensekirite, se modòd li. Nou gen egzanp Gwasimal, men tou Lakayè kote chimè lavalas yo chache kraze yon manifestasyon travayè ki t ap revandike; nan Nòdwès, kote, pou anpeche ti peyizan òganize e defann dwa yo, otorite lavalas yo fè menas lanmò san rete, pèsekite diferan manm sendika oswa asosiyasyon ti plantè e menm rive boule kay sèten nan manm pi enfliyan yo. Nan Vodrèy, Okap, se Cimo, anba zòd delege depatmantal la k ap boule rekòt ti peyizan k ap revandike tè y ap travay la. Ba Latibonit, Lagonav, Kabarè, Savanèt... ... ... : toujou menm pratik laterè a, toujou menm represyon an, toujou nan defans grandon, boujwa. Ata konpayi miltinasyonal jwenn avantaj bab e moustach atravè gouvènman sa a k ap kraze san rete rezistans ti peyizan, travayè, ouvriye. Ata ‘Sendika Ti Pèsonèl Soutyen Lopital Jistinyen’, nan Okap, ki jis ap mande pou lopital piblik la mache byen nan benefis mas pèp la, reprime ouvètman. Jounen jodi, nan Pòtoprens, pyès sendika k ap chache rache dwa ouvriye tout bon pa ka egziste.

Jounalis yo, an jeneral, pa kòmante sou kesyon sila yo. Osnon, pa lontan. Men, nou menm, nou konnen se tout revandikasyon sila yo ki se toulejou nou, ki se lavi nou, lavi nou ki an je. An menm tan tou, enkapasite pou li bay sèvis la rann leta sila a ankò pi louvè a kritik pèmanan kapitalis yo ap fè devan enkapasite l pou rezoud pwoblèm kondisyon teknik pou lesplwatasyon yo a kapab pran chè tout bon. Sa, se yon lòt refleksyon anplis pou wè kouman solisyon klas dominan yo ap chache a difisil pou yo e plen kontradiksyon, asavwa: eleman ki piplis toujou kapab blofe mas yo e pwouve se yo tou ki, jounen jodi, pis kapab reskonsab represyon an nan tout sans li, pa kapab, an menm tan, prensipalman akòz enkapasite yo e koripsyon yo, kreye kondisyon vre pou lesplwatasyon kapitalis yo rive blayi tout bon.

Se konsa, pandan sitiyasyon a vin ap degrade jou an jou, kote tout bezwen ak nesesite nou yo vin ap depase limit san pyès reskonsab leta pa janm fè anyen vre pou satisfè nou, yon kout tonè pete nan peyi a an jeneral, lò tout revandikasyon nou yo vin twouve yon kòz ankò pi grav pou yo monte tèt nèg: se ogmantasyon pri gaz la!

Pri Gaz La!

Ogmantasyon pri gaz la vin tonbe yon moman kote menm san li lavi nou te deja vin twò difisil. Vreman vre, akòz dominasyon ak ekzaksyon grandon mete ak reskonsab leta nan kanpay yo, ti peyizan travayè, ouvriye agrikòl, e menm, nan yon sèten mezi, peyizan mwayen, vin pa ka twouve lavi la; lavil menm, absans yon politik kòrèk pou òganize travay mete ak lesplwatasyon san limit boujwa yo ap ekzekite sou ouvriye ak travayè tout kalite, nou te deja twouve emigrasyon vè lòt sant kapitalis yo ki te deja vin ap ogmante: Sen Domeng, Bahamas, Miyami... te rekòmanse vin ap fè fas a kesyon emigre ayisyen yo. Se nan kad difikilte deja wo anpil sila a, brid sou kou, nou vin tande gouvènman an ogmante pri gaz la disèt wotè.

