Haiti
Ti chèz ba

Lansman III zyèm asanble pèp karayib


Ekri jou vandredi 21 fevriye 2003

Deklarasyon

21 fevriye 2003

Nou menm ki reyini isit la, nan Pòtoprens, jodi 21 fevriye 2003 a,

Nou menm reprezantan divès sektè nan popilasyon an,

Nou menm ayisyèn, ayisyen, fanm, gason, etidyan, jèn, travayè, travayèz, peyizan, ouvriye, elèv lekòl ki reprezante la a,

Nou deklare nou lanse devan lasosyete a : III zyèm Asanble Pèp Karayib la kap fèt an Ayiti pran 20 pou rive 24 dawou 2003.

Nou vle mache sou liy Komite rejyonal Asanble Pèp Karayib yo fikse pou III zyèm Asanble sa a, ki se Konstui yon Karayib kote peyi sa yo granmoun tèt yo, kote pèp yo egal ego ak viv an pè.

Reyalize bagay saa mande pou nou wete kòd dominasyon enpeyalis la ki nan tèt nou an pou nou afime nou antan ke pèp andedan yon espas ki pa nou, yon espas Karayib ki gen karaktè pèp nou ye a.
Sa mande pou nou chache vrè idantite nou, sa vle di mak fabrik nou, sa nou ye, pou nou deklare li, pou nou defann li.

Lè nou pran bagay yo nan dimansyon saa, sa dwe mennen nou nan yon batay pou nou dekolonize tèt nou antan ke moun, antan ke sosyete karayib la. Lè saa, na tanmen detui ak eklate tout vye imaj, tout vye mit ak tout vye mès kolonizasyon an kite nan tèt nou konsènan yon rado bagay tankou : pouvwa, pozisyon sosyal, jan nou pwodui, jan nou òganize nou...

Nan sans saa, nou wè Ayiti gen yon gwo wòl pou l jwe. Sa mande pou Ayiti ak akyisyèn, ayisyen yo, ranmase karaktè yo pou yo leve byen wo flanbo libète ak dwa moun ki nan men yo depi Bwa Kayiman an, an 1791.

Chwa Komite Ekzekitif Rejyonal APK a fè pou III zyèm Asanble a fèt an Ayiti montre respè pou sa Ayiti reprezante nan zòn nan , ak yon rekonesans de misyon istorik Ayiti genyen pou chak syèk, pou chak tan, pou li pote labanyè ki dwe siyale wout pou listwa pran, chimen pou limanite swiv.

Ayiti demontre nan istwa li, li se towo pou kraze tout move sistèm mondyal ki pa konn moun, ki derefize konn moun !

Pa gen Karayib san Ayiti...

Ayiti se nanm Karayib la, e Karayib la se kò Ayiti. Fòk Ayiti mare tèt li sere pou li ka rele sou kòl l. Paske Ayiti nap gade laa jounen jodi a, restan lanmò saa, tounen yon kadav klas kap peze-souse yo ak yon ti gwoup moun ki nan klas politik la, vle antere nan yon batay san grandè, san moralite, pou pouvwa !

Nou menm ki laa jodi a, se yon moman istorik pou n resisite Ayiti Kiskeya.
Fòk nou rekanpe Ayiti !

Ane 2003 saa, se ane pou nou kòmanse fouye tout bon fondasyon lòt Ayiti nou reve a, lòt Ayiti nou vle a.

Pou pèp Endyen an, ak nan memwa zansèt yo ki te asepte tout sakrifis lè yo te pran angajman pa yo anba kout fizi ak boulèt kanno,

Pou jenerasyon kap vini yo, jodi a, isit la, ak tout nanm nou, ak tout konsyans nou,
An nou pran angajman pa nou pou nou leve Ayiti kanpe, pou nou konstui yon nasyon tout bon vre.

Nou dwe kanpe Ayiti paske :

- Pèp la pa janm sòti nan esklavaj depi 200 zan. Klas peze-souse yo, nan plas ansyen kolon blan yo, kenbe li nan esklavaj depi 1804;

- Pèp la pa janm konnen libète ak endepandans tout bon vre. Li pase youn apre lòt yon latriye fòm modèn esklavaj ak kolonizasyon ;

- Jodi a, gen yon nouvo òd mondyal ak yon plan neyoliberal yap mete kanpe laa ki deja kòmanse manje moso pa moso souverènte pèp yo.

Pèp ayisyen an dwe pare pou l fè 2003 a tankou zansèt nou yo te fè 1803.
Pou sa, fòk nou envante lòt fòm batay.

Jodi a, an 2003, nou dwe pran angajman pou nou chanje kondisyon sosyal yo an Ayiti.
Nou dwe pran angajman pou nou manifeste sa nou ye kòm pèp pou nou pote kontribisyon pa nou pou yon lòt mond tou nèf kapab djaye sou tè a.
Nou dwe reprann listwa peyi a kote li te kanpe a.

Nap pran angajman pou nou fè yon lòt Bwa Kayiman, sa vle di yon nouvo Woumble nasyonal ki koresponn ak evolisyon tan an.

Woumble saa, va yon pa solid nan mache pou nou kanpe sivilizasyon Karayib la kòm repons altènativ devan sistèm globalizasyon kapitalis la kap fin touye lavi sou tè a.

Nap kòmanse pran dizon depi nan fowòm rejyon yo ak rasanbleman nan depatman yo, ki pral bout nan gwo fowòm nasyonal mwa me 2003 a, pou nou ka parèt djanm ak yon vizyon tou nèf ki montre aklè kouman peyi a dwe mache pou l ranmase misyon istorik li.

Ayisyèn, Ayisyen,

Jodi a 21 fevriye 2003, an nou pran angajman saa, paske nou se dènye jenerasyon ayisyèn ak ayisyen ki pou viv nan kondisyon malsite ak tèt chaje saa,

Nou pran desizyon pou nou demare nan kat (4) kwen peyi a yon gwo kokenn-chenn mouvman pou fè Ayiti pati sou yon lòt pye !

Viv Ayiti ! Viv Karayib la ! Viv 2003 !
Pa gen Karayib san Ayiti. Pa gen Ayiti san Karayib.

Pou yon pèp lib nan yon peyi granmoun tèt li.

REKS TEYAT, Pòtoprens, 21 fevriye 2003