Haiti
Atik

Jounen Lang Kreyòl : SAKS anonse yon seri aktivite


Ekri jou mèkredi 26 oktòb 2005

P-au-P, 26 oct. 05 [AlterPresse] --- Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) tanmen 26 oktòb 2005 lan yon latriye aktivite pou selebre 23è Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la peyi Karayib yo, Oseyan Endyen ak INESKO te adopte nan dat 28 oktòb 1982.
Pami aktivite sa yo gen yon espozisyon liv otè ayisyen ak etranje ki ekri an kreyòl. Nan liv sa yo, yo trete divès sijè nan plizyè domèn tankou lasyans, ledikasyon, literati. Nou menm jwenn liv matematik ki ekri nan lang kreyòl la tou, daprè reskonsab SAKS yo ki t ap bay yon konferans pou laprès.

Adjanoumelezo (Franck Etienne), « Dictionary of Haitian Creole Verbs » (Emmanuel Védrine), Diksyonè sinonim Lang Ayisyen (Joseph Prophète), Fas doub Lanmò (Bonel Auguste), TEKE (Maximilien Laroche), Français-Créole/Créole-Français de la traduction (Jean Pierre Arsaye), Haitian Creole Now : A comprehensive Course (Rodney Jean Louis), Langue Créole Universelle (Jean Targète), Depi nan Ginen Nèg renmen Nèg : Kreyòl ak Demokrasi nan Peyi D Ayiti (Suze Mathieu), se kèk nan liv ki espoze nan lokal SAKS la.
Anplis espozisyon sila, nou jwenn rad karabela ak lòt pwodui atizana ayisyen ki espoze tou. Nan tout mi yo, nou kapab wè mesaj ki ekri anfavè lang kreyòl la. Reskonsab SAKS yo anonse yon koudjay kiltirèl nan apremidi 28 oktòb la ak plizyè atis tankou Mirtho Casséus ak lòt entèlektyel tankou pwofesè Suze Mathieu.

Dat sa mennen tou 13è anivèsè Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal. Daprè Direktè a Joseph Georges, SAKS gen 10 lane depi l ap selebre Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la.

« Nou p ako fin jwenn sa n ap chache a ki se fè leta a pran responsablite l sou kesyon lang kreyòl la, men nou konstate depi de lane ki sot pase yo, sèten responsab leta kòmanse antre nan demach la », pou n site Joseph Georges.
Direktè SAKS la rete kwè « avni Lang kreyòl la depann de batay pèp Ayisyen an dwe mennen jounen jodi a pou defann dwa l ak devwa nan fòse leta a devlope yon politik lang pou tout pitit peyi ».

Georges denonse kanpay k ap mennen kont lang kreyòl la nan sèten bwat leta ak lòt klan nan sosyete a kote yon bay franse a plis valè pase lang manman tout pèp ayisyen an. Responsab SAKS yo pouse gwo rèl kont malè pandye ki sou tèt lang kreyòl la.
« Rèl nou jodi a, se pou n di danje ak menas ki pandye sou lang ak kilti a: nan radyo ak televizyon nou kòmanse ap fòje yon lòt lang, paske nou vle montre nou diferan ak moun nan lari ak moun nan jaden, yo menm ki tranpe nan tradisyon nou yo,ki konsève memwa, mès ak koutim nou yo », daprè enstitisyon sa.

SAKS fè konnen pa gen politik pou kore kilti nan peyi d Ayiti. « Rèl pou nou sonje kilès nou ye, pou nou di kisa nou vle ye. Rèl pou biwo etnoloji ki boule san nou pa di anyen, rèl pou patrimwà n peyi a ki anba lanmè yo vann nan lib bay biznismann san fwa ni lwa. Rèl anfen paske nou dòmi bliye, kilti nou se nou, nou se kilti nou »
Daprè Joseph Georges, nan tribinal yo, jijman yo toujou fèt nan lang franse alòske tout Ayisyen se kreyòl yo pale. Direktè SAKS la estime li ta pi bon si yo ta fè jijman yo nan lang kreyòl la, lè sa akize yo t ap rive defann tèt yo pi byen.

« Nan tan k ap vini yo fòk tribinal yo kòmanse fonksyone an kreyòl, yon peyizan dwe konnen poukisa li kondane, se pa devine pou l devine oubyen pou l bat bravo lè l konnen se li menm ki gen pwosè a poutan se kondane li kondane, se apre li pral kriye li wè se nan prizon li prale, se yon krim kont dwa li », daprè Joseph Georges.
Direktè SAKS la rapousuiv pou l di « yo pa dwe jije yon moun nan yon lang ki pa pou li, Ozetazini lè y ap jije yon moun gen yon tradiktè ki la pou asiste l, men isit yo pa fè sa ».

Bò kote pa l, yon lòt responsab SAKS, Sony Estéus fè konnen gen jefò ki fèt nan kèk ministè tankou ministè ledikasyon nasyonal ki rantre kreyòl la nan egzamen ofisyèl yo ak lòt bwat leta ki konn pibliye kominike pou laprès nan tou 2 lang yo. Men sa pa sifi pou bay kreyò la plas li merite a.

SAKS di l ap kontinye batay e travay yo pap rete sèlman nan selebre jounen 28 oktòb paske se sèl leta ki kapab retire pèp ayisyen ak tout lang kreyòl la anba dominasyon ak prejije l ap sibi depi plis pase 200 lane.
Gen lòt aktivite ki prevwa fèt pou selebre jounen lang kreyòl la. Fondation Maurice Sixto deja anonse yon gwo woumble k ap fèt nan Petyonvil jounen 28 oktòb la. Nan Karayib la, gen anpil gwoup mizik ki soti nan peyi kreyolofòn yo k ap pèfòme nan peyi Ladominik pandan wikenn lan.

Radyo Frans Entènasyonal (RFI) ap selebre 20è anivèsè seksyon kreyòl li a tou. Nan Monreyal (Kanada), gen yon ansanm aktivite ki demare depi premye oktòb pou make jou sa ki reprezante yon pakèt bagay pou tout pèp ki pale kreyòl.

Nan yon Entèvyou li te bay AlterPresse, antwopològ Suze Mathieu fè konnen « gen plis pase 13 milyon moun ki pale kreyòl. Apre Espanyòl, nan Karayib la, ki gen plis pase 30 milyon moun, se li yo plis pale».
Pwofesè Inivèsite a te fè deklarasyon sa nan okazyon vant siyati liv li a “Depi nan Ginen Nèg renmen Nèg: Kreyòl ak Demokrasi nan Peyi D Ayiti†. [ do apr 26/10/05 16:50]