La pou la, poutèt yon ministè komès ki pi mal pase yon paswa devan desizyon gwo boujwa, pri transpò ansanm ak pri tout machandiz vin monte tèt nèg. Nou pa bezwen mande sa sa vle di pou nou menm! Ni nou pa bezwen mansyone la a difikilte anplis, difikilte definitif ogmantasyon jeneral sila a vin pòte pou nou. Paske, nou menm nan mas popilè yo, se sou nou tout ogmantasyon toujou ateri e tout kriz, se nou li piplis afekte.

Boujwa yo, pa lentèmedyè Anadip (asosiyasyon moun k ap vann gaz la) rele. Men se te sèlman paske leta pa t ba yo ase, dapre yo, nan pousantaj nouvo gato a. Vreman vre, yo annik lonje yon diplis pou yo (yon goud sou chak galon yo vann), la pou la yo fèmen bouch yo. Rèl pa nou a, li menm, sila ki soti pi fon an, jan tout moun kapab wè l aklè, leta pa okipe sa kou chen! Pi rèd, nan separasyon lajan an ak boujwa : li monte pri gazlaankò !

Salè

Premye leson pou nou tire nan kesyon SALàˆ k ap pale jounen jodi a, se, presizeman : enpòtans pwen an. Vreman vre, sa montre nou kouman se li ki se manman kesyon an ! Se li ki se manman kesyon an ! Nan yon bilten nou te fè parèt nan ane 1998 sou kesyon sa a, nou te note :

« Pou nou menm ouvriye, ansanm ak sèten travayè, youn nan kesyon ki gen yon gwo enpòtans nan lavi nou se SALàˆ nou. Li kon-sène kòb nou touche lè nou fin travay la. Vreman vre, sa gen yon kokennchenn enpòtans pou nou paske se ak kòb sa a n a pral kapab peye tout lòt machandiz nou bezwen pou viv, kit se lwil, sèl, sik oswa chabon pou fè manje, kit se manje a menm, tankou diri, pwa, viv elatriye... men tou, kit se lwaye kay, kit se me-di-kaman, le-kòl ti moun oswa menm sèvis doktè, oswa transpò... Anfen, anfen, pa gen bagay ki pa tounen machandiz nan epòk sila n ap viv la, sitou lavil. Kidonk, se salè nou ki ba nou lavi. E, pou sila ki pa gen lòt kote pou yo jwenn yon ti lajan, se salè a TOU SàˆL ki ba nou lavi, nou menm ansanm ak tout kò fanmi nou.

Sa vo pou ouvriye k ap travay nan izin, nan faktori, nan latè, men tou nan nenpòt ki atelye mekanik, ebenis, soudi, ela-triye... Sa vo tou pou ouvriye ki nan konstriksyon, mason, fera-yè, manèv... Pou tout travayè ki resevwa yon SALàˆ.

Ak kòb salè sa a, nou pral achte lòt machandiz nou bezwen pou nou viv. Men, ki kote n ap achte yo, nan men kiyès n ap twouve sa nou bezwen yo? Gen 2 kote. Pati nan salè nou ap tounen nan men gran komèsan boujwa, ak nan men Leta, ki li menm gen yon pakèt taks l ap pran sou nou, san li pa janm fè ANYEN ak yo, sètadi taks makout oswa, kounye a, gran manjè, ap Và’Là’ nan men nou ! Egal: youn nan premye kote salè nou ap tounen, se NAN MEN YO ! Lòt pati a, se nan men lòt travayè, kanmarad an nou, sa ki fè chèz, rad, sa ki vann manje, sigarèt, elatriye... ki, yo menm, pral redistribye lajan sa a bay yon pakèt lòt… Kidonk,salè nou menm ouvriye GEN YON ENPà’TANS NAN LAVI TOUT PàˆP LA NàˆT TOU, ETAN KE SE LA L AP REDISTRIBYE POU BON KOU.»

