Haiti
Ti chèz ba

Kisa k kache deye pwoje "lwa sou lapres" gouvenman lavalas la ?


Ekri jou lendi 22 avril 2002

Sekretè leta kominikasyon, Mario Dupuy, fin wè mò pou li fè yon lwa pou laprès. Misye te anonse pwoje sila touswit apre gouvènman Aristide /Neptune lan te fin mete l nan pòs sa a, yon fonksyon tounèf. Men depi lè sa, li pa janm rate okazyon poul retounen sou koze sa a. Nan yon konferans 18 avril nan Sant Ayisyen Laprès, nan Pòtoprens, misye fè konnen sa k pi enpòtan, se pa lwa a li menm, men se pito pwosesis k ap mennen ladan l la. Mario Dupuy swete travay pou akouche lwa sila a ap fèt nan tèt kole ak tout aktè ki konsène yo. Jounen jodi a, travay sila ka rive fèt pi fasil akòz jefò ki deja fèt pou pwofesyon an estriktire tèt li ak divès asosyasyon ki kanpe ni bòkote jounalis yo ni bòkote patwon yo. Yon sosyete pa ka mache san lalwa, dapre sekretè leta kominikasyon an.

2 jou anvan, nan yon chita pale ak laprès ki te fèt menm kote a, Real Barnabé, ansyen jounalis radyo Kanada ki kounye a nan tèt Rezo Libète, fè konnen plis pa gen lwa sou laprès nan yon peyi plis sa bon. Real Barnabé panse, olye yon lwa otorite ap fè pou jounalis yo, se pito pwofesyon an ki pou bay tèt li yon kòd konduit epi pwòp mekanis pou tout jounalis rive respekte l. Dapre alatèt Rezo Libète a, chimen ki pou mennen nan yon kòd etik konn pran anpil tan. Real Barnabé bay ekzanp « Québec » kote jounalis pran 20 lane ap twoke lide anvan yo rive mete yo dakò sou yon gid deyontolojik ki reprezante yon bib pou tout manm pwofesyon an.

Divès jounalis ayisyen ki bay dizon yo sou koze a panse pibon lwa ki ka genyen pou laprès nan yon sosyete demokratik se lè pa genyen ditou. Se opinyon pa ekzanp jounalis ayisyen Lilianne Pierre Paul, youn nan dirijan radyo kiskeya epi prezantatè jounal katrè ki gen anpil popilarite. Dapre divès jounalis, plizyè nan rezon Mario Dupuy bay yo pou l montre nesesite yon lwa sou laprès deja jwenn repons yo nan manman lwa peyi a ak nan kòd penal ayisyen an. Nou vle pale de koze ki gen arevwa a jwenn enfòmasyon bò kote sektè piblik la, difamasyon ak respè lavi prive.

Dapre Gwoup Refleksyon Ak Aksyon Pou Libète Laprès (GRALIP), koze lwa sou laprès otorite yo ap pale a, se yon mannèv pou yo mete baboukèt nan bouch laprès. GRALIP panse li ta pi bon si sekretè leta kominikasyon an, Mario Dupuy, ta chèche bay plis limyè sou pòs tounèf sa a ki sanble tèt koupe ak zouti pwopagann ak siveye rapòte ministè enfòmasyon te reprezante nan tan anvan yo.

GRALIP mande tèt li kiyès kap kwè koze Mario Dupuy ki di li vle « responsabilize laprès ». Dapre GRALIP, yon senp koutje sou nannan enfòmasyon ak liy jeneral medya leta yo, ki anbab responsabilite Sekreteri leta kominikasyon, deja montre ki jan otorite ki sou pouvwa yo konprann sa yo rele libète laprès ak dwa pou moun jwenn enfòmasyon.

GRALIP raple otorite yo tantativ ki te konn fèt sans nan 20 dènye lane yo toujou jwenn gwo rezistans bò kote jounalis yo. Nan mwa mas 1980, diktatè Jean Claude Duvalier te blije fè bak sou koze « lwa sou laprès » li a douvan leve kanpe kèk jounalis epòk la ki te gen anpil kouraj. Jounalis yo te kouri dèyè tou dekrè sou laprès jeneral kanson fè Henry Namphy te fè sòti nan mwa jiyè 1986. Nan lane 1991, sou gouvènman Aristide-Préval, ministè enfòmasyon te blije kraze kite sa nan pwoje li te genyen poul te rekanpe dekrè 86 la.

GRALIP bat bravo poutèt li wè, jounen jodi a ankò, laprès granmoun tèt li a konprann jwèt la e rete veyatif. GRALIP fè konnen angajman’l pou batay pou kwape tout mannèv pou mete baboukèt nan bouch laprès.
GRALIP fè sekreteri leta kominikasyon sonje libète laprès ak libète ekspresyon se rezilta batay pèp ayisyen an.