Jounen jodi, atitid leta vin genyen dirèkteman lè kesyon lavichè a e, pi resaman, pri gaz la vin mete l fas a fas ak tout Pèp la, montre nou aklè LOJIK SALàˆ nou pale de li a ! Vreman vre, lè leta vin fas a fas ak tout mas popilè yo nan zafè ekonomi, SE SOU KESYON SALàˆ A LI VANSE! Paske, jisteman, li konnen trè byen se la nou tout nan Pèp la nou twouve PREMYE SOUS LAJAN AN. Kidonk, san li pa di l, li demontre klèman enpòtans fondamantal klas ouvriyè a nan yon sistèm dominasyon.

Nan boujwazi a, rapidman, nou vin rejwenn 2 atitid : premye a soti nan fraksyon ki vann pwodyi li fè, oswa achte yo, isit. Li menm, li oblije bay yon sèten enpòtans a kapasite mas yo genyen pou yo kapab achte pwodyi sila yo (sa yo rele ‘kapasite pou achte’ – pouvoir d’achat, an franse -). Kidonk, li sanse ap ‘kalkile’ sa li ta pwopoze (admèt !) kòm nouvo salè minimòm. Lòt pati nan boujwazi a, se pa isit pwodyi li fè yo vann, se pou voye lòt bò dlo, pou lespòtasyon : an gwo, se sila ki nan soutretans la, sila k ap pare kò l pou, si posib, li entegre zòn franch la yo. Li menm, li pa gen anyen pou wè ak ‘kapasite pou achte’ mas popilè. Pou li menm, yon nouvo salè minimòm pi wo, se senpleman yon pèt, yon mouvman yo menm rele ‘suicidaire’, ki di : ki kondane, ki san lespwa, kote se touye n ap touye tèt ‘nou’ !

Pou kore sa y ap avanse, prensipal agiman yo prezante a, se : « si salè a ogmante, kòm fòs travay la se yon machandiz tankou tout lòt, pri tout lòt machandiz pral ogmante tou, ki di : enflasyon san rete. » Malonètman e sadikman, yo chwazi fèmen je sou lefèt se, jisteman, PASKE PRI TOUT Là’T MACHANDIZ DEJA OGMANTE KE PRI Fà’S TRAVAY LA, SALàˆ A, DWE OGMANTE TOU!

Devan yon sitiyasyon konsa, an reyalite, se DEVWA Ministè Kòmès pou li ANPECHE pri tout lòt machandiz ogmante apati ajisteman salè a. Nan fikse yo, regilarize yo, KONTWOLE yo. Se devwa l e se KAPASITE l. Depi li pa fè sa, se jisteman yon prèv kouman leta mele ak boujwa, se tann yo t ap tann swadizan ajisteman salè a pou kontinye gonfle benefis yo nan enflasyon a pi rèd, toujou SOU DO MAS POPILàˆ YO, toujou NAN SAN TRAVAYàˆ YO !

Paske, nan jwèt sila a, fòk nou klè tou : sa yo rele « ogmantasyon » a se, an reyalite, yon senp ajisteman. Ann gade :

Gen 2 jan pou refleksyon kòrèk la fèt sou kesyon ‘salè, ajisteman - oswa ogmantasyon’ a : premye a se nan konpare ak yon lajan relativman fiks sou mache entènasyonal la, egzanp : dola a. La, si nou kalkile lè salè minimòm la te vin15 goud (egal : an 1984, kote li te soti 13.20 goud rive 15 goud), lè a, 5 goud te vo yon dola. Kidonk salè minimòm 15 goud la, an dola, te egal 3 dola. Jounen jodi, si nou ta vle pou salè minimòm la ta OMWEN sa li te ye an 1984, fòk li ta 150 goud (3 x 50) pou pi piti (‘pou pi piti’ paske, pandan n ap pale a, dola a deja vo piplis pase 50 goud la !). E, jan nou vle fè li trè klè pou tout moun : SE T AP SENPLEMAN YON AJISTEMAN SALàˆ !

Anplis, si yo ta vle kalkile yon vre ajisteman, fòk yo ta kalkile salè a pa rapò a ogmantasyon kou lavi a (‘lavichè’ a), nan monnen nasyonal la (goud la) senpleman. Si nou fè sa, n ap twouve : soti 1995 pa egzanp (ane yo fikse dènye salè minimòm 36 goud la), rive jounen jodi, ‘lavichè’ a ogmante an mwayenn 7.5 fwa (sèten pri esansyèl ogmante 5 fwa – transpò - dòt rive 10 fwa – medikaman, gode diri… -). Ki di, si se pri ‘tout lòt machandiz’ n ap swiv, jounen jodi, SALàˆ MINIMà’M LA DWE 270 GOUD (36 x 7.5 ) !!! E kalkil sa a dwe toujou fèt nan kontwole pri ‘tout lòt machandiz yo’.

Tout refleksyon sila yo ap fèt, san menm konsidere ke, depi ane 70 yo kote premye izin soutretans yo te tabli, fòs travay klas ouvriyè a vin trè espesyalize nan sa l ap fè a : yon KALITE ki, si, kòmsa ta dwa, li ta rantre an konsiderasyon, ta mande, lè a, pou salè a ta OGMANTE TOUT BON KOULYE A !

Nan menm ansanm konsiderasyon sila yo, fòk nou kalkile tou BEZWEN ouvriye yo ogmante tou. Ki fè, ant ane 70 yo e kounye a, ouvriye yo, an jeneral, gen bezwen pou piplis machandiz: tou dabò, akòz dinamism “mache†a li menm kreye (vantilatè, chèz plastik... - menm si se an pèpè nouvo machandiz sila yo rive -) ki fè bezwen sosyal mas yo (e klas ouvriyè a tou) vin ogmante; answit akòz NESESITE lavi di a vin tabli sou nou (kalite savon nou blije ap sèvi avèk li, an patikilye, akòz tout kalite enfeksyon degradasyon milye lavil yo pòte, sitou nan katye popilè yo, pa egzanp).

Tout konsiderasyon sila yo DWE RANTRE NAN YON KALKIL Kà’RàˆK POU YON NOUVO SALàˆ MINIMà’M. Si nou serye tout bon sou kesyon a, se la nou wè ata 300 goud la pa sifi. E se la nou wè salè mizè 70 goud gouvènman an ap pale a (swadizan onon ouvriye !) se yon veritab krim! Pale anpil la, li, se yon veritab blòf! Yon reyèl manti, pou chache dòmi sou klas ouvriyè a, men tou, sou nou tout ki gen pou tounen OUVRIYE ( nan lojik ‘envèstisman’ y ap prepare a ), e menm anvan sa, pou kontinye dòmi sou tout Pèp la, paske, jan nou fin konprann trè byen, SALàˆ OUVRIYE KONSàˆNE TOUT PàˆP LA !

An menm tan tou, 100 goud ‘sendikalis santral pouri’ yo pwopoze a (ke, dayè, yo mete « pou rantre nan negosiyasyon », swivan pwòp mo pa yo, kidonk ke yo te tou konnen yo t ap asepte mwens !): SE YON TOTAL TRAYIZON DE VRE ENTERàˆ KLAS OUVRIYàˆ A, ansanm ak reyèl enterè mas popilè yo tou. Men, la ankò, atitid fonksyonè santral pouri sila yo pa etone nou: se pa jodi y ap vann lit ouvriye, tankou grenn diri yo rekòlte nan biwo yo ! Patwon yo, yo menm, te pwopoze 54 goud. Leta a ki konn ni chat ni rat, vin ak 70 goud la : zo pwason kraze nan bouyon…

Atik 137 Kòd Travay la di klèman « chak fwa kou lavi a ogmante pase 10 % (10 pou san) l an, fòk salè a ajiste » ! Se pa pa aza si atik sila a PA JANM RESPEKTE, ni pa leta, ni pa boujwa : se t ap yon mannyè pou travayè yo ta kapab swiv lavi yo ojoulejou. E, avèk yo, tout mas yo, kote salè a toujou redistribye jeneralteman.

Mete salè a 70 goud oswa nenpòt ki valè ki, anfèt, pi ba pase 270 goud, jan nou fèk wè l la, se pa kenbe kont de pri konkrè lavi a e tou fè bliye ajisteman ki te dwe fèt chak tanzantan a (chak fwa lavichè a ogmante 10 % l an !) e, konsa, travay pou KENBE OGMANTASYON LESPLWATASYON AN li menm BYEN WO! Nan mouvman sa a, y ap tou chache kontinye APOVRI MAS POPILàˆ YO TOUJOU PIPLIS! DEKWA POU, DEVAN LAMIZàˆ JENERALIZE K AP VIN TABLI DE JOU AN JOU A E VIN PI MAL DE JOU AN JOU A, PRATIKMAN TOUT CHOMàˆ TOUJOU DISPOZE AL VANN Fà’S TRAVAY YO POU PIYAY! San konte, akòz apovrisman jeneral sila a, nou vin jwenn klas ouvriyè a (e, an konsekans, tout mas popilè yo jeneralteman), PI FàˆB e ak byen mwens kapasite pou à’GANIZE L, REZISTE, DEFANN DWA LI E RACHE Dà’T, FAS A LENMI LI YO.

Egal, jan nou kapab wè trè klè, ajisteman salè klas dominan yo ap reflechi a, se yon mannyè trè klè pou chache twonpe nou menm ouvriye, travayè, ansanm ak tout mas popilè yo an jeneral, dominen nou, apovri nou, afebli nou, DEKWA POU YO TOUJOU KAPAB, E DEPLIZANPLIS, ESPLWATE NOU JOUK NAN SAN!. Salè ba a, fo ajisteman an (kidirè ogmantasyon!), se LIT KONT KLAS OUVRIYàˆ NOU A AN PATIKILYE E KAN PàˆP NOU A AN JENERAL, LAVALAS AP à’KESTRE, NAN AVANTAJ BOUJWA !

Men gen pi rèd. Paske, nan kad lit sila a, pou yon ajisteman salè ta reyèlman APIYE, fòk li ta MACHE EGZIJIBLEMAN AK RANFà’SMAN KAPASITE KLAS OUVRIYàˆ A POU REVANDIKE DWA L E RACHE Dà’T! Swa paske gen de izin kote patwon yo pa peye salè minimòm la kareman, swa paske premye bagay boujwa yo fè lò sitiyasyon sa a prezante devan yo, se ogmante tarif, mete nouvo fòm pou egzije travay la bay pis randman e fèt pi vit (modil), san pyès konsiderasyon pou lasante ouvriye e, nan kad egzijans ilegal sila yo, moun ki manke pa dakò, REVOKE ! Devan egzaksyon ilegal sa yo, sa nou toujou wè, daprezavwa lit KONKRàˆT nou menm nan BATAY OUVRIYE nou mennen toulejou : LETA TOUJOU LA POU APIYE LABOUJWAZI NAN TOUT REPRESION ANTISENDIKAL L AP MENEEN. E, anba Lavalas la: SE PI RàˆD!

Kidonk, yon ajisteman salè minimòm la, egzijibleman dwe mache ak denonse e konbat represyon antisendikal patwon yo ap fè san rete nan izin, faktori, etablisman, atelye, gwo kou piti.

An menm tan tou, pou lit konkrèt sa a ta manyen gen yon chans pou l ta bay rezilta, fòk, kòm premyèman, yo CHANJE Kà’D TRAVAY LA KARE BARE, etan done ke se zouti sa a ki, ak tout lwa retwograd, akayik e nan avantaj patwon tou sèl li yo, reskonsab tout posibilite kapitalis yo genyen pou dominen ouvriye yo jan yo vle. 2 konsiderasyon majè fè n di sa klèman: premye a se ke, fondamantalman Kòd Travay la kareman patizan nan sans, an jeneral, se ouvriye a ki pou pwouve li pa koupab pandan patwon a, li, pa gen pou pwouve ouvriye li deklare an fòt la (revokasyon, sispansyon, blam, etc...) koupab, menm lè revokasyon a klèman ilegal e abitrè. Apati sa yo rele “koyerans yon ansanm lwa†, SE YON ENFRAKSYON KRIMINàˆL! Dezyèm konsiderasyon n ap fè a se: si Kòd Travay la bay kèk sanksyon pou patwon, ou menm sèten obligasyon pou fonksyonè leta (ministè afè sosyal) fè aplike lalwa (enspeksyon, enjonksyon...), LI PA DI ANYEN POU Làˆ FONKSYONàˆ SILA YO PA SOTI POU Fàˆ TRAVAY YO. Ki di: patwon yo annik grese pat yo oswa fè yon ti presyon sou yo, yo bat ba: yo annik pa fè anyen. Vreman vre, se sa nou menm ouvriye nou wè toulejou ki jou: lawa pa janm respekte e PATWON YO Fàˆ SA YO VLE! Se sa nou rele: ENPINITE PATWON! Yon pratik, jan nou kapab wè, ki, egzijibleman, soti nan maryaj patwon ak leta. E ke SE LI KI TOUJOU FàˆT! Depi tan te tan. E anba rejim Lavalas la, ankò yon fwa : se pi rèd !

Nan yon sitiyasyon serye, yon reyèl volonte pou amelyore kondisyon ouvriye yo, travayè tout kalite e mas popilè yo an jeneral, Fà’K AJISTEMAN SALàˆ A TA MACHE AK OMWEN YON PREYOKIPASYON POU GARANTI KAPASITE KLAS OUVRIYàˆ A POU LI DEFANN SALàˆ SILA A, EGAL: GARANTI ANPLWA! EGAL: BLOKE REPRESYON ANTISENDIKAL PATWON YO.

Pou sa, tou dabò, TRANSFà’MASYON AN PWOFONDàˆ Kà’D TRAVAY LA EGZIJIB, DEKWA POU SE PA LEGALMAN PATWON YO KAPAB MASPINEN OUVRIYE JAN YO KAPAB Fàˆ L LA GRAS A Kà’D SILA A. E, sou yon lòt bò, YON PRATIK KONKRàˆT E KONSEKAN LETA, POU ANPECHE PATWON YO Fàˆ EGZAKSYON KI NAN LIDE YO, JAN YO VLE, Làˆ YO VLE, se YON NESESITE !

SALàˆ a, se lavi ouvriye e, apati redistribisyon li, se lavi tout mas yo. San yon ajisteman kòrèk, san yon garanti pou defann li e, pou sa, yon lejislasyon minmòm adekwa e yon pratik apyi soutni e kontini, tout ajisteman, menm byen kalkile, se BLà’F, tout pawòl se VAN. Ale wè pou 70 goud la ! Van ak blòf, dekwa pou lesplwatasyon an li menm OGMANTE TOUT BON VRE e, konsa tou, LAMIZàˆ JENERALIZE TOUT MAS POPILàˆ YO, POU YON DOMINASYON SAN FEN!

Konklizyon

Pratik Lavalas yo, sepandan, pa izole. Non sèlman, jan nou fèk wè trè byen, yo pa depaman fondamantalman ak sila « Lopozisyon » an men, anplis, yo pa izole nonplis istorikman. Yo fè pati yon pwosesis global kote klas dominan yo, anba zòd enpeyalis yo, piti piti – men pwofondeman - destriktire milye riral la, detwyi pwodiksyon nasyonal la ( nou ka raple nou masak kochon kreyòl yo, kraze yo kraze pwodiksyon sik la, pwodiksyon diri a, “dumping†yo fè nan enpòte etanòl, mayi, ble, pèpè ki kontribye nan detyi atizana lokal la, kòdonye, tayè..., epi, anfen, fè rantre tout kalite manje sinistre... ). Pwosesis destriksyon sila a kòmanse depi sou Janklod Divalye, li kontinye sou Nanfi, sou Bazen, sou Maniga ...

Jounen jodi, lò tout estrikti sosyete a fin kraze nèt, wòl Lavalas se non sèlman chache konsolide pouvwa klas dominan yo nan fasilite tablisman gwo biznis, gwo bank, ansanm ak privatizasyon ak monopòl sou pwodiksyon pi enpòtan yo e nan pèmèt tout kalite trafik (kontrebann, dwòg ...); non sèlman se kontinye enstale pi rèd akimilasyon nan leta, prensipalman nan koripsyon, pou yon akimilasyon elaji; non sèlman se kontinye jwe sou kapasite yo pou twonpe nou menm mas popilè yo; non sèlman se garanti enpinite patwon yo pou lesplwatasyon an ka fèt lib e libè; non sèlman, pou tou sa, kontinye ak sistèm represyon ak laterè jeneral la e pi prensipalman sou nou menm ouvriye, travayè lavil kou andeyò e sou tout kan pèp la; men se, istorikman, pwosede a finalizasyon mouvman jeneral sila a ki dwe abouti piti piti e konplètman a LAVANT Fà’S TRAVAY PàˆP AYISYEN POU YON SALàˆ MIZàˆ, NAN KAD YON LAMIZàˆ JENERALIZE! Egal, devan lane 2004 sila a, devan komemorasyon 200 zan endepandans si ekstraodinè ki te fèt la: reyèl objektif nouvo kolon sila yo, se : RETOUNEN TRAVAYàˆ AYISYEN AN ESKLAVAJ !

Tout politisyen dokale ki, youn dèyè lòt, jouk jounen jodi, pase alatèt leta a, se SA y ap regle, kit, kounye a, yo rele Lopozisyon, kit yo rele Lavalas ; kit yo te rele Divalye, KNG, Bazen, Maniga elatriye ... SE YON PWOJàˆ KONKRàˆ ! BYEN PLANIFYE, BYEN ESTRIKTIRE, ANBA Zà’D ENPEYALIS YO.

Ane 2003 a, BATAY OUVRIYE deklare l ANE MOBILIZASYON TRAVAYàˆ ! Dekwa pou nou tout nan Kan Pèp la nou soti nan konfizyon jeneral klas dominan yo tabli sou nou, pandan n ap anpeche ogmante lesplwatasyon n ap sibi a e pa kite klas dominan yo ansanm ak politisyen li yo chita sou do nou pou regle zafè yo.

Fòk travayè tout kalite rantre nan lit sa a 2 pye fèm ! Fòk tout pwogresis konsekan rantre nan lit sa a 2 pye fèm tou e konprann klèman si gen yon altènativ reyèl ki pou soti peyi a nan twou kote klas dominan yo ansanm ak tout politisyen li yo ap anfonse l la, se apati enterè travayè esplwate yo sèl li ka konstwi.

Lit nou, BATAY NOU pou RACHE TOUT DWA NOU e RIVE JWI TOUT FWI TRAVAY NOU dwe, kidonk, kenbe kont de dinamik global sa a PRENSIPALMAN e REZISTANS ki pou obligatwaman mete sou pye a, ansanm ak KONSTRIKSYON KAN PàˆP la ki pou reyalize nan sa, dwe ENSKRI NAN KAD KONPREYANSYON LOJIK GLOBAL SILA A.

BATAY LA FàˆK Kà’MANSE ! ANN RANTRE NAN LI 2 PYE FàˆM !
VIV LIT TRAVAYàˆ ESPLWATE YO !

Batay Ouvriye - Fevriye 2003

[1NDLR : Pati ki an majiskil nan dokiman an, se konsa yo ye depi nan tèks orijinal la